Bib Sen An
Pwovèb Yo 22
Yon 1bon non pi bon pase tout richès;
e favè Bondye, pase ajan ak lò.
Rich la ak malere a mare ansanm;
se SENYÈ a ki 2 fè yo tout.
Sila ki 3reflechi, wè mal e kache kò li;
men ensanse yo antre ladann e jwenn pinisyon.
Rekonpans pou imilite avèk lakrent SENYÈ a
se richès, bon repitasyon, ak lavi. 4
Pikan ak pèlen se nan chemen a pèvès yo;
sila ki veye nanm li, va rete lwen yo. 5
Leve yon timoun nan chemen li ta dwe ale,
e lè li vin gran, li p ap kite li;
menm lè l granmoun, li p ap kite li. 6
Rich yo domine sou pòv yo,
e moun ki prete vin esklav a sila k ap bay prè a.
Sila ki 7simen inikite a va rekòlte vanite;
e baton kòlè li a va detwi.
Sila ki 8bay ak men louvri va beni;
paske li bay manje a malere. 9
Mete moun k ap moke moun yo deyò,
e diskisyon an prale tou;
wi, konfli ak dezonore moun ap sispann.
Sila ki renmen 10kè ki san tach
e ki pale ak gras, va zanmi a wa a.
Zye a SENYÈ a konsève konesans;
men Li boulvèse pawòl moun malveyan yo. 11
Parese a di: “Gen yon lyon deyò a;
m ap mouri nan lari!”
Bouch a 12fanm adiltè a se yon fòs byen fon;
sila ke SENYÈ a modi va tonbe ladann.
Foli mare nan kè a yon timoun;
baton disiplin nan va retire sa mete lwen li.
Sila ki oprime malere a pou ogmante tèt li;
ni sila k ap fè kado a rich yo, va rive nan povrete. 13
Apiye zòrèy ou pou tande pawòl a saj yo;
epi aplike ou a konesans mwen.
Paske sa va 14byen agreyab pou ou
si ou kenbe yo anndan ou, pou yo toujou prè sou lèv ou.
Pou 15konfyans ou kapab nan SENYÈ a,
mwen te enstwi ou jodi a, menm ou menm nan.
Èske mwen pa t ekri ou trant 16bèl bagay,
de konsèy ak konesans yo?
Pou fè ou 17konnen vre pawòl verite yo,
pou ou kab byen reponn sila ki te voye ou a?
Pa vòlè malere a paske li pòv,
ni 18kraze aflije nan pòtay la;
paske, SENYÈ a va 19plede ka yo
e pran lavi a sila ki vòlè yo.
Pa asosye ak yon nonm ki livre a kòlè;
oswa ale ak yon 20moun kolerik,
sinon, ou va 21aprann mès li yo
e jwenn yon pèlen pou tèt ou.
Pa konte pami sila ki 22sèvi kon garanti yo,
pami sila ki fè sekirite pou dèt yo.
Si ou pa gen mwayen pou ou kab peye,
poukisa ou ta kite l 23rale kabann nan sòti anba ou? 24
Pa deplase ansyen bòn
ke papa zansèt nou yo te mete a.
Èske ou wè yon nonm byen abil nan travay li?
Li va 25kanpe devan wa yo;
li p ap oblije kanpe devan nenpòt kalite vye moun.
Source notes (25)
- Cross-reference Pwov 10:7
- Cross-reference Job 31:15
- Cross-reference Pwov 14:16
- Cross-reference Pwov 15:19
- Cross-reference Ef 6:4
- Cross-reference Pwov 18:23
- Cross-reference Job 4:8
- Cross-reference Pwov 19:17
- Cross-reference Jen 21:9-10
- Cross-reference Sòm 24:4
- Cross-reference Pwov 26:13
- Cross-reference Pwov 21:16
- Cross-reference Pwov 5:1
- Cross-reference Pwov 2:10
- Cross-reference Pwov 3:5
- Cross-reference Pwov 8:6
- Cross-reference Luc 1:3-4
- Cross-reference Za 7:10
- Cross-reference I Sam 25:39
- Cross-reference Pwov 29:22
- Cross-reference I Kor 15:33
- Cross-reference Pwov 17:18
- Cross-reference Egz 22:26
- Cross-reference Det 19:14
- Cross-reference Jen 41:46
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.