Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Pwovèb Yo 21

Kè a wa a se tankou kanal dlo nan men SENYÈ a;

Li 1vire l kote Li vle.

Chemen a yon moun bon nan pwòp zye li;

men SENYÈ a 2peze kè yo.

SENYÈ a pito 3ladwati ak lajistis

plis pase sakrifis.

Zye ki leve wo ak kè ki plen ògèy; 4

lanp a mechan yo se peche.

Plan a 5dilijan an mennen byen si, vè avantaj;

men tout moun ki aji san reflechi va, san dout, vin pòv.

Ranmase anpil byen ak lang k ap bay manti

se yon vapè k ap sove ale, k ap kouri dèyè lanmò.

Vyolans a mechan yo va trennen yo fè yo pati,

akoz yo 6refize aji ak jistis.

Chemen a yon moun koupab 7kwochi;

men pou sila ki san tach la, kondwit li dwat.

Li pi bon pou viv nan ti kwen sou twati a

pase nan yon kay ak yon fanm k ap fè kont tout tan.

Nanm a mechan an vle mal;

vwazen li an pa twouve gras nan zye l.

Lè 8mokè a vin pini, moun san konprann nan vin saj;

men lè moun saj la enstwi, li resevwa konesans.

Lè sila ki dwat, pran an konsiderasyon kay mechan an, 9

afè mechan an vin detwi nèt.

Sila ki 10fèmen zòrèy li a kri aflije a,

va vin kriye pou kont li, men li p ap jwenn 11repons.

Yon 12kado vèse an sekrè kalme fachez,

e yon anba tab ki glise rive, bese gwo kòlè.

Aplike lajistis se yon plezi pou moun dwat;

men se yon gwo laperèz pou malfektè inikite yo.

Yon nonm egare ki kite chemen bon konprann nan,

va jwenn repo nan asanble mò yo.

Sila ki 13renmen plezi, va vin pòv;

sila ki renmen diven ak lwil, p ap janm rich.

Mechan an se yon 14ranson pou moun dwat yo;

e sila ki fè trèt la pou sila ki kanpe dyanm. 15

Li pi bon pou rete nan dezè

pase viv ak yon fanm k ap agase moun tout tan.

Gen bèl trezò ak lwil nan abitasyon a moun saj la;

men, moun san konprann nan 16vale tout.

Sila ki 17swiv ladwati ak fidelite a

jwenn lavi, ladwati ak lonè.

Yon 18nonm saj monte sou miray vil pwisan,

e fè tonbe sitadèl la ki te bay yo konfyans.

Sila ki 19veye bouch li ak lang li

pwoteje nanm li kont gwo twoub.

Ògèy, Monte Tèt Wo, Mokè;

men tit a sila ki aji nan ògèy ak ensolans yo.

Se 20volonte a parese a ki fè l mouri,

paske men li refize travay;

Gen moun tout lajounen k ap anvi yon bagay,

pandan moun dwat yo 21 ap vèse bay san rete.

Sakrifis mechan yo abominab;

se konbyen anplis, lè l pote ak movèz fwa.

Yon 22fo temwen va peri;

men sila ki koute verite a va pale ak letènite.

Moun mechan an afiche yon figi brav;

men pou 23moun ladwati a, chemen li an sèten. 24

Nanpwen sajès, ni bon konprann, ni konsèy kont SENYÈ a.

Cheval la prepare pou jou batay la;

men 25viktwa a se nan men SENYÈ a.

Source notes (25)
  1. Cross-reference Esd 6:22
  2. Cross-reference Pwov 16:2
  3. Cross-reference I Sam 15:22
  4. Cross-reference Pwov 24:20
  5. Cross-reference Pwov 10:4
  6. Cross-reference Am 5:7
  7. Cross-reference Pwov 2:15
  8. Cross-reference Pwov 19:25
  9. Cross-reference Pwov 14:11
  10. Cross-reference Mat 18:30-34
  11. Cross-reference Jc 2:13
  12. Cross-reference Pwov 18:16
  13. Cross-reference Pwov 23:21
  14. Cross-reference És 43:3
  15. Cross-reference Pwov 21:9
  16. Cross-reference Job 20:15-18
  17. Cross-reference Pwov 15:9
  18. Cross-reference II Sam 5:6-9
  19. Cross-reference Pwov 12:13
  20. Cross-reference Pwov 13:4
  21. Cross-reference Sòm 37:26
  22. Cross-reference Pwov 19:5-9
  23. Cross-reference Sòm 119:5
  24. Cross-reference Jr 9:23
  25. Cross-reference Sòm 3:8

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.