Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Pwovèb Yo 20

Diven se yon mokè, e 1bwason fò fè goumen rive nan tenten;

nenpòt moun ki vin sou pa li, pa saj.

Laperèz a wa a se tankou gwo vwa lyon k ap rele fò;

sila ki fè l fache 2va pèdi lavi l. 3

Rete lwen konfli ak rayisman, e ou va gen respè;

alò, nenpòt moun ensanse ka fè yon kont. 4

Parese a pa laboure tè nan sezon otòn;

akoz sa li mande charite pandan rekòlt la, e li p ap gen anyen.

Yon plan nan kè moun se tankou dlo fon;

men yon nonm ak bon konprann rale l fè l sòti.

Gen anpil moun ki pwomèt fidelite;

men kibò pou jwenn yon nonm onèt?

Yon nonm dwat ki mache nan entegrite l; 5

A la beni fis ki vini apre li yo beni! 6

Yon wa ki chita sou twòn lajistis

fè tout mal sove ale ak pwòp zye l. 7

Se kilès ki kapab di: “Mwen te netwaye kè m;

mwen vin pirifye de tout peche m?” 8

Balans ki pa ojis ak mezi ki pa ojis;

tou de abominab a SENYÈ a.

Menm yon timoun vin9rekonèt pa zèv li;

si li aji byen e si kondwit li dwat. 10

Zòrèy ki tande ak zye ki wè;

se SENYÈ a ki te fè tou de. 11

Pa renmen dòmi, sinon ou va vin malere;

ouvri zye ou e ou va satisfè ak manje.

“Pa bon, pa bon”, di sila k ap achte a;

men lè l fè wout li, li pale kè l kontan.

Gen lò ak tout kalite bijou;

men lèv plen konesans se pi bèl bagay.

Lè l sèvi garanti pou yon enkoni, pran manto li;

epi pou fanm andeyò a, fè papye pwosè vèbal pou sa li pwomèt la. 12

Pen konn twouve nan bay manti dous;

men pita, bouch la plen gravye.

Fè tout plan ak konsiltasyon; 13

fè lagè ak konsèy saj.

Sila ki difame moun devwale sekrè;

pou sa a, pa asosye ou ak moun ki mache bouch ouvri.

Sila ki 14modi papa li oswa manman li an,

lanp li va etenn nan tan fènwa.

Yon eritaj ranmase vit nan kòmansman a, p ap beni nan lafen. 15

Pa di: “M ap rekonpanse mechanste”;

tann SENYÈ a, e Li va sove ou. 16

Pwa ki pa ojis ak mezi ki pa ojis;

tou de abominab a SENYÈ a. 17

Pa a yon nonm regle pa SENYÈ a;

konsa, kijan yon nonm kab vin konprann chemen li?

Se yon pèlen pou yon nonm ta di avèk enpridans:

“Sa sen!” e 18aprè ve yo fèt, pou fè ankèt.

Yon wa ki saj va vannen mechan yo

e fè 19wou moulen pase anwo yo.

Lespri a lòm se lanp SENYÈ a,

ki chache pati ki pi entim nan li yo.

Fidelite ak 20verite prezève wa a,

e ladwati bay twòn li an soutyen.

Glwa a jèn yo se fòs yo,

e lonè a granmoun yo se cheve blan yo. 21

Kout fwèt ki blese fè disparèt mechanste;

li frape rive nan pati pi fon yo.

Source notes (21)
  1. Cross-reference Pwov 3:14
  2. Cross-reference Nonb 16:38
  3. Cross-reference Jen 13:7
  4. Cross-reference Pwov 13:4
  5. Cross-reference Sòm 37:26
  6. Cross-reference Pwov 20:26
  7. Cross-reference I Wa 8:46
  8. Cross-reference Pwov 11:1
  9. Cross-reference Mat 7:16
  10. Cross-reference Egz 4:11
  11. Cross-reference Pwov 6:9-10
  12. Cross-reference Pwov 9:17
  13. Cross-reference Pwov 24:6
  14. Cross-reference Egz 21:17
  15. Cross-reference Sòm 27:14
  16. Cross-reference Pwov 11:1
  17. Cross-reference Pwov 16:9
  18. Cross-reference Ekl 5:4-5
  19. Cross-reference És 28:27
  20. Cross-reference Pwov 29:14
  21. Cross-reference Sòm 89:32

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.