Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Pwovèb Yo 19

1

Pi bon se yon malere ki mache ak entegrite

pase sila ak bouch konwonpi ki ensanse a.

Anplis, li pa bon pou gen gwo kouraj, san konesans,

ni pou prese rive 2 fè fo pa.

Foli a yon nonm fè chemen l gate;

e kè li anraje kont SENYÈ a. 3

Richès fè zanmi ogmante anpil;

men malere pèdi zanmi li yo.

Yon 4fo temwen pa prale san pinisyon;

e sila ki fè manti a, p ap chape. 5

Anpil moun va chache favè a yon moun jenere ak men ouvri;

tout moun se zanmi a sila ki bay kado.

Tout frè a malere yo a rayi li;

konbyen, anplis, pou zanmi l kouri kite l. 6

L ale jwenn yo ak pawòl plede, men yo fin ale.

Sila ki twouve sajès renmen pwòp nanm li.

Sila ki kenbe ak bon konprann nan va 7 jwenn sa ki bon.

Yon 8fo temwen pa prale san pinisyon;

epi sila ki bay manti a, va peri.

Lavi alèz pa fèt pou moun ensanse;

bokou mwens pou yon 9esklav ta gen otorite sou prens yo.

Yon nonm ak bon konprann lan nan kòlè;

se glwa li 10pou bliye yon transgresyon. 11

Kòlè a wa a se tankou yon lyon k ap rele fò;

men favè li se tankou lawouze sou zèb vèt.

Se yon fis plen foli k ap detwi papa l,

e yon madanm k ap 12diskite a

se tankou dlo kap degoute san rete.

Kay ak byen se 13eritaj ki sòti nan papa;

men yon fanm pridan sòti nan SENYÈ a. 14

Parès va voye yon pwofon somèy sou moun,

e yon nonm ki pa travay, va soufri grangou.

Sila ki 15kenbe kòmandman an kenbe nanm li,

men sila ki enpridan nan kondwit va mouri.

Yon moun ki 16fè gras a yon malere prete a SENYÈ a,

e Li va bay li rekonpans pou bon zèv li a. 17

Bay fis ou a disiplin pandan gen espwa;

pa chache lanmò li.

Yon nonm ak gwo kòlè va pote pinisyon li;

paske si ou pwoteje moun nan ou va oblije fè l ankò.

Koute konsèy e aksepte disiplin pou ou

kab vin saj pou tout rès vi ou.

Plan nan kè lòm yo anpil;

men se konsèy SENYÈ a ki kanpe.

Sa ki dezirab nan yon nonm se yon kè ki dous.

Pito yon nonm ta malere pase li ta yon mantè. 18

Lakrent SENYÈ a dirije a lavi pou fè moun dòmi

ak kè satisfè, san kontamine ak mal.

Parese a fouye men l nan plato a;

men li refize rale l rive nan bouch li.

Frape yon mokè pou moun san konprann nan vin gen lespri; 19

repwòch a yon moun bon konprann,

va fè l genyen konesans.

Sila 20ki atake papa li e chase manman l ale,

se yon fis ki fè wont ak dega patou.

Sispann koute disiplin, fis mwen an

e ou va pèdi chemen konesans.

Yon temwen ki fè dezòd moke lajistis;

e bouch mechan an 21gaye inikite.

Gen desizyon jijman pou mokè yo;

ak kou pou do a moun ensanse yo.

Source notes (21)
  1. Cross-reference Pwov 28:6
  2. Cross-reference Pwov 21:5
  3. Cross-reference Pwov 14:20
  4. Cross-reference Egz 23:1
  5. Cross-reference Pwov 29:26
  6. Cross-reference Pwov 18:23
  7. Cross-reference Pwov 16:20
  8. Cross-reference Pwov 19:5
  9. Cross-reference Pwov 30:22
  10. Cross-reference Mat 5:44
  11. Cross-reference Pwov 16:14
  12. Cross-reference Pwov 21:9-19
  13. Cross-reference II Kwo 12:14
  14. Cross-reference Pwov 6:9-10
  15. Cross-reference Pwov 16:16
  16. Cross-reference Det 15:7-8
  17. Cross-reference Pwov 13:24
  18. Cross-reference Pwov 14:27
  19. Cross-reference Pwov 9:8
  20. Cross-reference Pwov 28:24
  21. Cross-reference Job 15:16

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.