Bib Sen An
Pwovèb Yo 18
Sila ki izole pwòp tèt li, chache pwòp enterè l;
bon jijman an pa anyen devan l.
Yon moun ensanse pa pran plezi nan bon konprann;
men sèlman 1nan devwale pwòp panse li.
Lè yon nonm mechan vin parèt, mepriz la vini ansanm avè l;
e avèk dezonè, wont vin parèt.
Pawòl yo ki sòti nan bouch a yon nonm se yon 2dlo byen fon;
dlo sajès se yon dlo fre k ap koule tout tan.
Panche vè yon moun mechan an pa bon,
ni pou fè jijman ki rache jistis nan men moun dwat yo.
Lèv a yon moun ensanse mennen konfli;
bouch li ap mande kou.
Bouch a 3moun san konprann nan se dega li;
e lèv li se pèlen pou nanm li.
Pawòl a sila ki chichote pawòl nan zòrèy moun nan
se tankou bonbon ki gen gou dous;
se jis nan fon kò a yo desann.
Anplis, sila ki parese nan travay li a
Non SENYÈ a se yon sitadèl byen fò;
moun ladwati a kouri ladann pou jwenn sekou.
Pou yon nonm 6rich, byen li se yon vil ki fò;
kon yon miray byen wo nan panse li. 7
Avan destriksyon, kè yon nonm plen ògèy;
men imilite ale devan onè.
Sila ki 8bay repons avan li koute a;
plen foli ak wont.
Lespri a yon nonm kapab sipòte maladi;
men nan ka lespri brize a, se kilès ki kab sipòte li? 9
Panse a sila ki gen bon konprann nan, ranmase konesans;
anplis, zòrèy a saj la chache konesans. 10
Don a yon nonm fè kont espas pou li,
e mennen li devan moun enpòtan.
Premye moun pou plede ka li a, sanble gen rezon;
jiskaske yon lòt moun vin egzamine l. 11
Tiraj osò fè konfli sispann;
l ap pran desizyon antre moun pwisan yo.
Yon frè ki blese se pi rèd pou konvenk pase yon vil fòtifye;
konfli ak li se tankou ba fè nan yon sitadèl.
Se fwi a bouch moun ki satisfè vant li; 12
l ap satisfè ak sa ke lèv li pwodwi. 13
Lanmò ak lavi nan pouvwa a lang lan;
e sila ki renmen l yo, va manje fwi li.
Sila ki jwenn yon 14madanm, jwenn yon bon bagay,
e twouve favè SENYÈ a. 15
Malere a pale: “Souple, fè m gras”;
men moun rich la reponn byen di.
Yon nonm ak anpil zanmi vin kraze nèt;
men gen 16yon kalite zanmi ki rete pi pwòch pase yon frè.
Source notes (16)
- Cross-reference Pwov 12:23
- Cross-reference Pwov 20:5
- Cross-reference Sòm 64:8
- Cross-reference Pwov 28:24
- Cross-reference Egz 3:15
- Cross-reference Pwov 10:15
- Cross-reference Pwov 11:2
- Cross-reference Pwov 20:25
- Cross-reference Pwov 15:4
- Cross-reference Jen 32:20
- Cross-reference Pwov 16:33
- Cross-reference Pwov 14:14
- Cross-reference Pwov 12:13
- Cross-reference Jen 2:18
- Cross-reference Pwov 19:7
- Cross-reference Pwov 17:17
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.