Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Pwovèb Yo 23

Lè ou chita sou tab ak yon moun ki gouvènè,

konsidere byen sa ki devan ou.

Konsa, mete yon kouto sou gòj ou

si ou se yon 1nonm ak gwo lanvi.

Pa dezire bon manje sa yo,

paske se yon repa desepsyon.

Pa fatige kò ou pou jwenn richès; 2

sispann reflechi sou sa.

Depi ou mete zye ou sou li, l ale.

Paske, anverite, 3li gen zèl kon yon èg

k ap vole vè syèl yo.

Pa manje pen a yon 4mesye ki chich,

ni anvi bèl bagay li;

paske jan li panse nan tèt li a, se konsa li ye.

Li di ou: “Manje e bwè!” Men 5kè li pa avè w.

Ou va 6vomi mòso ke ou te manje a

e gaspiye tout bèl pawòl ou yo. 7

Pa pale nan zòrèy a moun sòt,

paske l ap meprize sajès a pawòl ou yo.

Pa deplase ansyen bòn nan,

ni 8antre nan chan òfelen yo,

Paske 9Redanmtè yo a pwisan.

Li va plede ka yo kont ou.

Aplike kè ou a disiplin

ak zòrèy ou a pawòl ki pote konesans. 10

Pa ralanti disiplin sou yon timoun;

malgre ou frape li ak yon baton, li p ap mouri.

Ou va frape li ak baton

pou 11delivre nanm li de sejou mò yo.

Fis mwen an, si kè ou 12saj,

pwòp kè m va kontan tou.

Wi, jis anndan m va rejwi

lè lèv ou pale 13sa ki dwat. 14

Pa kite kè ou fè lanvi pechè yo,

men viv nan lakrent SENYÈ a tout tan.

Anverite, gen davni,

e 15espwa ou p ap anile.

Koute, fis mwen an, vin saj

pou 16dirije kè ou nan chemen an.

Pa bwè twòp diven,

ni fè 17voras nan manje vyann;

paske sila ki 18bwè twòp la ak moun voras la va vin pòv;

e dòmi nan zye a va fè l abiye ak vye twal chire. 19

Koute papa ou ki te fè ou a,

e pa meprize manman ou lè l vin granmoun. 20

Achte verite e pa vann li!

Ranmase sajès, enstriksyon ak bon konprann.

Papa a sila ki dwat la va rejwi anpil,

e 21sila ki fè yon fis ki saj la va gen kè kontan nan li.

Kite 22papa ou ak manman ou fè kè kontan;

kite fanm ki te fè ou a, rejwi.

Ban m kè ou, fis mwen an;

kite zye ou 23fè kè kontan nan chemen mwen yo.

Paske yon pwostitiye se yon fòs byen fon,

e yon 24fanm adiltè se yon ti pwi etwat.

Anverite, li 25kache veye tankou vòlè,

pou l ogmante enfidelite pami lòm.

Se kilès ki gen 26gwo pwoblèm?

Se kilès ki gen tristès?

Se kilès ki gen konfli?

Se kilès k ap plenyen?

Se kilès ki blese san rezon?

Se kilès ki gen zye wouj?

Sila ki 27mize sou diven an,

sila ki ale goute diven mele an.

Pa gade diven an lè l wouj,

lè l fè klè nan tas la,

lè l 28desann byen dous.

Nan dènye moman an, li 29mòde tankou sèpan;

li brile tankou bouch koulèv.

Zye ou va wè bagay ki dwòl,

e panse ou va 30twouble anpil.

Ou va tankou yon moun ki kouche nan mitan lanmè,

oswa tankou yon moun ki kouche sou ma batiman.

“Yo te frape m, men mwen pa t santi anyen!

Yo te bat mwen, men mwen pa t konnen sa!

Lè m leve, m ap 31chache pou m kab bwè ankò.”

Source notes (31)
  1. Cross-reference Pwov 23:20
  2. Cross-reference Pwov 3:5-7
  3. Cross-reference Pwov 27:24
  4. Cross-reference Det 15:9
  5. Cross-reference Pwov 26:24-25
  6. Cross-reference Pwov 25:16
  7. Cross-reference Mat 7:6
  8. Cross-reference Jr 22:3
  9. Cross-reference Job 19:25
  10. Cross-reference Pwov 13:24
  11. Cross-reference I Kor 5:5
  12. Cross-reference Pwov 23:24
  13. Cross-reference Pwov 8:6
  14. Cross-reference Sòm 37:1
  15. Cross-reference Sòm 9:18
  16. Cross-reference Pwov 4:23
  17. Cross-reference Det 21:20
  18. Cross-reference Pwov 21:17
  19. Cross-reference Pwov 1:8
  20. Cross-reference Pwov 4:7
  21. Cross-reference Pwov 10:1
  22. Cross-reference Pwov 27:11
  23. Cross-reference Sòm 1:2
  24. Cross-reference Pwov 5:20
  25. Cross-reference Pwov 6:26
  26. Cross-reference És 5:11-22
  27. Cross-reference I Sam 25:36
  28. Cross-reference Kan 7:9
  29. Cross-reference Job 20:16
  30. Cross-reference Pwov 2:12
  31. Cross-reference Pwov 26:11

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.