Bib Sen An
Pwovèb Yo 24
Pa fè anvi a moun mechan,
ni dezire 1pou avèk yo;
paske panse yo fòmante 2vyolans
e lèv yo pale inikite. 3
Avèk sajès, kay la bati
e avèk bon konprann, li vin etabli.
Pa konesans, chanm yon moun vin 4
ranpli avèk tout bèl kalite richès.
Yon nonm saj byen fò,
e yon nonm ak konesans ogmante pouvwa li.
Paske ak konsèy saj ou va fè lagè,
e 5ak konseye an abondans, gen viktwa.
Sajès 6twò wo pou moun ensanse a;
li pa ouvri bouch li nan pòtay la.
Yon moun ki fè plan pou fè mal,
moun va rele li magouyè.
Fòmante foli se peche,
e mokè a abominab a tout moun.
Si ou 7lach nan jou gran pwoblèm nan, fòs ou pa fò. 8
Delivre sila k ap mennen vè lanmò a,
ak sila k ap mache tonbe vè labatwa a.
O, kenbe yo!
Si ou di: “Gade, nou pa t konnen sa”;
èske Li pa 9konsidere sa, sila ki peze kè?
Epi èske Li pa konnen sa, sila kap kenbe nanm ou an?
Èske Li p ap rann a lòm selon zèv li?
Fis mwen, manje 10siwo myèl, paske li bon;
wi, siwo sòti nan nich lan dous pou goute.
Konnen ke 11sajès se konsa pou nanm ou;
si ou twouve li, va gen yon avni, e espwa ou p ap anile. 12
Pa kouche mete pyèj, o lòm mechan,
kont kote ke moun dwat la rete a.
Pa detwi kote repo li a;
paske yon 13nonm ladwati tonbe sèt fwa e leve ankò,
men se nan lè gwo malè ke mechan an tonbe. 14
Pa rejwi lè lènmi ou tonbe.
Ni pa kite kè ou kontan lè l tonbe;
Oswa, SENYÈ a va wè l,
vin pa kontan e detounen kòlè Li de li. 15
Pa twouble tèt ou pou malveyan yo,
ni fè lanvi pou mechan yo,
paske pou yon nonm mechan, 16pa gen avni.
Lanp a mechan an va etenn nèt.
Fis mwen an, 17gen lakrent SENYÈ a ak wa a;
pa asosye ak sila ki pa stab yo,
paske, 18malè yo va leve vit.
Kilès ki konnen destriksyon an k ap sòti nan yo de a.
Sila yo, anplis, se pawòl a sajès:
Fè 19 patipri nan jijman pa bon.
Sila ki di a mechan an: “Ou dwat”, 20
pèp yo va modi li e nasyon yo va rayi li;
men pou 21sila ki repwoche mechan yo,
l ap wale byen ak yo.
Bon benediksyon va tonbe sou yo.
Yon repons onèt tankou yon bo sou lèv yo.
Prepare tout travay ou a deyò;
byen prepare chan ou.
Apre, alò, bati kay ou.
Pa vin yon temwen kont vwazen ou san koz,
e 22pa bay manti ak lèv ou. 23
Pa di: “Se konsa mwen va fè l paske li te fè m konsa;
mwen va rann a nonm nan selon zèv li yo.”
Mwen te pase nan chan parese a;
akote chan rezen a nonm ki manke 24bon konprann nan.
Epi gade byen, li te plen ak raje pikan,
e kouvri ak move zèb, 25
Miray an wòch la te fin kraze nèt.
Lè m te wè, mwen te reflechi sou sa;
mwen te gade e m te resevwa enstriksyon. 26
“Yon ti dòmi, yon ti somèy,
yon ti pliye men pou repoze,”
Konsa mizè ou va vin parèt sou ou tankou yon vòlè;
ak bezwen tankou yon bandi ak zam.
Source notes (26)
- Cross-reference Sòm 1:1
- Cross-reference És 30:12
- Cross-reference Pwov 9:1
- Cross-reference Pwov 8:21
- Cross-reference Pwov 11:14
- Cross-reference Sòm 10:5
- Cross-reference Det 20:8
- Cross-reference Sòm 82:4
- Cross-reference Ekl 5:8
- Cross-reference Sòm 19:10
- Cross-reference Pwov 2:10
- Cross-reference Sòm 10:9-10
- Cross-reference Job 5:19
- Cross-reference Job 31:29
- Cross-reference Sòm 37:1
- Cross-reference Job 15:31
- Cross-reference Wo 13:1-7
- Cross-reference Pwov 24:16
- Cross-reference Pwov 18:5
- Cross-reference Pwov 11:26
- Cross-reference Pwov 28:23
- Cross-reference Lev 6:2-3
- Cross-reference Pwov 20:22
- Cross-reference Pwov 6:22
- Cross-reference És 5:5
- Cross-reference Pwov 6:10
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.