Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Pwovèb Yo 25

Sila yo se 1Pwovèb a Salomon yo ke mesye Ézéchias yo, wa Juda a te dechifre.

Se glwa Bondye pou kache yon bagay;

men se glwa a 2wa yo pou chache konprann yon bagay.

Tankou syèl la nan wotè a, ak tè a nan pwofondè a,

se konsa kè a wa a ensondab.

Retire vye kras sou ajan k ap fonn nan, e va sòti metal pi pou òfèv la.

Retire 3mechan an devan wa a,

e twòn li an va etabli nan ladwati.

Pa reklame bèl repitasyon nan prezans a wa a,

e pa kanpe nan plas a moun pwisan yo;

paske li pi bon pou yo di ou: “Vin monte isit la”,

olye pou ou ta oblije desann piba nan prezans a prens lan,

ke zye ou te wè.

Pa fè vit lantre nan tribinal 4pou diskite ka ou;

anfen, sa ou va fè lè vwazen ou fè ou desann nèt. 5

Diskite pwòp ka pa ou devan vwazen ou,

e pa devwale sekrè a yon lòt,

oswa sila ki tande ou a, va fè ou repwòch,

e move rapò sou ou menm p ap janm disparèt.

Tankou pòm an lò ki monte sou ajan,

se konsa yon 6mo byen plase nan moman li.

Tankou yon 7zanno an lò ak yon dekorasyon an lò fen

se yon repwòch saj nan zòrèy k ap koute.

Tankou fredi lanèj nan lè rekòlt,

se konsa yon 8mesaje fidèl ye a sila ki voye l yo,

paske li rafrechi nanm a mèt li yo.

Tankou 9nwaj ak van san lapli,

se konsa yon nonm ki ogmante don li yo ak manti.

Ak 10pasyans, yon chèf ka vin pèswade;

se yon lang dous ki kase zo.

Èske ou te 11jwenn siwo myèl?

Manje sèlman kont ou,

pou ou pa gen twòp pou vomi li.

Kite pye ou raman pile lakay vwazen ou,

sinon li va fatige avè w, e vin rayi ou.

Tankou gwo baton, nepe, oswa flèch file,

se konsa yon nonm ki pote 12fo temwen kont vwazen li.

Tankou yon move dan ak yon pye ki pa estab,

se konsa konfyans nan yon 13nonm enfidèl nan tan gwo twoub.

Tankou yon moun ki retire rad li nan jou fredi,

oswa tankou vinèg sou poud bikabonat,

se konsa sila ki chante chan ak kè twouble yo ye. 14

Si lènmi ou grangou, ba li manje;

epi si li swaf, ba li dlo pou l bwè;

paske, ou va anpile chabon tou limen sou tèt li,

e 15SENYÈ a va bay ou rekonpans.

Van nò pote lapli

e yon 16lang medizan, pote yon move vizaj.

Li 17pi bon pou viv nan yon kwen twati

pase nan yon kay avèk yon fanm k ap fè kont tout tan.

Tankou dlo frèt pou yon nanm fatige,

se konsa yon 18bòn nouvèl ki sòti nan yon peyi lwen.

Tankou yon 19sous ki foule anba pye ak yon pwi kontamine,

se konsa yon nonm dwat ki bay plas a mechan an.

Li pa bon pou bwè anpil siwo myèl,

ni li pa bon pou 20chache pwòp glwa pa w.

Tankou yon gran vil ki kase antre san miray,

se konsa yon nonm ki 21pa kontwole pwòp tèt li.

Source notes (21)
  1. Cross-reference Pwov 1:1
  2. Cross-reference Esd 6:1
  3. Cross-reference Pwov 20:8
  4. Cross-reference Pwov 17:14
  5. Cross-reference Mat 18:15
  6. Cross-reference Pwov 15:23
  7. Cross-reference Egz 32:2
  8. Cross-reference Pwov 13:17
  9. Cross-reference Jd 12
  10. Cross-reference Jen 32:4
  11. Cross-reference Jij 14:8
  12. Cross-reference Egz 20:16
  13. Cross-reference Job 6:15
  14. Cross-reference Egz 23:4-5
  15. Cross-reference II Sam 16:12
  16. Cross-reference Sòm 101:5
  17. Cross-reference Pwov 21:9
  18. Cross-reference Pwov 15:30
  19. Cross-reference Éz 32:2
  20. Cross-reference Pwov 27:2
  21. Cross-reference II Kwo 32:5

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.