Bib Sen An
Pwovèb Yo 26
Tankou lanèj nan sezon chalè a, tankou lapli nan sezon rekòlt,
se konsa respè 1pa merite rive sou yon moun ensanse.
Tankou yon ti zwazo k ap sove ale, tankou yon ti iwondèl nan vòl li,
se konsa yon 2madichon san koz p ap poze.
Yon fwèt se pou chwal la, yon brid pou bourik la,
ak 3baton pou do a moun ensanse a. 4
Pa reponn yon moun ensanse selon foli li,
oswa ou va vin tankou li. 5
Reponn yon moun ensanse selon foli li merite,
pou l pa vin saj nan pwòp zye li.
Li koupe pwòp pye li, e bwè vyolans,
ki voye yon mesaj pa men a moun ensanse a.
Tankou janm ki initil pou moun bwate a,
se konsa yon pwovèb nan bouch a moun ensanse.
Tankou yon moun ki mare wòch anndan fistibal
se konsa sila ki bay respè a moun ensanse a.
Tankou yon pikan ki tonbe nan men yon moun k ap bwè gwòg,
se konsa yon pwovèb nan bouch a moun ki ensanse.
Tankou moun ak banza k ap blese tout moun,
se konsa sila ki anplwaye moun ensanse a,
ak sila ki anplwaye sila k ap pase pa aza a.
Tankou 6yon chen ki retounen nan vomi li,
se konsa yon moun ensanse kap repete foli li.
Èske ou wè yon moun ki saj nan pwòp zye li? 7
Gen plis espwa pou moun fou pase li menm. 8
Parese a di: “Gen yon lyon nan lari a!
Yon lyon nan plas la!”
Tankou pòt la vire sou gon li,
se konsa 9parese a sou kabann li. 10
Parese a fouye men l nan plato a;
men l twò fatige pou fè l ankò rive nan bouch li.
Parese a 11pi saj nan pwòp zye li
pase sèt moun ki kab reponn ak bon konprann.
Tankou yon moun ki pran yon chen pa zòrèy,
se konsa sila k ap pase pa aza a,
pou l gaye nan goumen ki pa apatyen a li menm nan.
Tankou yon moun fou k ap jete 12bwa dife, flèch ak lanmò,
se konsa nonm ki tronpe vwazen li an pou di: 13
“Èske se pa blag mwen t ap fè?”
Akoz mank bwa, dife a etenn;
lè ti koze sispann, 14rayisman vin kalme.
Tankou chabon tou limen anvè sann cho, ak bwa anvè dife,
se konsa yon moun tchenpwèt 15 chofe pwoblèm pou limen konfli. 16
Pawòl a moun k ap chichote nan zòrèy moun nan,
vin tankou bèl ti mòso delika.
Yo desann rive jis nan pati pi fon kò a.
Tankou veso ki fèt ak tè ki kouvri ak yon kouch ajan,
se konsa lèv ki brile ak yon kè ki mechan.
Yon nonm malonèt, 17kache sa pou l pa parèt sou lèv li;
men nan kè l, li fè depo desepsyon.
Lè l 18pale byen dous, pa kwè l;
paske, gen sèt abominasyon nan kè l.
Malgre rayisman kouvri kò l ak riz,
mechanste li va 19devwale devan asanble a.
Sila ki 20fouye fòs la va tonbe ladann,
e sila ki woule wòch la, sou li menm l ap retounen.
Yon lang ki bay manti, rayi sila li kraze yo,
e zèv a lang flatè a se dega.
Source notes (20)
- Cross-reference Pwov 17:7
- Cross-reference Nonb 23:8
- Cross-reference Pwov 10:13
- Cross-reference Pwov 23:9
- Cross-reference Mat 16:1-4
- Cross-reference II Pi 2:22
- Cross-reference Pwov 29:20
- Cross-reference Pwov 22:13
- Cross-reference Pwov 6:9
- Cross-reference Pwov 19:24
- Cross-reference Pwov 27:11
- Cross-reference És 50:11
- Cross-reference Ef 5:4
- Cross-reference Pwov 22:10
- Cross-reference Pwov 15:18
- Cross-reference Pwov 18:8
- Cross-reference Sòm 41:6
- Cross-reference Sòm 28:3
- Cross-reference Luc 8:17
- Cross-reference Est 7:10
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.