Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Pwovèb Yo 27

Pa vin ògeye sou bagay demen,

paske ou 1pa konnen kisa yon jou ka pote.

Kite 2yon lòt moun ba ou lwanj,

e pa fè ak pwòp bouch ou.

Kite l fèt pa yon moun ou pa konnen,

e pa de pwòp lèv ou.

Yon gwo wòch lou ak sab gen pwa;

men moun ensanse k ap anmède a

pi lou pase yo tou de.

Fachez rèd fè move.

Kòlè se yon inondasyon.

Men se 3kilès ki ka kanpe devan jalouzi.

Repwòch ki klè pi bon pase lanmou ki kache.

Fidèl se blese a yon zanmi;

men twonpri se 4bo a yon ènmi.

Moun vant plen rayi siwo myèl;

men pou sila ki grangou,

nenpòt bagay anmè vin dous.

Tankou yon 5zwazo ki egare nich li,

se konsa yon nonm ki mache lwen kay li. 6

Lwil ak pafen fè kè kontan;

se konsa konsèy a yon nonm dous pou zanmi li.

Pa abandone pwòp zanmi ou, ni 7zanmi a papa ou.

Pa ale lakay frè ou nan jou malè ou.

Pi bon se yon vwazen toupre pase yon frè ki byen lwen. 8

Sèvi ak sajès, fis mwen,

e fè kè m kontan pou m kab reponn sila ki repwoche mwen an.

Yon nonm ki saj wè mal e li kache kò l;

men sila ki fou a avanse pou peye pri a.

Pran vètman li lè l sèvi garanti pou yon enkoni,

e pou yon fanm adiltè, kenbe mesye a menm kon garanti a.

Sila ki beni zanmi li ak gwo vwa bonè maten an,

sa va rekonèt kon madichon pou li. 9

Dlo k ap degoute san rete nan jou gwo lapli

avèk fanm k ap fè kont san rete sòti menm jan:

Sila ki ta anpeche fanm sa a, vle anpeche van,

oswa sezi lwil ak men dwat li.

Se fè ki file fè;

se konsa yon nonm file zanmi l.

Sila ki pran swen pye fig la va manje fwi li,

e sila ki pran swen mèt li a va jwenn lonè.

Tankou nan dlo, figi reflete figi,

konsa kè a yon nonm reflete lentansyon l. 10

Sejou Lanmò ak labim pa janm satisfè;

ni zye a lòm pa janm satisfè.

Po fonn nan se pou ajan, e founo se pou lò;

konsa, yon nonm rafine pa lwanj ke l resevwa.

Malgre ou ta 11foule yon moun fou ak pilon jiskaske li fè poud,

tankou sereyal byen kraze a, foli li p ap sòti sou li. 12

Konnen byen kondisyon a bann mouton ou yo,

e okipe twoupo ou yo;

paske richès pa la pou tout tan,

ni yon 13kouwòn pa rete pandan tout jenerasyon.

Zèb yo vin disparèt, e sa ki nèf la vin pouse,

e zèb mòn yo 14fin ranmase.

Jenn mouton yo va sèvi kon vètman ou,

e kabrit yo va mennen pri a yon chan.

Lèt kabrit ap kont pou manje ou,

pou manje tout lakay ou,

ak soutyen pou tout sèvant lakay ou yo.

Source notes (14)
  1. Cross-reference Luc 12:19-20
  2. Cross-reference Pwov 25:27
  3. Cross-reference Pwov 6:34
  4. Cross-reference Mat 26:49
  5. Cross-reference Pwov 26:2
  6. Cross-reference Sòm 23:5
  7. Cross-reference I Wa 12:6-8
  8. Cross-reference Pwov 10:1
  9. Cross-reference Pwov 19:13
  10. Cross-reference Job 26:6
  11. Cross-reference Pwov 23:35
  12. Cross-reference Jr 31:10
  13. Cross-reference Job 19:9
  14. Cross-reference És 17:5

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.