Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Pwovèb Yo 28

Mechan yo 1sove ale lè pa gen k ap kouri dèyè yo;

men moun dwat yo gen kouraj kon lyon.

Pa transgresyon a yon pèp, 2chèf peyi yo vin anpil;

men lòd etabli pa yon nonm bon konprann ak konesans.

Yon moun pòv ki peze malere

se tankou gwo lapli ki lave tè a san kite anyen.

Sila ki abandone lalwa a 3bay lwanj a moun mechan;

men sila ki kenbe lalwa a va kanpe devan yo.

Moun mechan yo 4pa konprann lajistis;

men sila ki chache SENYÈ yo konprann tout bagay. 5

Pi bon se malere ki mache ak ladwati a

pase sila ki kwochi a, menm si l gen anpil richès.

Sila ki kenbe lalwa a se yon fis ak bon konprann;

men sila ki fè zanmi ak moun 6voras fè papa l wont.

Sila ki agrandi richès li avèk 7enterè sou lajan,

ranmase li pou sila k ap fè gras a malere a.

Sila ki vire zòrèy li pou pa koute lalwa a,

menm 8lapriyè li abominab.

Sila ki egare moun dwat la nan move chemen an

va li menm tonbe nan pwòp fòs li;

men 9sila ki san tò a, va gen bon eritaj.

Mesye rich la saj nan pwòp zye l;

men malere ki gen bon konprann nan wè l jis li sonde l nèt.

Lè moun ladwati a gen viktwa, gen anpil glwa;

men 10lè mechan yo leve tout moun kache kò yo.

Sila ki kache transgresyon li yo, p ap fè pwogrè;

men sila ki 11konfese yo e kite yo, va jwenn konpasyon.

A la beni se sila ki toujou 12gen lakrent Bondye a!

Men sila ki fè kè l di, va tonbe nan malè.

Tankou lyon k ap rele fò ak lous k ap atake,

se konsa yon 13chèf mechan ye sou yon pèp malere.

Yon 14gouvènè ki peze pèp la manke bon konprann;

men sila ki rayi richès ki pa jis, pwolonje jou li yo.

Yon nonm ki 15twouble ak koupabilite san moun

va yon fijitif jiskaske li mouri.

Pinga pèsòn ba li soutyen.

Sila ki mache san tò a va delivre;

men sila ki 16kwochi a va tonbe byen vit. 17

Sila ki laboure tè a va gen anpil manje;

men sila ki swiv vanite va jwenn anpil mizè.

Yon nonm 18fidèl va gen anpil benediksyon;

men sila ki fè vit pou jwenn richès, p ap chape anba pinisyon.

Montre patipri pa bon,

paske yon sèl mòso pen ka fè yon moun transgrese.

Yon nonm ak 19move zye kouri dèyè richès

e li pa konnen kisa k ap rive li.

Sila ki bay yon moun repwòch

va jwenn plis favè pase sila ki 20fè flatè ak lang li an.

Sila ki vòlè papa li oswa manman l

epi di: “Sa pa yon transgresyon”,

se 21parèy ak yon moun ki detwi.

Yon nonm awogan ap 22pwovoke konfli;

men sila ki mete konfyans nan SENYÈ a va pwospere.

Sila ki 23mete konfyans nan pwòp kè li a se yon moun fou;

men sila ki mache ak sajès la va delivre.

Sila ki 24bay a malere a p ap janm manke;

men sila ki fèmen zye l ap jwenn anpil malediksyon.

Lè mechan yo leve, pèp la kache kò yo;

men lè yo peri moun dwat yo vin plis.

Source notes (24)
  1. Cross-reference Lev 26:17-36
  2. Cross-reference I Wa 16:8-28
  3. Cross-reference Sòm 49:18
  4. Cross-reference Sòm 92:6
  5. Cross-reference Pwov 19:1
  6. Cross-reference Pwov 23:20
  7. Cross-reference Egz 22:25
  8. Cross-reference Sòm 66:18
  9. Cross-reference Mat 6:33
  10. Cross-reference Pwov 28:28
  11. Cross-reference Sòm 32:5
  12. Cross-reference Pwov 23:17
  13. Cross-reference Egz 1:14
  14. Cross-reference Ekl 10:16
  15. Cross-reference Jen 9:6
  16. Cross-reference Pwov 10:27
  17. Cross-reference Pwov 12:11
  18. Cross-reference Pwov 10:6
  19. Cross-reference Pwov 23:6
  20. Cross-reference Pwov 29:5
  21. Cross-reference Pwov 18:9
  22. Cross-reference Pwov 15:18
  23. Cross-reference Pwov 3:5
  24. Cross-reference Pwov 11:24

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.