Bib Sen An
Pwovèb Yo 29
Yon nonm ki fè tèt di apre anpil repwòch
va 1 vin kraze sibitman san remèd.
Lè 2moun dwat yo vin ogmante, pèp la rejwi;
men lè yon moun mechan gouvène, pèp la jemi.
Yon nonm ki 3renmen sajès fè papa l kontan;
men sila ki pase tan l ak pwostitiye yo gate byen li. 4
Avèk jistis, wa a fè tout peyi a vin estab;
men yon nonm ki aksepte kòb anba tab boulvèse li.
Yon nonm ki 5flate vwazen li
ap ouvri filè pou pla pye li.
Pa transgresyon yon nonm mechan
vin 6pran nan pyèj nèt;
men moun dwat la va chante e rejwi.
Moun 7ladwati a gen kè pou dwa malere;
men mechan an pa menm konprann afè sa a.
Mokè yo, fè gwo vil la pran dife;
men moun 8saj yo kalme kòlè.
Lè yon nonm saj gen yon kont ak yon moun san konprann,
moun san konprann nan anraje oswa ri, e nanpwen repo.
Moun k ap 9vèse san rayi inosan an;
men moun dwat yo pwoteje lavi li.
Moun san konprann toujou fache;
men 10yon nonm saj kenbe tèt li anba kontwòl.
Si 11gouvènè a prete atansyon a manti,
tout minis li yo va vin mechan.
Malere a ak opresè a gen yon bagay ki sanble;
se SENYÈ a ki 12 mete limyè nan zye tou de.
Si yon 13wa jije pòv yo ak verite,
twòn li va etabli jis pou tout tan. 14
Baton ak repwòch bay sajès;
men timoun ki fè sa li pito a mennen wont sou manman l.
Lè mechan yo vin plis, transgresyon yo ogmante;
men 15moun dwat yo va wè tonbe yo.
Korije fis ou e li va ba ou rekonfò;
anplis, li va 16bay nanm ou gwo plezi.
Kote nanpwen 17vizyon, pèp la san fren;
men byen kontan se sila ki kenbe lalwa a.
Pawòl sèl p ap ka enstwi yon esklav;
paske malgre li konprann, li p ap reponn.
Èske ou wè yon nonm ki 18 pale vit san reflechi?
Gen plis espwa pou moun fou a pase li menm.
Sila ki byen swaye esklav li depi li piti a,
nan lafen, twouve yon fis.
Yon 19nonm an kòlè pwovoke konfli
e yon nonm ki plen fachèz fè anpil tò.
Ògèy a yon nonm va mennen li ba;
men yon 20lespri enb va jwenn respè.
Sila ki fè konplo ak yon volè rayi pwòp lavi li;
li 21pran sèman an men li pa pale anyen.
Lakrent a lòm mennen yon pèlen;
men sila ki 22mete konfyans li nan SENYÈ a va leve wo.
Gen anpil moun k ap chache favè a sila ki gouvène a;
men 23lajistis pou lòm va sòti nan SENYÈ a.
Tankou yon nonm 24enjis abominab a moun dwat,
yon nonm ladwati abominab a mechan yo.
Source notes (24)
- Cross-reference Pwov 6:15
- Cross-reference Est 8:15
- Cross-reference Pwov 10:1
- Cross-reference II Kwo 9:8
- Cross-reference Sòm 5:9
- Cross-reference Pwov 22:5
- Cross-reference Job 29:16
- Cross-reference Pwov 16:14
- Cross-reference Jen 4:5-8
- Cross-reference Pwov 19:11
- Cross-reference I Wa 12:14
- Cross-reference Esd 9:8
- Cross-reference Sòm 72:4
- Cross-reference Pwov 13:24
- Cross-reference Sòm 37:34-36
- Cross-reference Pwov 10:1
- Cross-reference I Sam 3:1
- Cross-reference Jc 1:19
- Cross-reference Pwov 15:18
- Cross-reference Pwov 15:33
- Cross-reference Lev 5:1
- Cross-reference Sòm 91:1-16
- Cross-reference És 49:4
- Cross-reference Sòm 6:8
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.