Bib Sen An
Pwovèb Yo 30
Pawòl a Agur, fis a Jaké a, pwofèt la:
nonm nan pale Ithiel,
a Ithiel ak Ucal:
“Anverite, mwen 1pi bèt pase tout moun
e mwen pa gen konprann a yon nonm.
Mwen pa t aprann sajès,
ni mwen pa gen 2konesans a Sila Ki Sen an.
Kilès ki te 3monte nan syèl la e te desann?
Kilès ki te ranmase van nan ponyèt li?
Kilès ki te vlope dlo nan vètman li?
Kilès ki te etabli tout pwent tè yo?
Ki non li e ki non fis Li a?
Asireman, ou konnen!
“Tout 4pawòl Bondye pase a leprèv;
Li se yon boukliye pou sila ki kache nan Li yo. 5
Pa ogmante sou pawòl Li yo,
oswa Li va repwoche ou
e ou va fè prèv ke se yon mantè ou ye.
“De bagay m te mande ou yo;
pa refize m yo avan m mouri:
Fè desepsyon ak manti rete lwen mwen.
Pa ban m richès ni povrete.
Nouri mwen ak 6manje ki se pòsyon pa m nan,
pou m pa 7vin plen e refize rekonèt Ou
pou di: ‘Se kilès ki SENYÈ a?’
oswa, pou m ta manke, vin vòlè
e fè yon gwo wont sou non Bondye mwen an.
“Pa pale mal yon esklav a mèt li,
sinon li va 8modi ou, e ou va twouve koupab.
Gen yon kalite moun ki 9modi papa li
e refize beni manman l.
Gen yon kalite ki san tach nan pwòp zye li;
sepandan, yo poko lave pou sòti salte a.
Gen yon kalite—O, jan 10zye li leve wo,
e pòpyè zye li leve ak awogans.
Gen yon kalite moun ak dan tankou nepe
ak machwè tankou kouto,
ki prèt pou 11devore aflije sou fas tè yo,
e fè moun malere yo disparèt pami moun.
“Sansi a gen de fi: ‘Ban mwen’ ak ‘Ban m’.
“Gen twa bagay ki pa janm satisfè, menm kat ki refize di: ‘Se kont’:
Sejou Lanmò a, 12vant fanm esteril la,
latè a ki pa janm jwenn dlo ase,
ak dife ki pa janm di: ‘Se kont’.
“Pou zye moun ki moke yon papa e ki giyonnen yon manman, 13
kòbo nan vale a va vin rache l,
e jenn èg yo va manje li.
“Gen twa bagay ki twò bèl pou mwen,
kat ke m pa konprann: 14
Vòl a yon èg nan syèl la,
pa sèpan an sou wòch,
chemen gwo bato a nan mitan lanmè,
ak manèv a yon jennonm ak yon fi.
“Men konsa chemen a 15fanm adiltè a:
Li manje, li siye bouch li e li pale klè: ‘Mwen pa t fè mal’.
“Anba twa bagay, latè tranble,
e anba kat, li pa ka kenbe:
Anba yon 16esklav lè li vin wa,
ak yon moun fou lè l vin satisfè ak manje,
anba yon fanm neglije lè l jwenn mari,
ak yon sèvant lè l pran plas mètrès kay la.
“Kat bagay ki tou piti sou latè, men yo plen sajès: 17
Foumi se pa yon pèp ki fò;
men yo prepare manje yo nan gran sezon. 18
Chat mawon se pa yon pèp pwisan;
men yo fè kay yo nan wòch.
Krikèt volan yo pa gen wa;
men yo parèt 19byen alinye.
Zandolit ke ou kab kenbe nan men ou;
sepandan, li antre nan palè a wa a.
“Gen twa bagay ki mache parèt bèl,
menm kat ki bèl lè yo mache:
Lyon ki 20pwisan pami bèt yo,
e ki pa fè bak devan okenn bèt;
Jan kòk mache a,
menm ak mal kabrit,
o yon wa lè lame parèt avè l.
“Si ou te fè foli nan leve tèt ou byen wo,
oswa si ou te fè konplo pou mal, 21
mete men ou sou bouch ou.
Paske lèt k ap laboure vin fè bè,
ak peze nen pote san;
se konsa 22 laboure kòlè pwodwi konfli.”
Source notes (22)
- Cross-reference Sòm 49:10
- Cross-reference Pwov 9:10
- Cross-reference Rev 19:12
- Cross-reference Sòm 12:6
- Cross-reference Det 4:2
- Cross-reference Job 23:12
- Cross-reference Det 8:12
- Cross-reference Ekl 7:21
- Cross-reference Egz 21:17
- Cross-reference Pwov 6:17
- Cross-reference Sòm 14:4
- Cross-reference Jen 30:1
- Cross-reference Det 28:26
- Cross-reference Det 28:49
- Cross-reference Pwov 5:6
- Cross-reference Pwov 19:10
- Cross-reference Pwov 6:5
- Cross-reference Lev 11:5
- Cross-reference Job 2:7
- Cross-reference Jij 14:18
- Cross-reference Job 21:5
- Cross-reference Pwov 10:12
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.