Bib Sen An
Pwovèb Yo 31
Pawòl a wa Lemuel yo; pwofesi ke manman li te ansegne li a:
“O fis mwen an!
O fis a vant mwen an!
O fis a ve mwen yo! 1
Pa bay fòs ou a fanm,
ni wout ou a sila ki konn detwi wa yo.
Se pa pou 2wa yo, O Lemuel,
se pa pou wa yo bwè diven, ni pou chèf yo ta bwè diven,
Paske y ap bwè epi vin bliye dekrè ki te fèt la,
e 3tòde dwa a sila ki aflije yo.
Bay bwason fò a sila k ap 4peri a,
ak diven a sila ki gen lavi anmè a.
Kite li bwè pou bliye mizè li
e pa sonje pwoblèm li ankò. 5
Ouvri bouch ou pou bèbè a;
pou dwa yo a tout sila ki san sekou.
Ouvri bouch ou, fè jijman ak dwati,
e defann 6dwa a aflije yo ak endijan an.”
Yon 7madanm ki ekselan, se kilès ki ka twouve li?
Paske valè li depase bijou.
Kè a mari li mete konfyans nan li
e li p ap manke reyisi.
Li fè l sa ki bon e pa sa ki mal
pandan tout jou lavi li.
Li chache lèn ak len e travay avèk men l ak kè kontan.
Li tankou bato komès;
li mennen manje li soti byen lwen.
Anplis, li leve pandan li toujou fènwa pou 8
bay manje a tout lakay li,
ak yon pòsyon pou sèvant li yo.
Li konsidere yon chan e achte li.
Ak benefis travay li, li plante yon chan rezen.
Li 9mare senti l ak gwo fòs
pou fè bra li vin fò.
Li santi ke siksè li bon;
lanp li pa janm etenn lannwit.
Li lonje men l vè aparèy tise a
e men l kenbe l.
Li 10lonje men l vè pòv yo
avèk sila ki gen bezwen an.
Lakay li pa fè krent pou lanèj,
paske tout lakay 11 abiye an wouj.
Li fè 12kouvèti pou tèt li;
tout vètman li se twal fen blan ak mov.
Mari li byen rekonèt 13nan pòtay lavil yo,
lè l chita pami ansyen a peyi yo.
Li fè 14vètman an len pou vann yo,
e founi sentiwon a tout komèsan yo.
Fòs ak 15respè se abiman li
e li souri a lavni.
Li 16ouvri bouch li avèk sajès
e enstriksyon ladousè sou lang li.
Li gade byen tout afè lakay li
e li pa manje 17pen laparès.
Pitit li yo leve e beni li;
mari li tou ba li gwo lwanj pou di l:
“Anpil fi te fè byen bon;
men ou pi bon anpil pase yo tout.”
Cham konn twonpe e bèlte konn vanite;
men se fanm nan ki 18krent SENYÈ a
k ap resevwa lwanj.
Ba li sa ke men l te pwodwi,
epi kite zèv li yo fè lwanj li nan pòtay yo.
Source notes (18)
- Cross-reference Pwov 5:9
- Cross-reference Ekl 10:17
- Cross-reference Egz 23:6
- Cross-reference Job 29:13
- Cross-reference Job 29:12-17
- Cross-reference És 1:17
- Cross-reference Rt 3:11
- Cross-reference Luc 12:42
- Cross-reference I Wa 18:46
- Cross-reference Det 15:11
- Cross-reference II Sam 1:24
- Cross-reference Pwov 7:16
- Cross-reference Det 16:18
- Cross-reference Jij 14:12
- Cross-reference I Tim 2:9-10
- Cross-reference Pwov 10:31
- Cross-reference Pwov 15:19
- Cross-reference Sòm 112:1
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.