Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Eklezyas 1

Pawòl 1predikatè a, fis a David la, Wa Jérusalem. 2“Vanite sou vanite”, predikatè la di: “Vanite sou vanite! Tout se vanite.” 3Ki avantaj yon nonm gen nan tout travay ke li fè anba solèy la? Yon jenerasyon ale e yon jenerasyon vini; men 4tè a rete pou tout tan. Anplis, 5solèy la leve e solèy la kouche; konsa li kouri al jwenn plas li pou li leve la ankò. Van an 6soufle vè sid, vire kote nò e kontinye vire fè wonn li. Sou menm kous vire won an, li retounen ankò. Tout rivyè yo desann vè lanmè a; sepandan li pa vin plen. Nan plas kote rivyè yo koule a, se la yo koule ankò. Tout bagay sa yo fatigan; lòm pa kapab menm eksplike sa. 7Zye pa satisfè ak wè, ni zòrèy ak tande. 8Sa ki te ye, se sa ki va ye e sa ki te konn fèt, se sa k ap fèt. Konsa, nanpwen anyen ki nèf anba syèl la. Èske gen yon bagay sou sila a nou ta kab di: “Men sa a nèf”? Deja, li te la depi syèk ki te ekoule avan nou yo. 9Nanpwen memwa a ansyen bagay yo, ni anplis a sila k ap vini pita, pami sila ki vini apre yo.

Mwen menm, 10predikatè a, te sèvi kon wa sou Israël nan Jérusalem. Mwen te konsantre tout refleksyon mwen pou chache e 11egzamine sou sajès tout sa ki te konn fèt anba syèl la. Sa se yon gwo tach lou ke Bondye te bay fis a lòm yo pou l ta aflije yo. Mwen te wè tout zèv ki te fèt anba solèy la e, men vwala, tout se 12vanite e chache kouri dèyè van. Sa ki 13kwochi p ap ka drese e sa ki manke p ap ka konte. Mwen te di a pwòp tèt mwen: “Men gade, mwen te fè 14sajès vin grandi e ogmante plis pase tout lòt wa ki te sou Jérusalem avan mwen yo. Wi, panse mwen te obsève anpil richès ak sajès avèk konesans.” Mwen te dirije panse mwen pou konnen sajès e pou konnen sa ki ensanse ak sa ki foli nèt. Konsa, mwen te vin wè ke sa osi se 15chache kouri dèyè van. Paske 16nan anpil sajès gen anpil tristès, e nan anpil konesans gen anpil doulè.

Source notes (16)
  1. Cross-reference Ekl 1:12
  2. Cross-reference Sòm 39:5-6
  3. Cross-reference Ekl 2:11
  4. Cross-reference Sòm 104:5
  5. Cross-reference Sòm 19:6
  6. Cross-reference Ekl 11:5
  7. Cross-reference Pwov 27:20
  8. Cross-reference Ekl 1:10
  9. Cross-reference Ekl 2:16
  10. Cross-reference Ekl 1:1
  11. Cross-reference Ekl 3:10-11
  12. Cross-reference Ekl 2:11-17
  13. Cross-reference Ekl 7:13
  14. Cross-reference I Wa 3:12
  15. Cross-reference Ekl 1:14
  16. Cross-reference Ekl 2:23

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.