Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Eklezyas 2

Mwen te di nan tèt mwen: “Vini koulye a, mwen va teste ou ak 1plezi. Pou sa, fè kè ou kontan.” Epi sa osi se te vanite. 2Mwen te di de afè ri, “Sa se foli,” e de plezi, “Kisa l ap akonpli?”

Mwen te fè ankèt ak panse m kòman pou eksite kò m ak diven pandan panse m ap gide m ak sajès ak jan pou kenbe foli, jiskaske mwen ta kapab wè 3sa ki bon ki genyen pou fis a lòm yo fè anba syèl la pandan ti kras ane ke y ap viv yo. Mwen te agrandi zèv mwen yo. Mwen te 4bati kay pou mwen; mwen te plante chan rezen pou mwen. Mwen te fè jaden ak 5bèl plas pou tèt mwen e mwen te plante ladann yo tout kalite pye fwi. Mwen te fè 6gwo basen dlo pou tèt mwen pou awoze yon forè bwa ki t ap grandi. Mwen te achte esklav, ni mal ni femèl e mwen te genyen 7ki te fèt lakay mwen. Anplis mwen te genyen bann mouton avèk twoupo pi gran pase tout wa ki te Jérusalem avan m yo. Anplis, mwen te ranmase ajan ak 8lò pou pwòp tèt mwen ansanm ak trezò a wa yo ak pwovens pa yo. Mwen te founi pou pwòp tèt mwen chantè, ni mal, ni femèl, e tout plezi a lòm yo—anpil konkibin. Epi mwen te vin 9gran, pi gran pase tout wa ki te avan m Jérusalem yo. Konsa, sajès mwen te kanpe avè m. Tout sa ke zye m te anvi, mwen pa t refize yo. Mwen pa t refize kè m okenn plezi li te vle, paske kè m te kontan akoz tout zèv mwen yo, e sa se te 10rekonpans pou tout travay mwen yo. Konsa, mwen te konsidere tout zèv men m te konn fè yo, avèk travay ke m te fòse fè yo, men gade byen, tout te 11vanite ak kouri dèyè van, e pa t gen okenn avantaj anba solèy la.

Konsa mwen te vire 12konsidere sajès, afè moun ensanse menm ak foli; paske se kisa yon nonm ki swiv wa sila a ka fè, sinon sa ki te konn fèt deja? Epi mwen te wè ke 13sajès toujou genyen sou vanite, tankou limyè genyen sou tenèb. Zye a mesye saj la anndan tèt li; men 14moun ensanse a mache nan tenèb. Sepandan, mwen konnen ke se menm desten ki va rive yo tou de. Konsa, mwen rive di tèt mwen: “Kon desten a moun ensanse a, se konsa l ap rive m. 15Alò, poukisa mwen te fòse fè anpil sajès?” Alò, pou sa mwen te di tèt mwen: “Sa, anplis, se vanite.” Paske nanpwen 16okenn memwa k ap sonje nonm saj la, menm jan pou ensanse a, akoz nan tout jou k ap vini yo, tout moun va bliye yo nèt. Epi konsa, nonm saj la ak ensanse a mouri tou de!

Pou sa, mwen te 17rayi lavi, paske travay ki te fèt anba syèl la te yon doulè pou mwen; paske tout bagay se kòve ak kouri dèyè van. Konsa, mwen te rayi 18tout fwi a travay mwen yo, pou sila mwen te fè efò anba solèy la; paske mwen ap oblije kite li bay nonm nan k ap swiv mwen an. Epi se kilès ki konnen si li va saj, oswa 19moun fou? Malgre li va gen kontwòl sou tout fwi travay mwen. Pou sila mwen te fòse fè ak sajès yo, anba solèy la. Sa, anplis, se vanite.

Pou sa, mwen te pèdi espwa nèt a tout fwi a zèv mwen pou sila mwen te travay anba solèy la. Kote ki genyen yon nonm ki te travay ak sajès, konesans ak 20kapasite, alò, li va kite eritaj li a yon moun ki pa t travay pou yo. Sa osi se vanite ak yon gwo mal. Paske se kisa ke yon nonm jwenn 21pou tout travay li, nan efò ke li te fòse fè anba solèy la? Paske tout jou li yo, travay li plen ak doulè ak chagren; menm nan lannwit tèt li 22pa jwenn repo. Sa tou, se vanite. Nanpwen anyen pi bon pou yon nonm, ke manje, bwè, e di tèt li, ke travay li a bon. Sa a mwen konn wè tou, ke li sòti 23nan men Bondye. Paske se kilès ki ka manje, e kilès ki ka jwenn plezi li plis pase m? Paske a yon nonm ki bon nan zye Bondye, 24Li te bay sajès, konesans ak lajwa; men a pechè a, Li te bay tach ranmase ak rasanble pou li kab bay a sila ki bon nan zye Bondye a. Sa anplis se vanite ak kouri dèyè van.

Source notes (24)
  1. Cross-reference Ekl 7:4
  2. Cross-reference Pwov 14:13
  3. Cross-reference Ekl 2:24
  4. Cross-reference I Wa 7:1-12
  5. Cross-reference Né 2:8
  6. Cross-reference Né 2:14
  7. Cross-reference Jen 14:14
  8. Cross-reference I Wa 9:28
  9. Cross-reference I Kwo 29:25
  10. Cross-reference Ekl 3:22
  11. Cross-reference Ekl 1:14
  12. Cross-reference Ekl 1:17
  13. Cross-reference Ekl 7:11-19
  14. Cross-reference I Jn 2:11
  15. Cross-reference Ekl 6:8-11
  16. Cross-reference Ekl 1:11
  17. Cross-reference Ekl 4:2-3
  18. Cross-reference Sòm 39:6
  19. Cross-reference I Wa 12:13
  20. Cross-reference Ekl 4:4
  21. Cross-reference Ekl 4:4
  22. Cross-reference Sòm 127:2
  23. Cross-reference Ekl 3:13
  24. Cross-reference Job 32:8

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.