Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Eklezyas 3

Gen yon lè apwente pou tout bagay. Epi gen yon 1tan pou chak sa ki rive anba syèl la—

Yon tan pou ne,

yon 2tan pou mouri;

yon tan pou plante,

ak yon tan pou dechouke

sa ki plante a.

Yon 3tan pou touye

e yon tan pou geri;

yon tan pou demoli

e yon tan pou bati.

Yon tan pou 4kriye

e yon tan pou ri;

yon tan pou fè dèy

e yon tan pou danse.

Yon tan pou voye wòch

e yon tan pou ranmase wòch;

yon tan pou anbrase

e yon tan pou evite anbrase.

Yon tan pou chache

e yon tan pou pèdi.

Yon tan pou konsève,

e yon tan pou jete.

Yon tan pou chire

e yon tan pou koude;

yon tan pou 5rete an silans

e yon tan pou pale.

Yon tan pou fè lanmou

e yon tan pou 6rayisman;

yon tan pou fè lagè

e yon tan pou fè lapè. 7

Ki avantaj ouvriye a genyen nan tout efò ke li fè yo? Mwen te wè 8tach ke Bondye te bay a fis a lòm yo, avèk sila yo okipe tèt yo. Li te 9fè tout bagay bon nan tan li. Anplis, Li te mete letènite nan kè yo, pou ke lòm pa ka fin konprann travay Bondye te fè a soti nan kòmansman jis rive nan lafen. Mwen konnen ke 10pa gen pi bon bagay pou yo ta fè pase rejwi e fè byen pandan yo gen lavi a. Anplis, pou tout moun ki manje ak bwè yo wè bonte Bondye nan tout travay li yo—se don Bondye sa ye. Mwen konnen ke tout sa Bondye fè va dire pou tout tan. Nanpwen anyen pou mete sou li e nanpwen anyen pou retire sou li, paske Bondye te tèlman travay pou lòm ta 11gen lakrent Li. Sa 12ki egziste, te la deja e sa ki va ye, te ye deja. Konsa, Bondye chache jwenn sa ki fin pase.

Anplis, mwen te wè anba solèy la ke nan plas lajistis gen 13mechanste; e nan plas ladwati gen mechanste. Mwen te di a pwòp tèt mwen: 14“Bondye va jije ni sila ki dwat la, ni sila ki mechan an,” paske gen yon tan pou chak zèv ak chak bagay. Mwen te di pwòp tèt mwen selon fis a lòm yo: “Anverite, Bondye te fè yo pase a leprèv pou yo ta wè ke se tankou 15bèt ke yo ye.” 16Paske desten a fis a lòm yo ak desten a bèt yo se menm. Tankou youn mouri, konsa lòt la mouri. Anverite, yo tout gen menm souf la, e nanpwen avantaj pou lòm sou bèt yo, paske tout se vanite. Tout ale menm kote. Tout te sòti nan 17pousyè a, e tout ap retounen nan pousyè a. Se kilès ki ka konnen ke 18souf a lòm monte anwo e souf a bèt yo desann anba tè?

Mwen te wè ke 19nanpwen anyen ki pi bon pou lòm ta fè pase fè kè kontan nan tout sa li fè, paske se konsa sò a tonbe pou li. Paske se kilès ki ka fè l wè sa ki va vin rive apre li?

Source notes (19)
  1. Cross-reference Ekl 3:17
  2. Cross-reference Job 14:5
  3. Cross-reference Jen 9:5
  4. Cross-reference Wo 12:15
  5. Cross-reference Am 5:13
  6. Cross-reference Sòm 101:3
  7. Cross-reference Ekl 1:3
  8. Cross-reference Ekl 1:13
  9. Cross-reference Jen 1:31
  10. Cross-reference Ekl 2:24
  11. Cross-reference Ekl 5:7
  12. Cross-reference Ekl 1:9
  13. Cross-reference Ekl 4:1
  14. Cross-reference Jen 18:25
  15. Cross-reference Sòm 49:12-20
  16. Cross-reference Sòm 49:12
  17. Cross-reference Jen 3:19
  18. Cross-reference Ekl 12:7
  19. Cross-reference Ekl 2:24

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.