Bib Sen An
Eklezyas 4
Konsa, mwen te gade ankò sou tout zèv k ap oprime moun anba solèy la. Epi gade byen, mwen te wè dlo nan zye a oprime yo, e yo 1pa t jwenn pèsòn pou bay yo soulajman. Sou kote a sila ki t ap oprime yo, te gen gwo pouvwa; men, yo pa t jwenn pèsòn pou bay yo soulajman. Pou sa, 2mwen te felisite tout sila ki fin mouri deja yo, olye sila k ap viv yo. Men 3pi beni pase tou de nan yo se sila ki pa t janm egziste a, ki pa t wè tout mechanste ki konn fèt anba solèy la. Mwen konn wè tout zèv ak tout 4metye ki konn fèt, fèt akoz lanvi antre yon nonm ak vwazen li. Sa anplis se vanite ak fè lachas dèyè van.
Moun ensanse a 5pliye men l e manje pwòp chè li. Yon men plen repo se 6miyò ke de ponyèt plen travay k ap fè kòve dèyè van an.
Konsa mwen te gade ankò sou vanite anba solèy la. Te gen yon sèten mesye san fanmi ki pa t genyen ni fis, ni frè. Sepandan, nan travay li, pa t gen repo menm. Anverite, 7zye li pa t janm satisfè ak richès, men li pa t janm konn mande: “Epi pou ki moun m ap travay e prive tèt mwen de plezi konsa?” Sa, anplis se vanite, e sa se yon kòve ki plen doulè.
De moun pi bon pase yon sèl, paske y ap jwenn bon benefis pou travay yo. Paske si youn nan yo ta tonbe, lòt la va leve pare li. Men malè a sila ki tonbe lè nanpwen lòt pou fè l leve a. Anplis, si de moun kouche ansanm, youn chofe lòt; men 8ki jan yon sèl moun ta ka chofe? Anplis, si youn ka venk sila ki sèl la, de ka reziste ak li; epi yon kòd fèt ak twa fil ap mal pou chire.
Yon jennjan ki 9malere men ki gen sajès, miyò pase yon ansyen wa ki ensanse, e ki pa konn resevwa konsèy. Paske li te sòti nan prizon pou vin wa, malgre li te fèt malere nan wayòm li an. Mwen te wè tout sa k ap viv anba solèy la kouri bò kote dezyèm jennjan ki ranplase li an. Pèp la p ap janm fini; tout moun ki te avan yo, ni sila k ap vini pita yo p ap kontan avèk li. Anverite, sa osi se vanite ak kouri dèyè van.
Source notes (9)
- Cross-reference Jr 16:7
- Cross-reference Job 3:11-26
- Cross-reference Job 3:11-26
- Cross-reference Ekl 2:21
- Cross-reference Pwov 6:10
- Cross-reference Pwov 15:16-17
- Cross-reference Pwov 27:20
- Cross-reference I Wa 1:1-4
- Cross-reference Ekl 7:19
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.