Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Eklezyas 5

Veye pa ou yo pandan w ap desann lakay Bondye a, e vin toupre pou koute olye 1ofri sakrifis a moun ensanse yo. Paske yo pa konnen ke se mal y ap fè. Pa 2fè vit avèk pawòl ou, ni kouri twò vit pou soulve yon refleksyon devan prezans Bondye. Paske Bondye nan syèl la, e ou sou tè a; pou sa pa kite pawòl ou yo vin anpil. Paske rèv la vin akonpli ak anpil travay; e vwa a yon 3moun ensanse, ak anpil pawòl. Lè ou 4fè yon ve a Bondye, pa fè reta pou peye l; paske li pa pran plezi nan moun ki plen foli. Peye sa ou te pwomèt la! Li 5pi bon pou pa fè ve pase fè yon ve pou pa peye l. Pa kite pawòl ou yo fè ou fè peche, e pa di nan prezans a mesaje Bondye a ke ou te mal pale. Poukisa Bondye ta dwe vin fache akoz vwa ou, e detwi tout zèv men ou yo? Paske nan fè anpil rèv ak nan anpil pawòl, gen yon gwo vid. Pito 6gen lakrent Bondye.

Si ou wè malere a vin oprime e 7pa gen lajistis nan pwovens yo, pa sezi lè ou wè l. Paske gen chèf sou chèf, e gen chèf pi wo sou yo. Apre tout bagay, yon wa ki kiltive latè se yon avantaj pou peyi a. 8

Sila ki renmen lajan an p ap satisfè ak lajan; ni sila ki renmen richès la ak sa li reyisi. Sa anplis se vanite. 9Lè bon bagay ogmante, sila ki manje yo ogmante. Konsa, pa gen lòt avantaj pou mèt yo, sof ke kanpe veye?

Dòmi a ouvriye a 10dous, kit li manje piti oswa anpil; men vant plen a moun rich la p ap kite l dòmi.

Gen yon gwo mechanste ke m konn wè anba solèy la: 11richès sere pa mèt li jiskaske li rive donmaje pwòp tèt li. Lè richès sa yo te pèdi akoz yon move envestiman, e li vin papa a yon fis; alò, nanpwen anyen pou ba li. Kon li soti nan vant manman li toutouni an; se konsa li va retounen jan li te sòti a. Li p ap 12pote anyen nan men l kon fwi travay li. Sa anplis se yon gwo malè—menm jan yon nonm fèt la, se konsa l ap mouri. Alò, kote avantaj pou sila k ap travay di nan van an? Pandan tout lavi li, li manje nan tenèb ak gwo chagren, maladi ak kòlè.

Men sa mwen konn wè ki bon e ki pwòp pou moun fè a: manje, bwè e fè kè kontan nan tout travay ke li fè anba solèy la, pandan ti tan kout ke Bondye ba li a. Paske se sa ki 13rekonpans li. Anplis, menm jan pou tout moun ke 14Bondye te bay richès ak byen yo, anplis Li te bay li kapasite pou manje ladann yo e rejwi nan travay li. Sa se don Bondye a. Konsa, se pa souvan ke moun nan va konsidere ane lavi li yo, paske 15Bondye kenbe l okipe tout tan ak rejwisans kè li.

Source notes (15)
  1. Cross-reference I Sam 15:22
  2. Cross-reference Pwov 20:25
  3. Cross-reference Job 11:2
  4. Cross-reference Nonb 30:2
  5. Cross-reference Pwov 20:25
  6. Cross-reference Ekl 3:14
  7. Cross-reference Éz 18:18
  8. Cross-reference Ekl 1:8
  9. Cross-reference Ekl 2:9
  10. Cross-reference Pwov 3:24
  11. Cross-reference Ekl 6:2
  12. Cross-reference Sòm 49:17
  13. Cross-reference Ekl 2:10
  14. Cross-reference II Kwo 1:12
  15. Cross-reference Egz 23:25

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.