Bib Sen An
Eklezyas 6
Gen yon 1mal ke m konn wè anba syèl la e ki gaye patou pami lòm— Yon nonm ke Bondye 2fin bay richès, byen ak lonè, jiskaske nanm li pa manke anyen nan tout sa ke li dezire. Men Bondye pa kite li manje ladann, paske yon etranje ap jwi benefis yo. Sa se vanite ak gwo malè.
Si yon nonm fè yon santèn timoun e viv anpil ane, malgre fòs kantite ke yo kapab ye, men nanm li pa janm satisfè ak bon bagay, e li pa menm ka fè yon bon antèman; alò, mwen di: 3“Pito li te sòti kon foskouch nan vant li.” Paske li parèt an ven e non li vin kouvri nan fènwa. Li pa janm wè solèy la, e li p ap janm konnen anyen; li pi bon pase lòt la. Menm si lòt la viv pandan mil ane de fwa e pa rejwi de bon bagay—èske se pa tout moun ki ale menm kote a? 4Tout travay a lòm se pou satisfè bouch li; malgre sa, apeti li pa janm satisfè. Paske, se ki lavantaj yon nonm saj genyen sou yon moun san konprann? Ki lavantaj malere a genyen nan konnen jan pou mache devan sila ki vivan yo? Sa ke zye wè pi bon pase sa ke nanm dezire. Sa tou, se san rezon ak kouri dèyè van. Tout sa ki egziste te gen non deja, e yo tout konnen sa ke lòm nan ye; paske li 5pa ka goumen ak sila ki pi fò pase l. Paske, gen anpil pawòl ki ogmante vanite. Alò, se ki lavantaj pou yon nonm? Paske kilès ki konnen sa ki bon pou yon nonm pandan lavi li, pandan ti kras ane lavi li ki san rezon an? Li va pase yo tankou lonbraj. Paske se kilès ki ka di 6sa k ap rive apre li anba solèy la?
Source notes (6)
- Cross-reference Ekl 5:13
- Cross-reference I Wa 3:13
- Cross-reference Job 3:16
- Cross-reference Pwov 16:26
- Cross-reference Job 9:32
- Cross-reference Ekl 3:22
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.