Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Eklezyas 7

Yon 1bon non pi bon pase yon pomad swa, e jou mouri pi bon pase jou nou te ne a. Li pi bon pou ale nan kay k ap fè dèy pase nan kay k ap fè fèt; paske se konsa ke 2chak moun va fini, e sila ki vivan an pran sa a kè. Tristès pi bon pase ri; paske lè figi moun nan tris, kè a vin pi bon. Panse a saj la anndan lakay k ap fè dèy; men panse a san konprann nan kay plezi. Li pi bon pou koute repwòch a yon nonm saj pase pou yon moun ta koute chanson a moun san konprann yo. Paske tankou bwa pikan sèch pete nan dife; se konsa 3lè yon nonm ensanse ap ri; epi sa anplis se vanite. Paske chantay ka fè yon nonm saj vin fou, e 4lajan anba tab fè kè vin konwonpi. Lè yon bagay 5fin fèt, li pi bon pase lè l te kòmanse a.

Pasyans nan lespri pi bon pase awogans lespri a. Pa 6chofe kè ou pou vin fache; paske fache rete nan kè a moun ensanse. Pa di: “Poukisa jou lontan yo te pi bon pase jodi a”? Paske nanpwen sajès nan kesyon sa a.

Sajès ansanm ak eritaj bon, e se yon 7avantaj pou sila ki konn wè solèy yo. Paske sajès se yon pwotèj, menm ke lajan se yon pwotèj la; men avantaj a bon konprann nan se ke 8sajès va prezève lavi a sila ki genyen l.

Konsidere zèv Bondye yo, paske se kilès ki 9ka drese sa ke Li menm te koube? Nan jou bonè yo fè kè kontan; men 10nan jou malè yo, reflechi—Bondye te fè tou de pou lòm pa dekouvri anyen nan sa k ap swiv li.

Mwen te wè tout bagay pandan 11tout jou vanite mwen yo; gen yon nonm dwat ki mouri nan ladwati, ak yon nonm mechan ki fè vi li long ak mechanste li a. Pa fè eksè nan ladwati, 12ni pa vin twò saj. Poukisa ou ta detwi pwòp tèt ou? Pa fè eksè nan mechanste, ni pa vin ensanse. Poukisa ou ta vle 13mouri avan lè ou? Li bon pou ou ta kenbe pran yon bagay san ou pa lage lòt la; paske sila ki 14gen lakrent Bondye a ap vini ak tou de. 15Sajès ranfòse yon nonm saj plis pase dis gwo chèf ki nan yon vil. Anverite, 16nanpwen yon moun dwat sou latè ki fè sa ki bon tout tan, e ki pa janm peche. Anplis, pa pran a kè tout pawòl ki pale, sof ke ou ta tande sèvitè ou lè l ap 17bay ou madichon. Paske ou vin konprann ke ou menm tou anpil fwa konn bay moun madichon. Mwen te tante fè tout sa ak sajès e mwen te di: “Mwen va saj”, men sa te chape lwen mwen. Sa ki te konn egziste vin lwen, e se yon 18mistè menm. Se kilès ki ka dekouvri li? Mwen te 19dirije panse m pou konnen; pou fè ankèt e chache sajès avèk rezon, e pou konnen mechanste se foli; e foli menm rive fè moun fou.

Epi mwen te dekouvri pi anmè pase mouri, kè a fanm ki fè pèlen an. Men li yo se tankou chenn. Yon moun ki plè Bondye va chape anba men l, men 20pechè a va vin kaptire anba l.

“Gade byen, se sa mwen dekouvri,” predikatè a di: “Ajoute yon bagay a yon lòt pou twouve konprann.” Sou sila m toujou ap chache a, men m poko jwenn; mwen te twouve yon nonm pami mil, men mwen pa t jwenn 21fanm pami tout sa yo. Men gade, se sèl sa mwen dekouvri; Bondye te fè lòm kanpe dwat, men yo chache anpil manèv pou vin koube.

Source notes (21)
  1. Cross-reference Pwov 22:1
  2. Cross-reference Ekl 2:14-16
  3. Cross-reference Ekl 2:2
  4. Cross-reference Egz 23:8
  5. Cross-reference Ekl 7:1
  6. Cross-reference Pwov 14:7
  7. Cross-reference Pwov 8:10-11
  8. Cross-reference Pwov 3:18
  9. Cross-reference Ekl 1:15
  10. Cross-reference Det 8:5
  11. Cross-reference Ekl 6:12
  12. Cross-reference Wo 12:3
  13. Cross-reference Job 22:16
  14. Cross-reference Ekl 3:14
  15. Cross-reference Ekl 7:12
  16. Cross-reference I Wa 8:46
  17. Cross-reference Pwov 30:10
  18. Cross-reference Wo 11:33
  19. Cross-reference Ekl 1:15-17
  20. Cross-reference Pwov 22:14
  21. Cross-reference I Wa 11:3

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.