Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Eklezyas 8

Se kilès ki tankou nonm saj ki konnen sans a yon bagay? Sajès a yon nonm klere li e fè vizaj sevè li a vin briye.

Mwen di: “Swiv lòd wa a akoz 1sèman ki te fèt devan Bondye a. Pa prese 2abandone lòd li. Pa jwenn ou menm nan yon move konbinezon, paske l ap fè nenpòt sa ki fè li plezi.” Akoz pawòl a wa a pote otorite, 3se kilès ki va di l: “Kisa w ap fè la a?” Sila ki swiv yon kòmand wayal pa 4jwenn twoub; paske yon kè saj konnen tan ak mwayen ki bon pou aji. Paske 5gen yon tan ak mwayen ki bon pou chak plezi, malgre pwoblèm moun an peze lou sou li. Si pa gen pèsòn ki 6konnen ki sa k ap vin rive, se kilès ki ka di li kilè li va rive. Nanpwen moun ki ka sèvi ak van pou anpeche van, ni ki gen otorite sou jou lanmò a; epi pa gen lese tonbe ni kite nan tan lagè, ni 7mal la kap fèt p ap delivre sila ki fè l yo.

Tout sa mwen konn wè yo, e konn aplike panse m a tout zèv ki te fèt anba solèy la, kote moun sèvi 8otorite l sou lòt pou fè mal la. Konsa, mwen konn wè mechan yo antere, menm sila ki te konn antre sòti nan lye sen yo, e 9ase vit yo vin bliye nèt nan menm vil kote yo te aji konsa a. Sa tou, se vanite. Akoz jijman kont yon zak mechan pa rive ase vit; akoz sa, 10kè fis a lòm nan ki rete pami yo vin dedye nèt pou fè mal. Malgre yon pechè fè mal san fwa e mennen yon vi ki long, mwen toujou konnen ke sa 11prale byen pou sila ki gen lakrent Bondye yo, ki gen lakrent devan L yo. Men, sa 12pa prale byen pou moun mechan an, e li p ap pwolonje jou li yo tankou yon lonbraj, paske li pa gen lakrent Bondye.

Gen yon vanite ki fèt sou latè, sa vle di, gen 13moun dwat ki vin viktim a mechan yo. Yon lòt kote, gen moun mechan an ki vin tonbe akoz zèv moun dwat yo. Mwen di sa anplis se vanite. Pou sa, mwen te rekòmande plezi; paske, pa gen anyen pou 14yon nonm anba solèy la fè sof ke manje, bwè, e fè plezi; epi sa va fè l kanpe nan travay di li diran tout jou lavi, ke Bondye te bay li anba solèy la.

Lè mwen te bay kè m pou aprann sajès ak pou m wè tach ki te konn fèt sou tè a, (malgre sa ta fè yon moun pa janm dòmi ni lajounen, ni lannwit), konsa, lè mwen te wè tout zèv Bondye te fè, mwen te vin aprann ke 15lòm p ap kapab dekouvri travay ki te konn fèt anba syèl la. Malgre lòm ta chache ak tout dilijans, li p ap twouve li. Malgre yon nonm saj ta di: “Mwen konnen”, li p ap ka dekouvri li.

Source notes (15)
  1. Cross-reference Egz 22:11
  2. Cross-reference Ekl 10:4
  3. Cross-reference Job 9:12
  4. Cross-reference Pwov 12:21
  5. Cross-reference Ekl 3:1-17
  6. Cross-reference Ekl 3:22
  7. Cross-reference Ekl 8:13
  8. Cross-reference Ekl 4:1
  9. Cross-reference Ekl 1:11
  10. Cross-reference Ekl 9:3
  11. Cross-reference Det 4:40
  12. Cross-reference Ekl 8:8
  13. Cross-reference Sòm 73:14
  14. Cross-reference Ekl 2:24
  15. Cross-reference Ekl 3:11

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.