Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Women Yo 5

1

Konsa, akoz ke nou jistifye pa lafwa, nou gen lapè avèk Bondye atravè Senyè nou an Jésus Kri. Selon Li menm tou pa lafwa, nou te 2twouve aksè a gras sa a ki fè nou kanpe fèm. Epi nou rejwi nan esperans laglwa Bondye a. Pa sèlman sa, men nou 3rejwi nan tribilasyon nou yo, paske nou konnen ke tribilasyon sa a pote pèseverans. E pèseverans fè bon karaktè, e bon karaktè, esperans. Epi esperans 4p ap janm fè nou desi, paske lanmou Bondye gen tan vide nan kè nou atravè Lespri Sen an ki te bay a nou menm nan.

Paske pandan nou te ankò san defans, nan moman an menm, 5Kris te mouri pou sila ki te san Bondye yo. Se pa fasil ke yon nonm ta mouri pou yon moun ki jis, men petèt pou yon bon moun, li ta kab gen kouraj pou mouri. Men Bondye montre tout 6lanmou li anvè nou, ke pandan nou te ankò pechè, Kris te mouri pou nou.

Anplis ke sa, akoz ke nou gen tan jistifye 7pa san li, nou va sove 8de lakòlè Bondye a atravè Li menm. Paske, si pandan nou te ankò 9lènmi, nou te rekonsilye a Bondye pa lanmò a Fis Li a, anplis ke sa, akoz nou gen tan rekonsilye, nou va sove pa lavi Li.

Epi pa sèlman sa, men osi nou rejwi nan Bondye atravè Senyè nou an, Jésus Kri. Atravè Li menm nou gen tan 10rekonsilye. Pou sa, se konsa pa yon sèl moun peche te antre nan lemonn, e 11lanmò pa peche a, konsa lanmò te rive a tout moun paske tout moun fè peche. Paske jiska Lalwa a te rive, peche 12te deja nan lemonn, men peche pa t kapab resevwa jijman kote ki pa gen lalwa. Malgre sa, lanmò te renye soti nan Adam jiska Moïse, menm sou sila ki pa t fè peche yo 13sanblab ak ofans Adam an, ki se te yon pòtre a Sila ki te gen pou vini an.

Men kado gratis la pa sanble avèk transgresyon an. Paske si akoz transgresyon a yon sèl moun, anpil moun te mouri, menm bokou plis ke sa, lagras Bondye, ak kado pa 14lagras a yon sèl òm, Jésus Kri, vin jistifye anpil moun. Kado a se pa tankou sila ki te vini pa moun ki te peche a; paske 15jijman an te sòti nan yon sèl transgresyon ki te bay rezilta a kondanasyon, men kado gratis la, ki te soti akoz anpil transgresyon yo, te bay kon rezilta a, jistifikasyon. Paske si pa transgresyon a yon moun, lanmò te renye akoz li menm, bokou plis ke sa, sila ki resevwa gras an abondans ak kado ladwati a, ap 16renye nan lavi atravè Li menm, Jésus Kri.

Konsa, kòm pa yon transgresyon, kondanasyon a tout moun te rive, menm jan an ak yon sèl aksyon ladwati te rive 17jistifikasyon anvè lavi pou tout moun. Paske menm jan ke dezobeyisans a yon moun te fè tout moun vin pechè, menm jan an, obeyisans a yon moun va fè anpil moun vin jis. Lalwa a te vini pou transgresyon an te kapab vin plis, men kote peche te vin plis 18lagras te abonde pi plis toujou. Konsa, menm jan ke peche te renye nan lanmò, 19konsa tou lagras te renye pa ladwati, jiska lavi etènèl nan Jésus Kri Senyè nou an.

Source notes (19)
  1. Cross-reference Wo 3:28
  2. Cross-reference Ef 2:18
  3. Cross-reference Mat 5:12
  4. Cross-reference Sòm 119:116
  5. Cross-reference Wo 4:25
  6. Cross-reference Jn 3:16
  7. Cross-reference Wo 3:25
  8. Cross-reference Wo 1:18
  9. Cross-reference Wo 11:28
  10. Cross-reference Wo 5:10
  11. Cross-reference Wo 6:23
  12. Cross-reference Wo 4:15
  13. Cross-reference Os 6:7
  14. Cross-reference Trav 15:11
  15. Cross-reference I Kor 11:32
  16. Cross-reference II Tim 2:12
  17. Cross-reference Wo 4:25
  18. Cross-reference Wo 6:1
  19. Cross-reference Jn 1:17

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.