Bib Sen An
Women Yo 6
Konsa, Kisa nou kapab di? Èske n ap 1kontinye nan peche pou lagras kapab vin plis? Ke sa pa janm fèt! Kijan nou menm ki te mouri a peche nou kapab kontinye viv nan li? Oubyen èske nou pa konnen ke nou tout ki batize nan 2Kris Jésus a, gen tan batize nan lanmò li? Konsa, nou gen tan 3antere avèk Li pa batèm nan lanmò Li a, pouke menm jan Kris te leve soti vivan nan lanmò a pa laglwa a Papa a, nou osi kapab mache nan nouvèl vi a.
Paske 4si nou vin sanble avèk Li nan lanmò Li, n ap vin sanble avèk Li nan rezirèksyon Li tou. Byen rekonesan ke 5ansyen moun nou an te krisifye avèk Li, pouke kò peche nou an ta kapab vin disparèt pou nou kab pa esklav a peche ankò. Paske sila ki gen tan mouri an, libere de peche. Alò 6si nou gen tan mouri avèk Kris, nou kwè osi ke n ap viv avèk Li. Paske nou konnen ke Kris ki te 7leve soti nan lanmò a, p ap janm mouri ankò. Lanmò pa mèt Li ankò. Paske lanmò ke Li te mouri an, Li te mouri anvè peche, yon fwa pou tout, men vi ke L ap viv la, L ap viv pou Bondye. Menm jan konsidere nou menm kòm 8mò ak peche, men vivan anvè Bondye nan Jésus Kri.
Konsa, pa kite peche 9renye nan kò mòtèl nou an, pou nou ta obeyi tout mal dezi li yo. Pa kontinye ofri manm kò nou a peche kòm enstriman a lenjistis, men 10prezante nou menm a Bondye kòm moun ki deja vivan soti nan lanmò, e manm kò nou a Bondye kòm enstriman ladwati. Paske 11peche pa dwe mèt nou, paske 12nou pa anba Lalwa, men anba gras.
Kisa Ankò? 13Èske n ap fè peche paske nou pa anba Lalwa, men anba gras? Ke sa pa janm fèt! Èske nou pa konnen ke lè nou livre tèt nou a yon moun kòm 14esklav obeyisan, nou vin esklav a sila ke nou obeyi a; swa a peche ki bay kòm rezilta lanmò, oubyen a obeyisans ki bay kòm rezilta ladwati? Men mèsi Bondye, malgre nou te esklav a peche, nou te vin obeyisan nan kè nou a 15menm doktrin ke nou te resevwa a. Epi lè nou te 16libere de peche, nou te vin esklav a ladwati.
M ap pale nan tèm a moun, akoz feblès lachè nou. Paske menm jan avan 17ke nou te konn prezante manm kò nou kòm esklav a salte ak linikite, ki te bay kòm rezilta, plis linikite toujou, koulye a prezante yo kòm esklav a ladwati ki bay kòm rezilta, sanktifikasyon. Paske 18lè nou te esklav de peche a, nou te lib de sa ki konsène ladwati. Donk Ki 19benefis nou te twouve konsa ki soti nan bagay yo ki fè nou wont koulye a? Paske sa ki soti nan bagay sa yo se lanmò. Men koulye a ke nou gen tan 20fin lib de peche, e vin esklav a Bondye, nou twouve benefis nou ki bay kòm benefis sanktifikasyon, e kòm rezilta, lavi etènèl. Paske salè a 21peche se lanmò, men kado gratis Bondye a, se lavi etènèl nan Jésus Kri, Senyè nou an.
Source notes (21)
- Cross-reference Wo 3:8
- Cross-reference Trav 2:38
- Cross-reference Kol 2:12
- Cross-reference II Kor 2:10
- Cross-reference Ef 4:22
- Cross-reference Wo 6:4
- Cross-reference Trav 2:24
- Cross-reference Wo 6:2
- Cross-reference Wo 6:14
- Cross-reference Wo 12:1
- Cross-reference Wo 8:6
- Cross-reference Wo 7:4
- Cross-reference Wo 6:1
- Cross-reference Jn 8:34
- Cross-reference II Tim 1:13
- Cross-reference Jn 8:32
- Cross-reference Wo 6:13
- Cross-reference Mat 6:24
- Cross-reference Jr 12:13
- Cross-reference Jn 8:32
- Cross-reference Wo 6:16
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.