Bib Sen An
Women Yo 7
Oubyen èske nou pa konnen, 1frè m yo, (m ap pale avèk sila ki konnen Lalwa yo), ke Lalwa gen pouvwa sou yon moun pandan tout tan ke li vivan? Paske yon 2fanm ki marye vin mare pa lalwa a mari li pandan mari li vivan, men si mari li mouri, fanm nan vin lib de lalwa ak sa ki konsène mari li a. Kidonk, si li vin jwenn yon lòt gason pandan mari li vivan an, yo va rele li yon adiltè, men si mari a mouri, li va lib de lwa a pou li pa yon adiltè, malgre li jwenn yon lòt gason. Donk Frè m yo, nou menm tou nan kò Kris la, nou te 3oblije mouri 4a Lalwa a pou nou te kapab vin jwenn yon lòt, a Sila ki te leve soti nan lanmò a pou nou menm ta kapab pote fwi pou Bondye. Paske pandan nou te nan lachè, Lalwa a te fè move pasyon yo 5leve nan nou, ki t ap travay 6nan manm kò nou yo, pou donnen fwi pou lanmò. Men koulye a nou gen tan fin lage de lwa sa a. Kòmsi 7nou te mouri de sa ki te mare nou an e koulye a nou sèvi yon lòt jan avèk yon Lespri de nouvo, e pa nan lansyen sistèm a lèt lalwa a.
Donk kisa nou kapab di? Èske Lalwa se peche? Pa janm kite nou panse sa! Okontrè, mwen pa t ap konnen peche sof ke Lalwa te montre m li. Mwen pa t ap konnen anyen sou 8“lanvi” si se pa Lalwa ki di m “Ou pa pou gen lanvi”. Men peche, ki te pran opòtinite atravè9Lalwa a, te prodwi nan mwen lanvi de tout kalite; paske san Lalwa a, peche mouri. Yon fwa, mwen te vivan separe de Lalwa a, men lè kòmandman an te vini, peche te pran lavi, e mwen te mouri. Konsa, kòmandman sa a ki te 10fèt pou bay lavi a, te bay lanmò kòm rezilta pou mwen. Paske peche, ki te pran opòtinite pa kòmandman an, 11te twonpe mwen e akoz sa, te touye mwen. 12Alò, konsa Lalwa a sen, e kòmandman an sen, jis e bon.
Donk èske li posib ke sa ki te bon ta devni kòz lanmò mwen? 13Ke nou pa janm panse sa! Olye de sa, se te peche ki te fè sa a, pou li ta fè m wè sa ke peche ye. Konsa li te fè m mouri ak sa ki bon an, pouke selon kòmandman an, li ta montre m kijan peche kondane nan nivo ki piwo a. Paske nou konnen ke Lalwa a 14baze sou lespri Bondye a menm. Men mwen menm se chè. Mwen te vann kòm esklav a peche. Paske sa ke m ap fè yo, mwen pa konprann yo. Mwen p ap pratike 15sa ke m ta renmen fè, men m ap fè bagay ke m rayi. Men si m fè bagay m pito pa vle fè a, mwen vin dakò avèk 16Lalwa a, e admèt ke Lalwa a bon. Donk Koulye a 17se pa mwen k ap fè l la ankò, men se peche ki rete nan mwen an. Paske mwen konnen ke anyen ki bon pa rete nan mwen, sa vle di nan 18chè mwen. Paske bòn volonte a prezan nan mwen, men pou fè sa ki bon an pa janm fèt. 19Paske bon bagay ke mwen vle a, mwen pa janm fè li, men mwen pratike menm mal ke m pi pa vle a. Men si mwen ap fè menm bagay ke m pi pa vle a, 20mwen pa moun k ap fè l la ankò, men se peche ki rete nan mwen an. Donk, mwen twouve kòm21prensip ke mal toujou prezan nan mwen, mwen menm ki vle fè sa ki bon an. Paske, plen ak lajwa, mwen vin dakò avèk Lalwa Bondye ki aji 22andedan an, men nan manm kò mwen, mwen wè yon 23lòt lwa k ap goumen kont Lalwa volonte lespri mwen an e k ap fè m prizonye lwa peche ki nan manm mwen yo. Moun mizerab ke mwen ye! Ki moun k ap libere m soti nan 24kò lanmò sa a? Mèsi a Bondye atravè Jésus Kri Senyè nou an! Konsa, yon kote, nan panse m, m ap sèvi Lalwa Bondye a. Men yon lòt kote, avèk chè mwen, m ap sèvi lalwa peche a.
Source notes (24)
- Cross-reference Wo 1:13
- Cross-reference I Kwo 7:39
- Cross-reference Wo 7:6
- Cross-reference Gal 2:19
- Cross-reference Wo 7:7
- Cross-reference Wo 6:13,21,23
- Cross-reference Wo 6:2
- Cross-reference Egz 20:17
- Cross-reference Wo 3:20
- Cross-reference Lev 18:5
- Cross-reference Jen 3:13
- Cross-reference Wo 7:16
- Cross-reference Luc 20:16
- Cross-reference I Kwo 3:1
- Cross-reference Wo 7:19
- Cross-reference Wo 7:12
- Cross-reference Wo 7:20
- Cross-reference Jn 3:6
- Cross-reference Wo 7:15
- Cross-reference Wo 7:17
- Cross-reference Wo 7:23,25
- Cross-reference II Kwo 4:16
- Cross-reference Wo 6:19
- Cross-reference Wo 6:6
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.