Bib Sen An
Women Yo 8
Konsa nanpwen okenn 1kondanasyon pou sila ki nan 2Kris Jésus yo, ki pa mache selon lachè a, men selon Lespri a. Paske lalwa Lespri lavi a nan Jésus Kri te libere nou de Lalwa peche ak lanmò a. Paske 3sa ke Lalwa a pa t kab fè akoz feblès li anvè lachè a, Bondye te fè l lè Li te voye pwòp Fis li menm nan imaj a chè peche a, kòm yon ofrann pou peche. Konsa, Li te kondane peche nan lachè, pou tout egzijans Lalwa a ta kapab akonpli nan nou menm, ki 4pa mache ankò selon lachè, men selon Lespri a. Paske sila ki viv selon lachè yo konsantre panse yo nan 5tout bagay ki konsène lachè a, men sila ki viv selon Lespri a, konsantre panse yo sou 6tout bagay Lespri yo. 7Paske panse ki konsantre sou lachè a se lanmò, men panse ki konsantre sou Lespri a se lavi ak lapè. Konsa, panse ki konsantre sou lachè se 8lènmi a Bondye, paske li pa soumèt tèt li a Lalwa Bondye. Paske li pa posib pou lachè a fè sa. Konsa, sila ki 9nan lachè yo pa kapab fè Bondye plezi.
Men nou pa nan lachè a, men nan Lespri a, si vrèman Lespri Bondye a 10rete nan nou. Men si yon moun pa gen Lespri Kris la, li pa moun pa L. 11Si Kris nan nou, malgre kò a mouri akoz peche, lespri a ap viv akoz ladwati Bondye. Men si Lespri de Li menm ki te resisite Jésus nan lanmò a rete nan nou, Li menm ki te 12fè Jésus Kri leve soti nan lanmò a ap bay lavi a kò mòtèl nou an pa Lespri Li ki rete andedan nou an.
Konsa, frè m yo, nou pa anba obligasyon lachè a, pou viv selon lachè. Paske si nou ap viv selon lachè, nou ap mouri, men si se selon Lespri a, n ap 13mete tout zèv lachè yo a lanmò, e n ap viv. Paske, tout moun 14ki ap dirije pa Lespri Sen Bondye a, se fis Li yo ye. Paske nou 15pa t resevwa yon Lespri esklavaj, pou fè nou retounen viv nan laperèz, men nou 16te resevwa yon Lespri adopsyon kon fis. Pa lespri sila nou rele “Abba! Papa a.
Lespri a Li menm 17temwaye a lespri pa nou ke nou se pitit Bondye. Si se pitit li nou ye, n ap 18eritye tou. N ap eritye de Bondye e eritye ansanm avèk Kris, si vrèman nou soufri avè l pou nou kapab vin gen glwa ansanm avè l.
Paske, mwen konsidere soufrans lan nan tan sa a 19pa kapab konpare menm avèk laglwa ki va revele a nou menm nan. Paske tout kreyasyon an ap tann avèk gwo lanvi 20revelasyon a fis Bondye yo. Paske kreyasyon an te 21sibi anba 22kòve, pa selon pwòp volonte pa li, men akoz Bondye ki te fè l soumèt, nan esperans lan; ke 23kreyasyon an li menm osi va libere soti nan esklavaj a koripsyon, pou l antre nan libète laglwa a fis Bondye yo. Paske nou konnen ke jis nan lè sa a tout kreyasyon ap 24leve vwa li nan gwo plent tankou fanm k ap fè pitit. Epi se pa sèlman sa, men nou menm osi ki gen 25premye fwi Lespri yo, menm nou menm, nou plenyen menm jan an anndan nou, pandan n ap tann adopsyon nou kòm fis, ak redanmsyon a kò mòtèl nou an. Paske nou te sove nan espwa, men 26espwa a yon bagay nou kapab wè se pa espwa. Poukisa yon moun ta espere yon bagay ke li wè deja? Men 27si nou espere sa ke nou pa wè, nou ap tann li avèk gwo lanvi ak pèseverans.
Menm jan an, Lespri a ede nou tou nan feblès nou; paske nou pa konnen kòman pou nou priye jan nou ta dwe priye a. Men 28Lespri a Li menm entèsede pou nou avèk soupi ki pa kapab eksprime. Men 29Li menm ki sonde kè yo konnen panse a Lespri a, paske Li entèsede pou tout sen yo selon volonte Bondye a.
Konsa nou konnen ke Bondye fè 30tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te 31rele selon volonte Li yo. Paske sila ke Li te 32konnen oparavan yo, Li te chwazi yo depi avan pou vin konfòm a limaj a Fis Li a, pou Li ta kapab premye ne pami anpil frè. Epi sila ke Li te chwazi oparavan yo, Li te anplis rele yo, e sila Li te rele yo, Li te 33jistifye yo, e sila Li te jistifye yo, anplis, Li te 34glorifye yo.
Konsa, kisa nou kapab di de bagay sa yo? 35Si Bondye pou nou, kilès ki kab kont nou? Li menm ki 36pa t epagne pwòp Fis Li, men te livre Li pou nou tout, kijan Li ta refize bay nou tout bagay tou? Kilès k ap pote yon akizasyon kont sila ke Bondye chwazi yo? Se 37Bondye menm ki fè moun jis. Kilès ki kab kondane? Se Jésus Kri ki te mouri pou nou an, wi, pito di ki te leve a, ki rete sou men dwat Bondye, e ki 38ap entèsede pou nou tou.
Kilès k ap separe nou de lanmou Kris la? Èske se 39tribilasyon, soufrans 40pèsekisyon, grangou, toutouni, gwo danje, oubyen nepe? Jan sa ekri a: 41
“Pou kòz pa w, yo mete nou a lanmò tout lajounen.
Nou te konsidere kòm mouton ki prè pou kòche.”
Men, nan tout bagay, nou plis ke 42venkè atravè Sila a ki renmen nou an. Paske mwen konvenk ke 43ni lanmò, ni lavi, ni zanj yo, ni wayòm yo, ni bagay k ap pase koulye a, ni bagay k ap vini pi devan, ni pouvwa yo ni wotè, ni pwofondè, ni lòt bagay ki kreye, pa kapab separe nou de 44lanmou Bondye, ki nan Kris Jésus, Senyè nou an.
Source notes (44)
- Cross-reference Wo 8:34
- Cross-reference Wo 8:9
- Cross-reference Trav 13:39
- Cross-reference Gal 5:16,25
- Cross-reference Gal 5:19-21
- Cross-reference Gal 5:22-25
- Cross-reference Gal 6:8
- Cross-reference Jc 4:4
- Cross-reference Wo 7:5
- Cross-reference Jn 14:23
- Cross-reference Jn 17:23
- Cross-reference Trav 2:24
- Cross-reference Kol 3:5
- Cross-reference Gal 5:18
- Cross-reference Eb 2:15
- Cross-reference Wo 8:23
- Cross-reference Trav 5:32
- Cross-reference Trav 20:32
- Cross-reference II Kwo 4:17
- Cross-reference Wo 8:18
- Cross-reference Jen 3:17-19
- Cross-reference Sòm 39:5
- Cross-reference Trav 3:21
- Cross-reference Jr 12:4,11
- Cross-reference Wo 8:16
- Cross-reference Wo 4:18
- Cross-reference I Tes 1:3
- Cross-reference Jn 14:16
- Cross-reference Sòm 139:1
- Cross-reference Wo 8:32
- Cross-reference Wo 8:30
- Cross-reference Wo 11:12
- Cross-reference I Kwo 6:11
- Cross-reference Jn 17:22
- Cross-reference Sòm 118:6
- Cross-reference Jn 3:16
- Cross-reference És 50:8
- Cross-reference Wo 8:27
- Cross-reference II Kwo 4:8
- Cross-reference I Kwo 4:11
- Cross-reference Sòm 44:22
- Cross-reference Jn 16:33
- Cross-reference I Kwo 3:22
- Cross-reference Wo 5:8
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.