Bib Sen An
Women Yo 9
M ap di nou verite nan Kris la, mwen p ap bay manti. Konsyans mwen temwaye pou mwen nan Lespri Sen an, ke mwen gen yon gran tristès ak doulè san rete nan kè mwen. Paske mwen 2te kab vle ke se mwen menm ki te kondane, separe de Kris pou lanmou frè m yo, fanmi mwen, 3selon lachè. Yo se 4Izrayelit ki te resevwa adopsyon kòm fis yo, ak laglwa akò yo, don Lalwa a, sèvis nan tanp lan, ak tout pwomès yo; ki gen patriyach yo, e 5ki se zansèt a Kris la selon lachè; Li menm ki sou tout bagay, Bondye beni pou tout tan an. Amen.
Men se pa kòmsi pawòl Bondye a fè fayit. 6Paske se pa yo tout ki Izrayelit ki sòti nan ras Israël, ni 7se pa tout pitit ki sòti nan Abraham ki se pitit li. Men: 8“Selon Isaac desandan ou yo va nonmen”. Sa vle di, se pa zanfan lachè yo ki se pitit Bondye, men 9zanfan a pwomès la ki konsidere kòm eritye yo. Paske men pawòl a pwomès la: 10“Nan moman apwente a, m ap vini e Sarah va gen yon fis.” Epi se pa sèlman sa, men te gen11Rebecca osi, lè li te fè jimo yo pou yon sèl moun, Isaac, papa nou. Paske 12malgre jimo yo potko fèt e potko fè anyen ni byen ni mal, pou volonte Bondye selon chwa li ta kanpe, pa akoz zèv yo, men akoz Li menm, Bondye, ki fè apèl la, Li te di a Rebecca: 13“Pi gran an va sèvi pi piti a”. Jan sa ekri a: 14“Jacob Mwen te renmen an, men Ésaü mwen te rayi a”.
Ki sa nou kapab di konsa? Èske gen lenjistis avèk Bondye? Fòk nou konprann sa pa janm fèt! Paske Li di a Moïse: 15“Mwen va bay mizerikòd a sila ke m vle bay mizerikòd, e konpasyon pou sa ke m vle gen konpasyon.” Konsa, sa pa depann de moun ki vle a oubyen moun ki kouri a, men de 16Bondye ki vle bay mizerikòd la. Paske 17Lekriti a di a Farawon: “Pou rezon sa a menm, Mwen te leve ou, pou montre pouvwa Mwen nan ou, pou non Mwen kapab pwoklame toupatou nan lemonn.” Konsa, L ap fè mizerikòd a sila Li vle a, e l ap fè 18kè di a sila Li pito a.
Konsa nou va di m: “Poukisa Li toujou jwenn fot? 19Kilès ki kab reziste a volonte Li.” Okontrè, 20kilès ou ye, o lòm, k ap bay Bondye repons lan? 21Bagay ki moulen avèk ajil la pa kapab di a moun ki fè l la: “Poukisa ou te fè m konsa?” Se pa sa? Èske mèt kanari a pa gen dwa sou ajil la, pou l sèvi menm sous ajil la pou fè yon kanari gwo valè e yon kanari komen? Kisa, si Bondye, malgre volonte L pou montre lakòlè Li, ak fè moun wè pwisans Li, te andire avèk anpil pasyans ak veso lakòlè 22ki te prepare pou detwi yo. Epi Li te fè sa pou Li ta kapab fè wè 23richès laglwa Li sou veso mizerikòd yo, ke li te prepare davans pou glwa Li, menm nou menm ke Li te rele osi yo, 24non sèlman pami Jwif yo, men anplis pami pèp etranje yo. Jan Li di osi nan Osée a: 25
“Mwen va rele sila ki pa te pèp mwen yo, ‘pèp mwen’,
e sila ki pa t byeneme Mwen yo, ‘byeneme’”
“Epi li va rive ke nan plas kote Li te di yo a: 26‘Nou pa pèp mwen’,
la menm, yo va rele yo fis a Bondye Vivan an.’”
Ésaïe te kriye fò pou Israël: 27
“Malgre fis a Israël yo anpil tankou grenn sab lanmè, se yon ti retay ki va sove”. 28
“Paske Bondye va egzekite pawòl Li sou latè avèk vitès, san manke anyen.
Epi jan Ésaïe te prevwa a: 29
“Amwenske Senyè dèzame yo pa t kite yon posterite pou nou,
nou ta devni tankou Sodome;
nou ta sanble Gomorrhe.”
Konsa, kisa nou kapab di? Ke pèp etranje yo, ki pa t chache ladwati Bondye a, te twouve ladwati, 30ladwati menm ki pa lafwa a. Men Israël 31ki t ap chèche yon lwa ladwati, pa t rive nan lwa sa a. Poukisa? Paske yo pa t chèche li pa lafwa, men konsi se te pa zèv. Yo te bite, sou 32wòch bite a. Jis jan sa ekri a: 33
“Gade, m ap mete yon wòch nan Sion k ap fè moun bite; 34
yon wòch k ap yon ofans,
e sila ki kwè nan Li Menm nan, p ap janm desi.”
Source notes (34)
- Cross-reference II Kwo 11:10
- Cross-reference Egz 32:32
- Cross-reference Wo 11:14
- Cross-reference Egz 4:22
- Cross-reference Mat 1:1-16
- Cross-reference Wo 2:28
- Cross-reference Jn 8:23
- Cross-reference Jen 21:12
- Cross-reference Wo 4:13,16
- Cross-reference Jen 18:10
- Cross-reference Jen 25:21
- Cross-reference Wo 4:17
- Cross-reference Jen 25:23
- Cross-reference Mal 1:2
- Cross-reference Egz 33:19
- Cross-reference Ef 2:8
- Cross-reference Egz 9:16
- Cross-reference Egz 4:21
- Cross-reference II Kwo 20:6
- Cross-reference Job 33:13
- Cross-reference És 29:16
- Cross-reference Pwov 16:4
- Cross-reference Wo 2:4
- Cross-reference Wo 3:29
- Cross-reference Os 2:23
- Cross-reference Os 1:10
- Cross-reference És 10:22
- Cross-reference És 10:23
- Cross-reference És 1:9
- Cross-reference Wo 1:17
- Cross-reference És 51:1
- Cross-reference És 8:14
- Cross-reference És 28:16
- Cross-reference És 8:14
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.