Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Women Yo 10

Frè m yo, dezi kè m ak lapriyè m a Bondye se pou tout Jwif yo kapab sove. Paske mwen temwaye de yo ke yo 1gen yon zèl pou Bondye, men pa selon bon konprann yo. Paske san konesans de 2ladwati Bondye a, yo te eseye etabli ladwati pa yo, e yo pa t soumèt yo menm a jistis Bondye a. Paske 3Kris fè lalwa a akonpli, pou ladwati de tout sila ki kwè yo.

Moïse te ekri ke moun 4ki pratike ladwati ki baze sou Lalwa a ap viv pa jistis sila a. Men 5ladwati ki baze sou lafwa a, pale konsa: 6“Pa di nan kè ou ‘Kilès k ap monte nan syèl la?’ (Sa vle di pou fè Kris desann) Oubyen: ‘Kilès k ap desann nan labim nan’ (sa vle di pou 7mennen Kris sòti nan lanmò).” Men kisa sa di? 8“Pawòl la toupre ou nan bouch ou, ak nan kè ou.” Sa vle di pawòl lafwa ke n ap preche a, ke si ou konfese avèk bouch ou Jésus kòm Senyè, e kwè nan kè ou ke 9Bondye te resisite L, soti nan lanmò, ou va sove. Paske avèk kè yon moun kwè ki fè l rive nan ladwati a, e avèk bouch li konfese ki fè l va sove. Paske Ekriti Sen an di: 10“Nenpòt moun ki kwè nan Li p ap desi.”

Paske 11pa gen distenksyon antre Jwif ak Grèk; paske menm Senyè a se Senyè a tout moun, e Li plen richès pou tout sila ki rele Li yo. Konsa, 12“Nenpòt moun ki rele Non Senyè a ap sove.” Konsa kòman yo va rele Li si yo pa janm kwè? Kòman yo va kwè nan Li 13si yo pa janm tande? Epi kòman yo va tande san 14yon predikatè? Kòman yo va preche yo si yo pa voye ba yo? Jis jan sa ekri a: 15

“A la bèl pye a sila ki pote bòn nouvèl

a bon bagay yo bèl!”

Sepandan, se pa tout moun ki te aksepte bòn nouvèl la; Ésaïe di: 16“Senyè, kilès ki kwè rapò nou an?” Konsa lafwa soti nan 17tande, e tande pa 18pawòl a Kris la. Men mwen di: “Byensi, yo pa janm tande; se pa sa?” Anfèt yo tande: 19

“Vwa pa yo ale sou tout latè e pawòl pa yo rive jis nan dènye pwent mond lan.”

Epi pawòl yo rive nan tout pwent latè a.

Men mwen di: “Byensi Israël pa t konnen; se pa sa?” Dabò, Moïse di: 20

“M ap fè nou jalou pou sa ki pa yon nasyon;

avèk yon nasyon san konprann, m ap fè nou fache.”

Ésaïe, ak kouraj te di: 21“Mwen te twouve pa sila ki pa t chache M yo;

Mwen te vin parèt a sila ki pa t mande pou mwen yo.”

Men selon Israël Li di: “Mwen lonje men m tout lajounen bay yon pèp tèt di e dezobeyisan.”

Source notes (21)
  1. Cross-reference Trav 21:20
  2. Cross-reference Wo 1:17
  3. Cross-reference Wo 7:1-4
  4. Cross-reference Lev 18:5
  5. Cross-reference Wo 9:30
  6. Cross-reference Det 30:12
  7. Cross-reference Eb 13:20
  8. Cross-reference Det 30:14
  9. Cross-reference Trav 2:24
  10. Cross-reference És 28:16
  11. Cross-reference Wo 3:22,29
  12. Cross-reference Jl 2:32
  13. Cross-reference Ef 2:17
  14. Cross-reference Trav 8:31
  15. Cross-reference És 52:7
  16. Cross-reference És 53:1
  17. Cross-reference Gal 3:2,5
  18. Cross-reference Kol 3:16
  19. Cross-reference Sòm 19:4
  20. Cross-reference Det 32:21
  21. Cross-reference És 65:1

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.