Bib Sen An
Women Yo 4
Konsa kisa nou kapab di ke Abraham, zansèt nou 1selon lachè te jwenn kon jijman? Paske si Abraham te jistifye pa zèv, li gen yon bagay pou vante tèt li, men 2pa devan Bondye. Paske kisa Ekriti Sen Yo di?: 3 “Abraham te kwè Bondye e sa te konte kòm ladwati li.” Alò, nou konnen ke sila ki 4travay la, salè li pa konte kòm yon favè, men kòm sa li merite. Men pou sila ki pa travay la, men 5kwè nan Sila ki jistifye pechè yo, lafwa li ap konte kòm ladwati li. Menm jan ke David te pale tou sou benediksyon ki vini sou moun ke Bondye deklare jis apa de zèv li yo: 6
“Beni se tout moun ki gen tan padone pou tout inikite yo,
e ke peche pa yo gen tan fin kouvri. 7
Beni se moun Senyè a pa rann kont pou peche l.”
Konsa èske benediksyon sa a sou sikonsi sèlman, oubyen èske li tonbe sou ensikonsi yo tou? Paske nou di ke: 8“Lafwa a te konte a Abraham kòm ladwati li.” Konsa kòman sa te konte? Pandan li te sikonsi, oubyen pandan li te ensikonsi a? Se pa t pandan li te sikonsi a, men lè li te ensikonsi a! Li te 9resevwa sign sikonsisyon an, kòm yon so ladwati li ke li te genyen pandan li te ensikonsi a, pou li ta kapab vin papa a 10tout sila ki kwè, menm sa yo san sikonsisyon, pou ladwati kapab konte pou yo. Li se papa a sikonsizyon, non sèlman pou sila ki sikonsi yo, men osi a sila yo ki swiv chemen lafwa ke Abraham te genyen pandan li te ensikonsi a.
Paske pwomès a Abraham ak 11desandan li yo pou li te kab resevwa tout lemond kòm eritaj, pa t fèt selon lalwa, men selon ladwati lafwa a. Paske 12si se sila ki gen Lalwa a k ap eritye, lafwa vin pa vo anyen e pwomès la vin anile. Paske Lalwa a pote lakòlè, men 13kote ki pa gen lalwa, pa gen vyolasyon.
Pou rezon sa a, se pa lafwa, pou li ta kapab pa 14gras, ke pwomès la ta kapab asire a tout desandan Abraham yo; non sèlman a sila ki gen Lalwa a, men osi a 15sila ki gen lafwa Abraham nan, ki se papa a nou tout. Jan sa ekri a: 16“Mwen te fè ou Papa a anpil nasyon yo”, devan Sila a ke li (Abraham) te kwè a. Sa vle di, menm Bondye ki bay lavi a mò yo e ki fè egziste tout sila ki pa t janm egziste oparavan yo. Nan espwa kont tout esperans li te kwè, pou li ta kapab vin papa a anpil nasyon, selon sa ki te pale a: 17“Se konsa tout desandan ou yo va ye”. San li pa t vin fèb nan lafwa, li te reflechi sou pwòp kò li, ki te gen tan prèske mouri paske 18li te gen anviwon san lane e 19vant Sarah a te esteril akoz laj li.
Men, selon pwomès a Bondye a, li pa t varye menm nan konfyans li, men te vin fò nan lafwa e 20te toujou bay Bondye lwanj. 21Li te gen asirans konplè ke sa Bondye te pwomèt la, Li ta kapab fè l rive. Donk 22sa te konte osi pou li kòm ladwati. Se 23pa t sèlman pou lakoz li sèl ke yo te ekri ke sa te konte pou li, men anplis pou nou osi sa te konte, kòm sila 24ki kwè nan Li yo; Li menm ki te resisite Jésus Kri, Senyè nou an sòti nan lanmò. Li menm ki te 25livre a lakwa a pou peche nou yo e te resisite pou jistifikasyon nou.
Source notes (25)
- Cross-reference Wo 1:3
- Cross-reference I Kwo 1:31
- Cross-reference Jen 15:6
- Cross-reference Wo 11:6
- Cross-reference Jn 6:29
- Cross-reference Sòm 32:1
- Cross-reference Sòm 32:2
- Cross-reference Jen 15:6
- Cross-reference Jen 17:10
- Cross-reference Wo 3:22
- Cross-reference Jen 17:4-6
- Cross-reference Gal 3:8
- Cross-reference Wo 3:20
- Cross-reference Wo 3:24
- Cross-reference Gal 3:7
- Cross-reference Jen 17:5
- Cross-reference Jen 15:5
- Cross-reference Jen 17:17
- Cross-reference Jen 18:11
- Cross-reference Mat 9:8
- Cross-reference Wo 14:5
- Cross-reference Jen 15:6
- Cross-reference Wo 15:4
- Cross-reference Wo 10:9
- Cross-reference És 53:4; 55
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.