Bib Sen An
Women Yo 3
Konsa, ki avantaj Jwif la genyen? Oubyen ki benefis sikonsizyon genyen? Anpil nan tout aspè. Premyèman 1Jwif yo te konfye avèk tout pawòl ki sòti nan bouch Bondye yo. Answit kisa? Si 2kèk pa t kwè, enkwayans pa yo p ap chanje fidelite Bondye anvè yo. Se pa sa? Ke sa pa janm fèt! Olye de sa, annou ensiste ke Bondye toujou vrè, malgre tout moun se mantè, jan sa ekri a: 3“Ke Ou kapab jistifye nan pawòl Ou yo, e Ou kapab gen rezon lè Ou jije.”
Men si enjistis nou montre jistis Bondye, kisa nou kapab di? Èske Bondye ki dechennen lakòlè Li a, enjis? 4(M ap pale tankou yon moun)? Ke sa pa janm fèt! Otreman, kòman 5Bondye va jije lemond? Men si akoz manti pa m 6verite Bondye a vin parèt jis pou glwa Li, 7poukisa yo toujou jije m kòm yon pechè? Epi poukisa nou pa di (jan kèk ènmi konn di n ap di a): 8“Annou fè mal pou byen kapab soti?” Kondanasyon pa yo jis. Kisa answit? Èske nou pi bon pase yo? Paditou! Paske nou deja di ke ni Jwif ni Grèk, toude koupab anba peche. Jan sa ekri a: 9
“Pa gen moun ki jis, pa menm youn.
Pa gen moun ki gen konprann.
Pa gen moun ki chache Bondye.
Tout detounen, ansanm yo tout vin initil.
Pa gen moun ki fè sa ki bon;
pa menm yon sèl. 10
Gòj pa yo se yon tonm tou louvri.
Avèk lang pa yo, yo miltipliye desepsyon. 11
Pwazon sèpan aspik rete anba lèv yo. 12
Bouch yo anmè nèt e plen ak madichon; 13
pye yo kouri rapid pou fè san koule.
Destriksyon ak mizè toujou rete sou wout yo;
epi chemen k ap mennen lapè a, yo pa konnen l. 14
Nanpwen lakrent Bondye devan zye yo.”
Alò, nou konnen ke nenpòt sa ke Lalwa a di, li pale ak 15sila ki anba Lalwa yo, pou tout bouch kapab fèmen e pou tout mond lan kapab vin responsab devan Bondye. Paske 16pa zèv Lalwa a, pa gen chè k ap jistifye nan zye Li; paske selon Lalwa a, vini konesans peche.
Men koulye a, apa Lalwa sa a, nou wè 17ladwati Bondye byen parèt pa yon temwayaj konplè de Lalwa ak pwofèt yo. Se ladwati Bondye a menm atravè lafwa nan Jésus Kri pou tout sila ki kwè yo, paske 18pa gen patipri. Paske tout moun 19 peche e yo tonbe kout de laglwa Bondye a. Men Yo 20jistifye kòm yon kado pa gras Li atravè redanmsyon ki nan Jésus Kri a, Li menm ke Bondye te fè parèt piblikman kòm yon 21viktim ekspiyatwa nan san Li atravè lafwa. Li te fè sa pou montre jistis Li. Akoz pasyans Li, Bondye pa t kontwole peche ki te fèt deja yo. Sa te fèt pou Li montre nou ladwati li nan tan prezan an, e pou Li ta nan menm lè a, devni Sila ki jistifye sila ki gen fwa nan Jésus yo. 22
Ki kote konsa nou kapab vante tèt nou? Sa pa la ankò! Pa ki kalite lwa? Pa lalwa a zèv yo? Non, men pa lalwa a lafwa a. Paske 23nou ensiste ke yon moun jistifye pa lafwa, apa de tout zèv Lalwa yo. Oubyen 24èske Bondye se sèlman pou Jwif yo? Èske Li pa Bondye pèp etranje yo tou? Wi pèp etranje yo ladann tou. Anfèt akoz Bondye 25ki va jistifye sikonsi pa lafwa yo, ak ensikonsi selon lafwa yo, se yon sèl.
Konsa, èske nou detwi Lalwa a ak lafwa? Ke sa pa janm fèt! Okontrè, se konsa nou 26etabli Lalwa a.
Source notes (26)
- Cross-reference Det 4:8
- Cross-reference Wo 10:16
- Cross-reference Sòm 51:4
- Cross-reference Wo 6:19
- Cross-reference Wo 2:16
- Cross-reference Wo 3:4
- Cross-reference Wo 9:19
- Cross-reference Wo 6:1
- Cross-reference Sòm 14:1-3
- Cross-reference Sòm 5:9
- Cross-reference Sòm 140:3
- Cross-reference Sòm 10:7
- Cross-reference És 59:7
- Cross-reference Sòm 36:1
- Cross-reference Wo 2:12; Wo 3:9
- Cross-reference Sòm 142:3
- Cross-reference Wo 1:17
- Cross-reference Wo 10:12
- Cross-reference Wo 3:9
- Cross-reference Wo 4:4,16
- Cross-reference I Jn 2:2
- Cross-reference Wo 2:17,23
- Cross-reference Trav 13:39
- Cross-reference Trav 10:34
- Cross-reference Wo 3:22
- Cross-reference Mat 5:17
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.