Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Women Yo 2

Konsa, nou vin san eskiz; nou tout ki pote jijman yo. Nan menm moman ke nou 1jije lòt yo, nou kondannen pwòp tèt nou. Paske nou menm ki jije yo, pratike menm bagay sa yo. Epi nou konnen ke li jis lè jijman Bondye a tonbe sou sila ki pratike bagay sa yo. Men èske ou sipoze sa 2o lòm; ke lè ou jije sila ki pratike bagay sa yo, epi ou menm ou fè menm bagay yo, ke ou va chape de jijman Bondye a? Oubyen èske ou panse ke 3richès a bonte Li, tolerans ak pasyans Li se yon bagay lejè, san nou konprann ke se bonte Bondye menm ki mennen nou nan larepantans? Men akoz de tèt ak kè di nou, 4nou ap ranmase vanjans Bondye 5pou dènye gran jou kòlè a, lè Bondye ap fè vin parèt tout jijman jis Li yo. Li menm 6va rann jijman a chak moun selon tout zèv li. Sila yo ki 7pèsevere nan fè byen, va twouve glwa, lonè, imòtalite, ak lavi etènèl; men sila yo ki ranpli ak anbisyon pèsonèl e ki pa obeyi verite a, men ki obeyisan sèlman a lenjistis, ap twouve lakòlè ak lendiyasyon Bondye. Va genyen tribilasyon ak gran doulè pou tout nanm pami lòm ki fè mechanste 8premyèman pou Jwif la, men osi pou Grèk la.

Men 9laglwa, lonè ak lapè pou tout moun ki fè byen, premyèman pou Jwif la, men osi pou Grèk la. Paske avèk Bondye 10pa gen patipri. Paske tout moun ki fè peche 11san Lalwa a va peri osi san Lalwa a, e tout moun ki fè peche anba Lalwa a va jije pa Lalwa a. Paske se pa 12sila ki tande Lalwa a ki jis devan Bondye, men se sila ki obeyi Lalwa a ki jistifye. Paske lè pèp etranje yo ki pa gen Lalwa a, fè pa 13ensten sa ke Lalwa a mande, sila yo, san menm gen lalwa a, vini yon lwa pou kont yo. Konsa yo demontre ke 14zèv Lalwa yo se byen ekri nan kè yo. Se pwòp konsyans yo ki bay temwayaj, epi panse yo, pafwa ap bay kondanasyon e pafwa ap defann yo. Nan jou sa a selon levanjil mwen an, 15Bondye ap jije tout sekrè a lèzòm selon Jésus Kri.

Men si nou pote tit “Jwif”, 16depann de Lalwa, e vante tèt nou nan Bondye, konnen volonte Li, e 17vin dakò avèk tout bagay ki nesesè, paske se nou menm ki enstwi selon Lalwa a, si nou rete byen si ke nou menm se gid avèg yo, yon limyè pou sila ki nan tenèb yo, yon korektè pou ensanse yo, yon pwofesè pou sila ki poko gen matirite yo, akoz ke nou gen Lalwa a kòm 18vrè baz konesans ak verite a; konsa, nou menm 19ki enstwi lòt yo, èske nou pa enstwi pwòp tèt nou? Nou menm ki preche ke yon moun pa dwe vòlè, èske nou vòlè? Nou menm ki di ke yon moun pa dwe fè adiltè, èske nou fè adiltè? Nou menm ki rayi zidòl yo, èske nou konn vòlè tanp yo? Nou menm ki 20vante tèt nou nan Lalwa a, malgre nou vyole Lalwa a, èske nou dezonore Bondye? Paske jan sa ekri a: 21“Non Bondye a blasfeme pa etranje yo akoz de nou”. Paske anverite, sikonsizyon gen valè si nou ap pratike Lalwa a, men si nou se yon transgresè Lalwa a, 22sikonsizyon sa a gen tan vini ensikonsizyon. 23Donk, si yon nonm ki pa fizikman sikonsi 24swiv tout règleman Lalwa yo, èske ensikonsizyon li an pa konsidere kòm sikonsizyon? Epi li menm ki pa sikonsi fizikman, si li gade lalwa a, èske li p ap 25jije nou, ki malgre nou gen chak lèt lalwa a ak sikonsizyon, se vyolatè lalwa a? Paske 26sa ki fè yon moun Jwif se pa sa ki parèt deyò a. Ni vre sikonizyon an se pa sa ki fèt nan chè eksteryè a. Men yon vre Jwif se sila ki sikonsi pa anndan. 27Sikonsizyon an se sa ki fèt nan kè, pa Lespri Sen an, men pa selon lèt lalwa a. 28Lwanj pa li pa sòti nan lòm, men nan Bondye.

Source notes (28)
  1. Cross-reference II Sam 12:5-7
  2. Cross-reference Luc 12:14
  3. Cross-reference Wo 9:23
  4. Cross-reference Det 32:34
  5. Cross-reference Sòm 110:5
  6. Cross-reference Sòm 62:12
  7. Cross-reference Luc 8:15
  8. Cross-reference Wo 1:16
  9. Cross-reference Wo 2:7
  10. Cross-reference Det 10:17
  11. Cross-reference Trav 2:23
  12. Cross-reference Mat 7:21,24
  13. Cross-reference Trav 10:35
  14. Cross-reference Wo 2:14,27
  15. Cross-reference Trav 10:42
  16. Cross-reference Mi 3:11
  17. Cross-reference Fil 1:10
  18. Cross-reference Wo 3:31
  19. Cross-reference Mat 23:3
  20. Cross-reference Mi 3:11
  21. Cross-reference És 52:5
  22. Cross-reference Jr 4:4
  23. Cross-reference I Kwo 7:19
  24. Cross-reference Wo 8:4
  25. Cross-reference Mat 12:41
  26. Cross-reference Jn 8:39
  27. Cross-reference Det 30:6
  28. Cross-reference Jn 5:44

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.