Bib Sen An
Women Yo 1
Paul, yon sèvitè-atache nèt a Jésus Kri, aple kòm apot 1mete apa pou bòn nouvèl Bondye a, ke Li te pwomèt oparavan atravè 2pwofèt Li yo nan Ekriti Sen Yo, konsènan Fis Li a ki te ne de yon desandan David 3selon lachè, ki te deklare 4Fis Bondye a avèk pouvwa akoz rezirèksyon Li, ki te fè L sòti nan lanmò, atravè Lespri sentete a, Jésus Kri, Senyè nou an. Pa Li menm nou te resevwa gras e te rele kòm apot pou fè parèt 5obeyisans lafwa a pami tout etranje yo pou koz Sen Non Li. Pami sila yo nou menm osi te 6rele pa Jésus Kri. A tout sila yo ke Bondye renmen anpil nan Rome, ke Li te rele kòm 7sen yo: gras anvè nou avèk lapè ki sòti nan Bondye, Papa nou, ak Senyè a Jésus Kri.
Premyèman 8mwen remèsye Bondye mwen an selon Jésus Kri pou nou tout, ke lafwa nou ap pwoklame toupatou nan lemond. Paske Bondye ke mwen 9sèvi nan lespri mwen lè m preche levanjil Fis Li a, se temwen m ke m ap nonmen non nou san rete nan lapriyè mwen yo. Toujou nan priyè mwen yo, m ap mande Bondye 10nan volonte L, dènyèman, pou L kite m vin wè nou. Paske 11mwen anvi wè nou pou m kapab bannou kèk don Lespri a, pou nou kapab byen etabli. Sa vle di, pou mwen menm kapab ankouraje ansanm avèk nou pandan mwen pami nou, nou chak pa lafwa a lòt, lafwa pa nou ak lafwa pa m tou.
Mwen pa vle nou pa okouran, frè m yo, ke souvan mwen konn fè plan pou vin wè nou (malgre sa pa t reyalize). Mwen ta renmen sa fèt pou m kapab rekòlte 12kèk fwi pami nou tou, menm jan ak tout lòt nasyon etranje yo. 13Mwen gen obligasyon ni pou Grèk ni pou moun ki baba; ni pou sila ki saj ni pou sila ki ensanse yo. Donk, Pou pati pa m, mwen gen gwo anvi pou 14preche levanjil la a nou menm osi ki nan Rome.
Paske mwen 15pa wont de levanjil la 16paske se li ki pouvwa Bondye a pou sove tout moun ki kwè yo. Li la avan pou Jwif la, e dabò Grèk la tou. Paske se nan levanjil sa a ke ladwati Bondye revele soti nan lafwa pou rive nan lafwa, jan sa ekri a: 17“Men moun ki jis la ap viv pa lafwa”.
Paske 18lakòlè Bondye parèt soti nan syèl la kont tout enkwayans ak tout enjistis a lòm ki kache verite a ak enjistis. Paske 19sa ke tout moun konnen de Bondye a, byen klè pou yo, paske Bondye te fè l parèt a klè. Paske depi nan kreyasyon mond lan tout aspè envizib Li yo, pouvwa etènèl Li ak nati diven Li an te parèt byen a klè. Sa 20byen konprann menm selon sa Li te kreye. Konsa, yo rete san eskiz. Paske malgre yo te konnen Bondye, yo pa t bay Li lonè kòm Bondye, ni bay Li remèsiman, men yo te vin 21egare nan panse yo. Yo te vin ranpli avèk foli, e kè yo te vin fonse tounwa.
Nan 22pretann ke yo te saj, yo te vin fou, epi te 23ranplase laglwa a Bondye enkonwonpi a pou yon imaj ki sanblab a lòm konwonpi ak zwazo, bèt kat pye, ak bèt k ap rale sou vant yo. Konsa 24Bondye te livre yo a konvwatiz kè yo ak tout sa ki pa pwòp, pou kò yo te kapab dezonore pami yo menm. Paske yo te ranplase verite Bondye a ak yon 25bann manti, yo te adore e sèvi kreyati a olye de Kreyatè a, ki beni pou tout tan an. Amen.
Pou rezon sila a Bondye te livre yo a 26pasyon k ap avili yo. Paske fanm pa yo te ranplase fonksyon lanati a pa sa ki pa nan nati a. Epi menm jan mesye yo te abandone fonksyon natirèl fanm nan pou vin boule nan dezi anvè youn pou lòt; 27gason avèk gason k ap fè zak malpwòp e k ap resevwa nan pwòp kò pa yo pinisyon yo merite pou erè yo a. Menm jan yo pa t trouve l bon ankò pou rekonèt Bondye, 28Bondye te livre yo a yon panse tòde pou fè bagay ki pa pwòp sa yo. Yo te vin ranpli avèk tout kalite enjistis, mechanste, konvwatiz, ak mal. Yo te plen ak anvi, touye moun, konfli, desepsyon, malis, tripotay. Yo vin Medizan, lènmi a Bondye, ensolan, awogan, ògeye, envantè a mechanste 29dezobeyisan a paran yo, san konprann, san entegrite 30san lanmou, e san mizerikòd. Malgre yo konnen òdonans Bondye a, ke sila ki pratike bagay sa yo 31merite lanmò, yo non sèlman fè yo, men yo vin konplètman dakò avèk sila ki pratike yo tou.
Source notes (31)
- Cross-reference Trav 9:15
- Cross-reference Luc 1:70
- Cross-reference Jn 1:14
- Cross-reference Mat 4:3
- Cross-reference Trav 6:7
- Cross-reference Jd 1
- Cross-reference Trav 9:13
- Cross-reference I Kor 1:4
- Cross-reference Trav 24:14
- Cross-reference Trav 18:21
- Cross-reference Trav 19:21
- Cross-reference Jn 4:36
- Cross-reference I Kor 9:16
- Cross-reference Wo 5:20
- Cross-reference Mc 8:38
- Cross-reference I Kor 1:18,24
- Cross-reference Hab 2:4
- Cross-reference Wo 5:9
- Cross-reference Trav 14:17
- Cross-reference Job 12:7-9
- Cross-reference II Wa 17:15
- Cross-reference Jr 10:14
- Cross-reference Det 4:16-18
- Cross-reference Wo 1:26,28
- Cross-reference És 44:20
- Cross-reference I Tes 4:5
- Cross-reference Lev 22:22
- Cross-reference Wo 1:24
- Cross-reference II Tim 3:2
- Cross-reference II Tim 3:3
- Cross-reference Wo 6:2
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.