Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Revelasyon 19

Apre bagay sa yo, mwen te tande yon bagay tankou 1gwo vwa a yon gran foul nan syèl la ki t ap di: “Alelouya! Delivrans, laglwa ak pwisans apatyen a Bondye nou an. 2Paske jijman Li yo vre e jis. Paske Li te jije gran pwostitiye ki te konwonpi latè avèk imoralite li a, e sou li, Li te 3vanje san a sèvitè Li yo.”

“Yon dezyèm fwa, li te di: ‘Alelouya! 4Lafimen li an monte pou tout tan e pou tout tan.’”

Konsa, 5venn-kat ansyen yo ak 6kat kreyati vivan yo a te tonbe pou adore Bondye ki chita sou twòn nan e t ap di: “Amen, Alelouya!”

Epi yon vwa te vini sòti nan twòn nan e t ap di: “Bay lwanj a Bondye nou an, nou tout, 7sèvitè Li yo, nou menm ki gen lakrent li, piti kou gran.”

Answit, mwen te tande yon bagay tankou 8vwa a yon gran foul, tankou son a anpil dlo, tankou gwo bri a anpil kout tonnè, ki t ap di: “Alelouya! Paske Senyè a, Bondye nou an, Toupwisan an renye. Annou rejwi nou, fè kè nou kontan e bay glwa a Li menm. Paske 9maryaj a Jèn Mouton an gen tan vini, e lamarye Li a gen tan prepare.” Yo te bay a lamarye a pou abiye li an 10len fen, briyan e pwòp, paske len fen an se 11zak ladwati a sen yo.

Answit, 12zanj lan te di mwen: 13“Ekri, ‘Beni se sila ki envite nan resepsyon maryaj a Jèn Mouton an.’” Epi li te di mwen: “Sa yo se vre pawòl a Bondye.”

Answit, 14mwen te tonbe nan pye li pou adore li. 15Men li te di mwen: “Pa fè sa! Mwen se yon sèvitè parèy ak ou, e frè ou ki kenbe temwayaj a Jésus a. Adore Bondye, paske temwayaj a Jésus a se lespri pwofesi a.”

Mwen te wè syèl la ouvri, e vwala, yon cheval blan, e Sila ki te chita sou li a, rele 16Fidèl e Veritab. Avèk 17ladwati Li jije e fè lagè. 18

Zye Li se flanm dife, e sou tèt li se anpil kouwòn. Li gen non yo ki ekri, ak yon non ekri sou Li ke pèsòn pa konnen, eksepte Li menm. Li abiye avèk yon vètman ki tranpe nan san. Non Li rele a, se 19“Pawòl Bondye a”.

Lame ki nan syèl yo, ki abiye an len fen 20blan, ki pi nèt, t ap swiv li sou cheval blan yo.

Nan bouch Li, te sòti yon nepe file. E avèk li, Li kapab frape nasyon yo. Li va 21gouvène yo avèk yon baton an fè. Li va foule pèz diven ak gwo kòlè Bondye Toupwisan an. Epi sou vètman Li ak kwis Li, Li gen yon non ki ekri: 22“WA DÈ WA E SENYÈ DÈ SENYÈ.”

Answit, mwen te wè yon zanj ki te kanpe nan solèy la. Li te kriye fò avèk yon gwo vwa e t ap di a tout zwazo ki vole nan mitan syèl yo, 23“Vin rasanble pou gwo resepsyon Bondye a; pou nou kapab 24manje chè a wa yo, chè a kòmandan yo, chè a moun pwisan yo, chè a cheval yo, chè a sila ki chita sou yo, e chè a tout lèzòm; kit moun lib, kit esklav, 25piti kou gran.”

Konsa, mwen te wè 26bèt la, 27wa latè ak lame yo rasanble pou fè lagè kont Sila ki te chita sou cheval la ak kont lame Li a.

Epi bèt la te vin kaptire, e avèk li menm, fo pwofèt ki te fè sign 28nan prezans li yo. Avèk sila yo li te twonpe sa yo ki te resevwa 29mak a bèt la, ak sa yo ki te adore imaj li yo. Toude sa yo te jete tou vivan nan lak dife ki brile avèk souf la.

Rès la te touye avèk nepe ki te sòti nan bouch a Sila ki te chita sou cheval la, e 30tout zwazo yo te vin ranpli avèk chè yo.

Source notes (30)
  1. Cross-reference Jr 51:48
  2. Cross-reference Sòm 19:9
  3. Cross-reference Det 32:43
  4. Cross-reference És 34:10
  5. Cross-reference Rev 4:4,10
  6. Cross-reference Rev 4:6
  7. Cross-reference Rev 11:18
  8. Cross-reference Jr 51:48
  9. Cross-reference Ef 5:23,32
  10. Cross-reference Rev 19:14
  11. Cross-reference Rev 15:4
  12. Cross-reference Rev 17:1
  13. Cross-reference Rev 1:19
  14. Cross-reference Rev 22:8
  15. Cross-reference Trav 10:26
  16. Cross-reference Rev 3:14
  17. Cross-reference Sòm 96:13
  18. Cross-reference Dan 10:6
  19. Cross-reference Jn 1:1
  20. Cross-reference Rev 3:4
  21. Cross-reference Sòm 2:9
  22. Cross-reference Rev 17:14
  23. Cross-reference I Sam 17:44
  24. Cross-reference Éz 39:18-20
  25. Cross-reference Rev 13:16
  26. Cross-reference Rev 11:7
  27. Cross-reference Rev 16:14,16
  28. Cross-reference Rev 13:12
  29. Cross-reference Rev 13:16
  30. Cross-reference Rev 19:17

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.