Bib Sen An
Revelasyon 20
Answit, mwen te wè yon zanj ki t ap desann sòti nan syèl la, ki te gen 1kle abim nan ak yon gwo chèn nan men l.
Li te pran 2dragon an, sèpan ansyen an, ki se dyab la, Satan, e li te mare li pou mil ane. Li te jete li nan labim. Li te fèmen li e te 3mete so li sou li, pou li pa t kab twonpe nasyon yo ankò, jiskaske mil ane yo fini. Apre bagay sa yo, li oblije vin lage pou yon ti tan.
Answit mwen te wè 4twòn yo 5ak sa yo ki te chita sou yo. Konsa, jijman te vin bay a yo menm. Mwen te wè nanm a sila ki te dekapite akoz temwayaj a Jésus yo, e akoz pawòl Bondye a: Sila ki pa t adore bèt la oubyen imaj li a, e ki pa t resevwa mak la sou fon yo ak men yo. Sila yo te vin retounen a lavi pou renye avèk Kris pandan mil ane.
Rès mò yo pa t retounen a lavi jiskaske mil ane yo fini. 6Sa se premye rezirèksyon an. 7Beni e sen se sila ki gen yon pati nan premye rezirèksyon an. Sou sila yo, dezyèm lanmò a pa gen pouvwa, men yo va touprè a Bondye e a Kris, e va renye avèk Li pandan mil ane yo.
Lè mil ane yo vin fini, Satan va 8lage soti nan prizon li an, epi li va soti pou twonpe nasyon ki nan kat kwen latè yo, 9Gog avèk Magog, pou rasanble yo ansanm pou lagè a. An kantite, yo va tankou sab ki bò lanmè. Yo te 10 monte vini sou gwo sifas latè a, e te antoure kan a sen yo ak vil byeneme a. Konsa, 11dife te desann sòti nan syèl la, e te devore yo.
Epi dyab la ki te twonpe yo a te jete nan 12lak dife ak souf la, kote 13bèt la ak fo pwofèt la ye tou. Yo va toumante lajounen kon lannwit, pou tout tan e pou tout tan.
Konsa, mwen te wè yon gwo twòn blan, ak Sila ki te chita sou li a. De prezans Li, tè a ak syèl la te sove ale. 14Pa t gen plas pou yo.
Mwen te wè mò yo, 15gran kon piti, vin kanpe devan twòn nan. Yo te ouvri liv yo. Epi yon lòt liv te ouvri, ki se liv lavi a, e mò yo te jije selon bagay ki te ekri nan liv yo, selon zèv yo. Lanmè a te bay mò ki te ladann yo. Lanmò ak sejou lanmò yo te 16bay mò ki te ladann yo. Yo te vin jije, yo chak selon zèv pa yo.
Answit, lanmò ak sejou lanmò yo te jete nan lak dife a. Sa se 17dezyèm lanmò a, lak dife a.
Si non a nenpòt moun pa t twouve ekri nan 18liv lavi a, li te jete nan lak dife a.
Source notes (18)
- Cross-reference Rev 1:18
- Cross-reference Jen 3:1
- Cross-reference Dan 6:17
- Cross-reference Dan 7:9
- Cross-reference Mat 19:28
- Cross-reference Luc 14:14
- Cross-reference Rev 14:13
- Cross-reference Rev 20:2
- Cross-reference Éz 38:2
- Cross-reference Rev 17:1
- Cross-reference Rev 19:7
- Cross-reference Rev 19:20
- Cross-reference Rev 16:13
- Cross-reference Dan 2:35
- Cross-reference Rev 11:13
- Cross-reference És 26:19
- Cross-reference Rev 20:6
- Cross-reference Rev 3:5
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.