Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Revelasyon 21

Epi mwen te wè yon 1syèl tounèf ak yon tè tounèf. Paske premye syèl la ak premye tè a te pase, e nanpwen lanmè ankò.

Mwen te wè vil sen an, 2Jérusalem tounèf la, 3desann sòti nan syèl la kote Bondye. Li te prepare tankou yon lamarye ki abiye pou mari li.

Epi konsa, mwen te tande yon gwo vwa sòti nan twòn nan ki t ap di: “Gade, 4tabènak Bondye a pami lèzòm, e Li va rete pami yo. Yo va pèp Li, e Li va Bondye yo. Li menm, va pami yo tankou Bondye yo. Li va 5siye tout dlo ki sòti nan zye yo. P ap gen lanmò ankò. P ap genyen lamante ankò, ni kriye, ni doulè, paske premye bagay yo fin pase.”

Epi 6Sila ki te chita sou twòn nan te di: “Gade, m ap fè tout bagay vin tounèf.” Epi Li te di: “Ekri, paske pawòl sa yo fidèl e vrè.”

Answit, Li te di mwen: “Mwen se Alfa a ak Omega a, kòmansman an ak lafen an. 7Mwen va bay a sila ki swaf yo nan sous dlo lavi a san frè. 8Sila ki venkè a va eritye bagay sa yo. 9Mwen va Bondye Li e li va fis Mwen.

Men pou kapon yo, enkredil yo, abominab ak asasen yo, moun imoral yo, majisyen yo, idolat ak tout mantè yo, pati pa yo va nan lak ki brile avèk dife ak souf la, ki se dezyèm lanmò a.” 10

Answit, youn nan sèt zanj ki te gen sèt gode ki te plen avèk sèt dènye fleyo yo te vini pale avè m. Li t ap di: 11 “Vini isit la. Mwen va montre ou lamarye a, madanm Jèn Mouton an.” Konsa, 12li te pote mwen ale nan lespri a nan yon gwo mòn wo, e li te montre m vil sen an, Jérusalem, ki t ap desann sòti nan syèl la kote Bondye. Li te gen laglwa Bondye. Li te klere tankou yon pyè presye ki koute trè chè, tankou yon 13pyè jasp klè tankou kristal. Li te gen yon gwo miray wo 14avèk douz pòt. Nan pòt yo, te gen douz zanj, epi non yo te ekri sou yo, ki se non a douz tribi a fis Israël yo. Te gen twa pòt nan lès, twa pòt nan nò, twa pòt nan sid, e twa pòt nan lwès. Epi miray vil la te gen 15douz wòch nan fondasyon an, e sou yo, se te douz non a 16douz apot Jèn Mouton an.

Sila ki te pale avè m nan te gen yon baton mezi ki te fèt an lò pou mezire vil la, 17pòtay li yo, ak miray li a. Vil la te fèt kon yon kare. Longè li te menm fòs ak lajè li. Li te mezire vil la avèk baton an: de-mil-de-san kilomèt. Longè li, lajè li ak wotè li te egal. Epi li te mezire miray li a, swasann-douz mèt, selon mezi a 18 yon moun, sa vle di, yon zanj.

Materyèl miray la te 19jasp. Vil la se te 20lò pi, tankou vit klè. Fondasyon pou miray vil la te dekore avèk tout kalite pyè presye. Wòch premye fondasyon an se te jasp, dezyèm nan, Safi, twazyèm nan, agat, katriyèm nan, emwod, senkyèm nan, oniks, sizyèm nan, 21sadwàn, setyèm nan, krizolit, uityèm nan, beril, nevyèm nan, topaz, dizyèm nan, krizopraz, onzyèm nan, tikwaz, douzyèm nan, ametis. Epi douz 22pòtay yo se te douz pèl. Chak pòtay te yon sèl pèl. Epi ri vil la te an lò pi, tankou vit klè.

Mwen pa t wè tanp ladann, paske 23Senyè Bondye Toupwisan an ak 24Jèn Mouton an se te tanp li. Vil la 25pa gen bezwen solèy oubyen lalin pou klere sou li, paske laglwa Bondye te klere li, e lanp li se te Jèn Mouton an. 26Nasyon yo va mache pa limyè li. E wa latè yo va pote laglwa nasyon yo ladann.

Nan lajounen (paske p ap gen lannwit la), pòtay li yo 27p ap janm fèmen.

Konsa, yo va 28pote laglwa ak lonè a nasyon yo ladann pou yo ka antre.

P ap gen 29anyen ki pa pwòp. Moun ki pratike abominasyon ak manti p ap janm antre ladann, men sèlman sila ke non yo30ekri nan liv lavi a Jèn Mouton an.

Source notes (30)
  1. Cross-reference És 65:17
  2. Cross-reference Rev 3:12
  3. Cross-reference Eb 11:10,16
  4. Cross-reference Lev 26:1
  5. Cross-reference És 25:8
  6. Cross-reference Rev 4:9
  7. Cross-reference És 55:1
  8. Cross-reference Rev 2:7
  9. Cross-reference II Sam 7:14
  10. Cross-reference Rev 17:1
  11. Cross-reference Rev 19:7
  12. Cross-reference Éz 40:2; Rev 21:2
  13. Cross-reference Rev 4:3
  14. Cross-reference Éz 48:31-34
  15. Cross-reference Eb 11:10
  16. Cross-reference Trav 1:26
  17. Cross-reference Rev 21:12,21,25
  18. Cross-reference Det 3:11
  19. Cross-reference Rev 21:11
  20. Cross-reference Rev 21:21
  21. Cross-reference Rev 4:3
  22. Cross-reference Rev 21:12,15,25
  23. Cross-reference Rev 1:8
  24. Cross-reference Rev 5:6
  25. Cross-reference És 60:19,20
  26. Cross-reference És 60:3,5
  27. Cross-reference És 60:11
  28. Cross-reference Sòm 72:10
  29. Cross-reference És 52:1
  30. Cross-reference Rev 3:5

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.