Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Revelasyon 22

Answit, li te montre m yon 1rivyè dlo lavi a, klè tankou kristal, ki t ap vini sòti nan twòn Bondye a ak Jèn Mouton an, nan mitan lari li a. Sou chak bò larivyè a, se te 2pyebwa lavi a, ki pote douz kalite fwi, ki bay fwi li chak mwa. Epi fèy pyebwa yo te pou gerizon a nasyon yo. 3

P ap gen madichon ankò. Twòn a Bondye a ak Jèn Mouton an va ladan l, e sèvitè Li yo va sèvi Li. Yo va 4wè figi Li, e non Li va sou fon yo.

Epi p ap gen lannwit ankò. Yo p ap gen bezwen ni 5limyè a yon lanp ni limyè solèy la, paske Senyè a, Bondye va klere yo. Yo va renye pou tout tan e pou tout tan.

Konsa, Li te di mwen: 6“Pawòl sa yo fidèl e vrè”. Senyè a, Bondye a tout lespri pwofèt yo, te voye zanj Li pou montre sèvitè li yo bagay ki dwe rive nan yon ti tan tou kout.

“Gade byen, Mwen ap vini vit. 7Beni se sila ki prete atansyon a pawòl pwofesi ki nan liv sila a.”

Alò, 8Mwen, Jean, se sila ki te tande e wè bagay sa yo. Konsa, lè m te tande e wè yo, 9mwen te tonbe nan pye a zanj ki te montre m bagay sa yo pou adore l.

Men, li te di mwen: “Pa fè sa! Mwen se yon sèvitè parèy a ou menm, frè ou ki te pwofèt yo, ak sila ki prete atansyon a pawòl de 10liv sa a. Olye sa, adore Bondye.” Epi li te di mwen: 11“Pa sele pawòl pwofesi a liv sila a, paske tan an pwòch. 12Kite sila ki fè mal la, kontinye fè mal. Kite sila ki sal la, kontinye sal. Kite sila ki dwat la, kontinye pratike ladwati. E kite sila ki sen an, kontinye kenbe tèt li sen.

“Gade byen, Mwen ap vini vit! 13Rekonpans Mwen va avè M, pou rann a chak moun selon sa li te fè. Mwen se Alfa a ak Omega a, 14premye a ak dènye a, kòmansman an ak lafen an.”

Beni se sila ki 15lave vètman yo, pou yo kapab gen dwa nan pyebwa lavi a, e kapab, pa 16pòtay yo, antre nan vil la. 17

Deyò se chen yo, majisyen yo, moun imoral yo, asasen yo, idolat ak tout sila ki renmen e ki gen pratik bay manti.

“Mwen, Jésus, te voye 18zanj Mwen an pou temwaye a ou menm bagay sa yo pou legliz yo. Mwen se rasin ak ras David la, zetwal briyan nan maten an.” 19

Lespri a ak lamarye a di: “Vini”. Kite sila ki tande a di: “Vini!” Kite sila ki swaf la vini. Kite sila ki vle pran dlo lavi san frè a vini.

Mwen temwaye a tout sila ki tande pawòl a pwofesi liv sila a: si yon moun 20ajoute nan yo, Bondye va ajoute a li menm tout fleyo ki ekri nan liv sila a. Epi si yon moun retire nan pawòl a liv pwofesi sila a, Bondye va retire pati pa l nan pyebwa lavi ak vil sen an 21ki ekri nan liv sila a.

Sila ki temwaye a bagay sa yo di: “Wi, 22Mwen ap vini vit.”

Amen. Vini, Senyè Jésus. 23

Gras Senyè a Jésus avèk nou tout. Amen.

Source notes (23)
  1. Cross-reference Sòm 46:4
  2. Cross-reference Jen 2:9
  3. Cross-reference Za 14:11
  4. Cross-reference Sòm 42:2
  5. Cross-reference És 60:19
  6. Cross-reference Rev 19:9
  7. Cross-reference Rev 1:3
  8. Cross-reference Rev 1:1
  9. Cross-reference Rev 19:10
  10. Cross-reference Rev 1:11
  11. Cross-reference Dan 8:26
  12. Cross-reference Éz 3:27
  13. Cross-reference És 40:10
  14. Cross-reference És 44:6
  15. Cross-reference Rev 7:14
  16. Cross-reference Rev 21:27
  17. Cross-reference Mat 8:12
  18. Cross-reference Rev 1:1
  19. Cross-reference Rev 2:7
  20. Cross-reference Det 4:2
  21. Cross-reference Rev 21:10—22:5
  22. Cross-reference Rev 22:7
  23. Cross-reference Wo 16:20

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.