Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Revelasyon 18

Apre bagay sa yo, mwen te wè yon lòt 1zanj k ap desann sòti nan syèl la, avèk gwo otorite, e tè a te byen klere avèk glwa li. Epi li te kriye avèk yon gwo vwa, e t ap di: 2“Tonbe, tonbe, se Babylone Le Gran! Li gen tan vini yon kote pou dyab rete, ak yon prizon pou tout kalite 3lespri sal, e yon prizon pou tout kalite zwazo sal e abominab. Paske tout nasyon yo te bwè 4diven a pasyon imoralite li a, wa latè yo te komèt zak imoralite avè l, e machann latè yo te vin rich avèk richès sansyalite li yo.”

Mwen te tande yon lòt vwa soti nan syèl la ki t ap di: 5“Sòti kite li, pèp mwen an, pou nou pa patisipe nan peche li yo e resevwa fleyo li yo. Paske peche li yo 6anpile vin menm wotè ak syèl la, e Bondye 7sonje tout inikite li yo. 8Remèt li menm jan li te bay la, e ba li anretou de fwa selon zèv li yo. Nan gode ke li te fè melanj lan, fè melanj lan otan de fwa pou li. Nan degre ke li te bay tèt li glwa a e viv nan sansyalite a, nan menm degre a, toumante l, e ba li doulè. Paske li di nan kè li: 9“Mwen chita tankou yon rèn, mwen pa yon vèv, mwen p ap janm wè doulè.” Pou rezon sa a, nan yon jou, fleyo li yo va vini; lapès, lapèn ak gwo grangou. E li va 10brile avèk dife, paske Senyè Bondye ki jije li a, 11pwisan.

“Epi 12wa latè yo ki te komèt zak imoralite e ki te viv selon lachè avè l yo, va kriye e lamante sou li lè yo wè lafimen monte pandan l ap brile a. 13Y ap kanpe a yon distans akoz de pè a toumant li an, e y ap di:” 14‘Malè, malè, gran vil, Babylone nan, vil ki fò a! Paske, nan yon èdtan, jijman ou gen tan rive.’

“Konsa, machann latè yo kriye e lamante sou li paske pèsòn pa achte machandiz yo ankò. Machandiz lò, ajan, pyè presye, pèl, ak len fen, koulè mov, twal swa, wouj, tout kalite bwa sitwon ak tout kalite ivwa, tout atik ki fèt ak bwa ki koute chè, bwonz, fè, ak wòch mab. Epi kanèl, epis, lansan, pafen, lwil doliv, farin fen, ble, bèf, mouton, ak kago bato cheval, cha, esklav, ak 15lavi moun.

“Fwi nou anvi yo disparèt, tout bagay ki te swa, chè oswa ekstrawòdinè yo te pase kite nou e moun p ap twouve yo ankò. 16Machann a 17bagay sa yo, ki te vin rich akoz gran vil sa a va kanpe a yon distans akoz perèz toumant li an, yo va kriye e lamante. Yo va di: 18“Malè, malè, gran vil la, sila ki te abiye an len fen, mov e wouj la, ki te anbeli ak lò, pyè presye, ak pèl yo; Paske nan yon èdtan, gran richès sa a gen tan vin 19gaspiye!” Epi tout kaptenn bato ak tout pasaje, tout maren e tout sila ki fè lavi yo nan travay lanmè yo, te kanpe a yon distans.

“E yo t ap 20kriye anmwey lè yo te 21wè lafimen dife li a, e t ap di: “Ki vil ki tankou gran vil sila a?” Konsa, yo te jete 22pousyè sou tèt yo e t ap rele fò, kriye, lamante e t ap di: 23“Malè, malè a gran vil sa a, ladann tout moun ki te gen bato sou lanmè yo te vin rich pa richès li, paske nan yon èdtan, li vin gaspiye nèt!” 24“Rejwi sou li, o syèl, e nou menm, sen, apot ak pwofèt yo, paske Bondye te pwononse jijman pou nou kont li.”

Answit, yon zanj pwisan te 25pran yon gwo wòch tankou yon wòch moulen. Li te voye l nan lanmè a e te di: “Konsa, gran vil la, Babylone, va jete avèk vyolans, e li 26p ap twouve ankò. Konsa, 27son sila k ap jwe ap yo, mizisyen yo, sila k ap jwe flit ak twonpèt yo p ap tande nan ou ankò. P ap ankò gen moun okenn metye k ap twouve nan ou ankò. Ni bri moulen an p ap tande nan ou. Menm limyè a yon lanp p ap briye nan ou, e 28vwa jennonm ak jenn fi k ap marye yo p ap tande nan ou ankò.

“Paske 29machann ou yo te gwo moun sou latè, epi tout nasyon yo te twonpe pa wanga ou a. Nan li menm te twouve san a pwofèt ak sen yo, ak tout sila ki te touye sou latè yo.”

Source notes (29)
  1. Cross-reference Rev 17:1,7
  2. Cross-reference És 21:9
  3. Cross-reference Rev 16:3
  4. Cross-reference Jr 51:7
  5. Cross-reference És 52:11
  6. Cross-reference Jr 51:9
  7. Cross-reference Rev 16:19
  8. Cross-reference Sòm 137:8
  9. Cross-reference És 47:7
  10. Cross-reference Rev 17:16
  11. Cross-reference Rev 11:17
  12. Cross-reference Rev 17:2
  13. Cross-reference Rev 18:15,17
  14. Cross-reference Rev 18:16,19
  15. Cross-reference I Kwo 5:21
  16. Cross-reference Rev 18:3
  17. Cross-reference Rev 18:12,13
  18. Cross-reference Rev 18:10,19
  19. Cross-reference Rev 17:6
  20. Cross-reference Éz 27:30
  21. Cross-reference Rev 18:9
  22. Cross-reference Jos 7:5
  23. Cross-reference Rev 18:10
  24. Cross-reference Jr 51:48
  25. Cross-reference Jr 51:63
  26. Cross-reference Éz 26:21
  27. Cross-reference És 24:8
  28. Cross-reference Jr 7:34
  29. Cross-reference És 23:8

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.