Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Revelasyon 17

Youn nan sèt zanj ki te gen sèt gode yo te vini. Li te pale avè m e te di: “Vini isit la! Mwen va montre ou jijman a gran pwostitiye ki chita sou anpil dlo yo, avèk sila a 1wa latè yo te vin komèt zak imoralite. Tout sila ki demere sou latè yo te fè vin sou avèk diven imoralite li a.” 2

Li te pote mwen lwen nan Lespri a nan yon dezè. Mwen te wè yon fanm ki te chita sou yon bèt wouj, plen ak non blasfèm, ki te gen sèt tèt ak dis kòn. Fanm nan te abiye an mov ak wouj, e te dekore avèk lò, pyè presye, ak pèl. Nan men l, li te gen 3yon gode an lò, ranpli ak abominasyon, de tout bagay sal de imoralite li yo. Sou fon li, te ekri yon non: 4MISTÈ: “BABALONE LE GRAN, MANMAN A PWOSTITIYE AK ABOMINASYON SOU LATÈ YO”.

Konsa, mwen te wè fanm nan sou avèk 5san a sen yo, e avèk san a temwen Jésus yo. Lè mwen te wè l, mwen te etone anpil.

Zanj lan te di mwen: “Poukisa ou etone? Mwen va di ou mistè a fanm nan ak bèt ki pote li a, sila ki gen 6sèt tèt ak dis kòn yo. Bèt ke ou te wè, li 7te ye a, li pa la, e li prè pou sòti nan labim nan pou ale nan destriksyon. Epi sila ki rete sou latè yo, ke non yo pa ekri nan liv lavi a depi nan fondasyon mond lan, va etone lè yo wè bèt la jan li te ye, jan li pa la, ak jan li va vini an.

“Men panse ki gen sajès la. 8Sèt tèt yo se sèt mòn kote fanm nan chita yo. Yo se sèt wa. Senk te tonbe, youn la toujou, e lòt la poko vini, epi lè l vini, li dwe rete pou yon ti tan. Bèt ki 9te ye a, e ki pa la a, li se yon uityèm tou, e youn nan sèt yo. L ap wale nan destriksyon. 10

“Dis kòn ke ou te wè yo, se dis wa ki poko janm resevwa wayòm yo, men yo resevwa otorite tankou wa, ansanm avèk bèt la pandan yon èdtan. Sa yo gen 11yon sèl bi, e yo va bay pouvwa yo ak otorite a bèt la. Sila yo va fè 12lagè kont Jèn Mouton an, e Jèn Mouton an va venk yo, paske Li se 13Senyè dè senyè e Wadèwa. Konsa, sila ki avè l yo se sila ki gen apèl, ki chwazi e ki fidèl.

“Ankò, li te di mwen: 14“Dlo ke ou te wè, kote pwostitiye a chita a, se pèp yo, foul yo, nasyon yo, ak lang yo. 15Epi dis kòn ke ou te wè yo, ansanm ak bèt la, sa yo va rayi pwostitiye a e yo va fè l vin dezole, e toutouni, epi yo va manje chè li e brile li avèk dife.

“Paske Bondye te mete nan kè yo pou fè volonte L avèk bi ke yo gen ansanm nan, e pou bay wayòm pa yo a bèt la, jiskaske pawòl Bondye yo ta vin akonpli.

“Fanm ke ou te wè a se 16gran vil la, ki renye sou wa latè yo.”

Source notes (16)
  1. Cross-reference Rev 2:22
  2. Cross-reference Rev 21:10
  3. Cross-reference Jr 51:7
  4. Cross-reference II Tes 2:7
  5. Cross-reference Rev 16:6
  6. Cross-reference Rev 17:3
  7. Cross-reference Rev 11:7
  8. Cross-reference Rev 10:11
  9. Cross-reference Rev 13:3,12,14
  10. Cross-reference Dan 7:24
  11. Cross-reference Rev 17:17
  12. Cross-reference Rev 16:14
  13. Cross-reference I Tim 6:15
  14. Cross-reference És 8:7
  15. Cross-reference Rev 17:12
  16. Cross-reference Rev 11:8

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.