Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Revelasyon 16

Konsa, mwen te tande yon gwo vwa sòti nan 1tanp lan ki t ap di a sèt zanj yo: “Ale vide sèt gode kòlè Bondye yo sou tè a.”

Donk, premye zanj lan te ale vide gode li a sou tè a. Konsa, li te devni yon 2maleng rayisab sou moun ki te pote mak a bèt la e ki te adore imaj li a.

Dezyèm zanj lan te vide gode li a 3nan lanmè a, e li te devni san tankou san a yon moun mouri. Konsa, tout bagay vivan nan lanmè a te mouri.

Answit, twazyèm zanj lan te vide gode li a nan 4rivyè ak sous dlo yo, e yo te tounen san. Mwen te tande zanj a dlo yo k ap di: “5Jis se Ou menm 6ki la e ki te la a, O Sila Ki Sen an, paske Ou te jije bagay sa yo. Paske sila yo te vèse 7san a sen ak pwofèt yo, e Ou te bay yo san pou yo bwè. Yo merite sa.”

Konsa, mwen te tande lotèl la ki t ap di: “Wi, O Bondye Senyè, Sila Ki Toupwisan an, 8vrè e jis se jijman Ou yo.”

Katriyèm zanj lan te vide gode li a sou 9solèy la, epi li te bay a li menm pou chode moun avèk dife. Moun yo te chode avèk yon chalè. Konsa, yo te 10blasfeme non Bondye ki gen pouvwa sou fleyo sa yo, men yo pa t repanti pou ta ba Li glwa.

Answit, senkyèm zanj lan te vide gode li sou 11twòn a bèt la, epi wayòm li an te vin tounwa. Konsa, yo te manje pwòp lang yo akoz de doulè a. Yo te blasfeme Bondye syèl la, akoz de doulè ak 12maleng yo. Malgre sa a, yo pa t repanti de zèv yo.

Sizyèm zanj lan te vide gode li a sou 13gran rivyè Euphrate la. Dlo li te vin seche, pou chemen an ta kapab prepare pou wa 14ki sòti nan lès yo.

Konsa, mwen te wè sòti nan bouch a dragon an, sòti nan bouch a bèt la, e sòti nan bouch a fo pwofèt la, twa 15lespri sal tankou 16krapo. Se te 17lespri a demon yo, ki 18t ap fè sign yo pou parèt bò kote wa a tout mond yo, pou rasanble yo ansanm pou lagè a gran jou Bondye, Toupwisan an.

“Gade byen, 19Mwen ap vini tankou yon vòlè. Beni se sila ki rete vijilan an, e ki kenbe vètman li, pou li pa vin mache toupatou toutouni, pou moun pa wè wont li.”

Konsa, yo te 20rasanble ansanm kote ki, an Ebre, yo rele 21Harmaguédon an.

Answit, setyèm zanj lan te vide gode li anlè. Yon gwo vwa te sòti nan tanp lan bò kote twòn nan. Li te di: 22“Sa fin fèt.”

Te gen kout 23eklè, gwo bri ak gwo kout tonnè. Konsa te fèt yon gwo tranbleman detè, tankou pa t janm genyen depi lòm te vini sou latè, tèlman tranbleman detè a te gran e pwisan.

Gran vil la te fann an twa pati, e gran vil a nasyon yo te tonbe. Konsa, 24Babylone le gran te 25sonje devan Bondye, pou Li ba li gode diven de kòlè vyolan Li an. 26

Tout lil yo te sove ale, e mòn yo pa t kab twouve.

Gwo bòl lagrèl chak te peze anviwon san liv, te desann sòti nan syèl la tonbe sou moun. Pou sa a, moun te blasfeme Bondye akoz de27fleyo lagrèl la, paske fleyo li a te ekstrèmman grav.

Source notes (27)
  1. Cross-reference Rev 11:19
  2. Cross-reference Egz 9:9-11
  3. Cross-reference Egz 7:17-21
  4. Cross-reference Rev 8:10
  5. Cross-reference Jn 17:25
  6. Cross-reference Rev 11:17
  7. Cross-reference Rev 17:6
  8. Cross-reference Rev 15:3
  9. Cross-reference Rev 6:12
  10. Cross-reference Rev 16:11,21
  11. Cross-reference Rev 13:2
  12. Cross-reference Rev 16:2
  13. Cross-reference Rev 9:14
  14. Cross-reference Rev 7:2
  15. Cross-reference Rev 18:2
  16. Cross-reference Egz 8:6
  17. Cross-reference I Tim 4:1
  18. Cross-reference Rev 13:13
  19. Cross-reference Mat 24:43
  20. Cross-reference Rev 19:19
  21. Cross-reference Za 4:11
  22. Cross-reference Rev 10:6
  23. Cross-reference Rev 4:5
  24. Cross-reference Rev 14:8
  25. Cross-reference Rev 18:5
  26. Cross-reference Rev 6:14
  27. Cross-reference Egz 9:18-25

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.