Bib Sen An
Revelasyon 15
Konsa, mwen te wè yon lòt sign nan syèl la, gran e mèvèye: sèt zanj ki te gen 1sèt fleyo, ki se dènye yo, paske nan yo, kòlè Bondye a fini.
Mwen te wè yon bagay tankou 2lanmè fèt ak vit mele avèk dife, e moun sila yo 3ki te gen viktwa sou bèt la, imaj li a ak chif a non li an, te kanpe sou lanmè fèt ak vit la. Yo t ap kenbe ap Bondye yo.
Konsa, yo te chante 4chan a Moïse la, sèvitè a Bondye a, ak chan a Jèn Mouton an. Yo t ap di: 5
“Gran e mèvèye, se zèv Ou yo,
O Senyè, Bondye Toupwisan an!
Jis e vrè, se chemen Ou yo,
Wa a nasyon yo.
Kilès ki p ap krent Ou, O Senyè,
epi bay glwa a non Ou?
Paske se Ou sèl ki sen. 6
Paske tout nasyon yo va vini
pou adore devan Ou.
Paske zèv ladwati Ou yo,
Ou gen tan revele.”
Apre bagay sa yo, mwen te gade, e 7tanp tabènak temwayaj ki nan syèl la te vin louvri. Konsa, 8sèt zanj ki te gen sèt fleyo yo te vin sòti nan tanp lan, abiye an lèn san tach e briyan, e yo te antoure lestomak yo avèk senti an lò.
Answit, youn nan 9kat kreyati vivan yo te bay a sèt zanj yo sèt gode an lò, plen ak kòlè Bondye, ki viv pou tout tan e pou tout tan.
Epi tanp lan te vin ranpli avèk 10lafimen laglwa Bondye ak pwisans li. Okenn moun pa t kapab antre nan tanp lan jiskaske sèt fleyo a sèt zanj yo te fini.
Source notes (10)
- Cross-reference Lev 26:21
- Cross-reference Rev 4:6
- Cross-reference Rev 12:11
- Cross-reference Egz 15:1
- Cross-reference Det 32:3
- Cross-reference Sòm 86:9
- Cross-reference Rev 11:19
- Cross-reference Rev 15:1
- Cross-reference Rev 4:6
- Cross-reference Egz 19:18
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.