Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Revelasyon 14

Answit, mwen te gade! Vwala, Jèn Mouton an te kanpe sou Mòn Sion. Ansanm avèk li, te gen san-karant-kat-mil, ki pote 1non L ak non a Papa Li, ekri sou fon yo.

Mwen te tande yon son soti nan syèl la, tankou 2son anpil dlo ak son a gwo kout tonnè. Vwa ke m tande a te tankou sila k ap jwe ap yo. Epi yo te chante 3yon chan tounèf devan twòn nan, devan kat kreyati vivan yo ak ansyen yo. E pèsòn pa t kapab aprann chan an, eksepte 4 san-karann-kat-mil ki te achte, soti sou tè a. Sa yo se sila ki pa t souye pa fanm yo, paske se vyèj yo ye. Sa yo se sila ki swiv Jèn Mouton an tout kote Li ale. Sa yo te achte pami lòm kòm premye fwi pou Bondye, e pou Jèn Mouton an. Epi 5manti pa t twouve nan bouch yo; yo te san repwòch.

Epi mwen te wè yon lòt zanj ki t ap vole nan mitan syèl la, avèk yon 6levanjil etènèl pou preche a sila ki viv sou latè yo, a tout nasyon, tribi, langaj, ak pèp.

Konsa, li te di avèk yon vwa fò: 7“Gen lakrent pou Bondye, e ba Li glwa, paske lè jijman Li an gen tan vini. Adore Sila ki te fè syèl la, tè a, lanmè a, ak sous dlo yo.”

Yon lòt zanj, yon dezyèm, te swiv, e t ap di: 8“Tonbe, tonbe, gran Babylone nan, Sila ki te 9fè tout nasyon yo bwè diven pasyon imoralite li a.”

Answit, yon lòt zanj, yon twazyèm, te swiv yo e t ap di avèk yon vwa ki fò: “Si yon moun 10adore bèt la avèk limaj li a, e resevwa yon mak sou fon li oubyen sou men l, li osi va bwè nan 11diven kòlè Bondye a, ki melanje nèt nan 12tas kòlè Li a. Konsa, li va toumante avèk dife ak souf nan prezans a zanj sen yo, ak nan prezans a Jèn Mouton an. 13Lafimen toumant yo ap monte pou tout tan e pou tout tan. Yo p ap gen repo ni lajounen ni lannwit, sila yo ki adore bèt la avèk imaj li a, ak nenpòt moun ki resevwa 14mak non li an.

Men isit, 15pèseverans a sen ki 16kenbe kòmandman Bondye yo avèk lafwa yo nan Jésus.

“Mwen te tande yon vwa ki sòti nan syèl la ki t ap di: “Ekri, ‘Beni se mò ki 17mouri nan Senyè a depi koulye a!’”:

“Wi”, di Lespri a, “pou yo kapab 18repoze de travay yo, paske zèv pa yo ap swiv yo.”

Answit, mwen te gade, e vwala, yon nwaj blan, epi chita sou nwaj la, se yon moun 19tankou yon fis a Lòm, avèk yon kouwòn an lò sou tèt li ak yon kouto digo byen file nan men li.

Konsa, yon lòt zanj te vini sòti nan tanp lan, e t ap kriye nan yon vwa fò a Sila ki te chita sou nwaj la: 20“Mete kouto digo a ladann pou rekòlte, paske lè rekòlt la rive. 21Mwason latè a mi.”

Answit, Sila ki te chita sou nwaj la te voye kouto digo a sou sifas tè a, epi tè a te rekòlte.

Yon lòt zanj 22te sòti nan tanp ki nan syèl la, e li menm tou te gen yon kouto digo byen file.

Konsa, yon lòt zanj ankò, sila ki gen pouvwa sou dife a, te sòti nan 23lotèl la. Li te rele avèk yon vwa fò a sila ki te gen kouto digo file a. Li te di: “Mete kouto digo file ou a ladann. Ranmase grap sou pye rezen latè yo, paske fwi li yo mi.”

Zanj lan te voye kouto digo li a sou tè a. Li te ranmase grap sou pye rezen tè yo, e te jete yo nan 24gwo pèz diven kòlè Bondye a. Konsa, 25basen pèz diven an te foule anba pye deyò vil la, e san te sòti nan pèz diven an, rive nan brid cheval la pou yon distans de twa-san kilomèt.

Source notes (25)
  1. Cross-reference Rev 3:2
  2. Cross-reference Rev 1:15
  3. Cross-reference Rev 5:9
  4. Cross-reference Rev 7:4
  5. Cross-reference Sòm 2:2
  6. Cross-reference I Pi 1:25
  7. Cross-reference Rev 15:4
  8. Cross-reference És 21:9
  9. Cross-reference Jr 51:7
  10. Cross-reference Rev 13:12
  11. Cross-reference És 51:17
  12. Cross-reference Sòm 75:8
  13. Cross-reference És 34:8-10
  14. Cross-reference Rev 13:17
  15. Cross-reference Rev 13:10
  16. Cross-reference Rev 12:17
  17. Cross-reference I Tes 4:16
  18. Cross-reference Eb 4:9
  19. Cross-reference Dan 7:13
  20. Cross-reference Jl 3:13
  21. Cross-reference Mat 13:39-41
  22. Cross-reference Rev 11:19
  23. Cross-reference Rev 6:9
  24. Cross-reference És 63:2
  25. Cross-reference És 63:3

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.