Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 55

Pou direktè koral la; sou enstriman ak kòd yo

Yon Refleksyon David

Prete zòrèy a lapriyè mwen, O Bondye. 1

Pa kache Ou menm a siplikasyon mwen yo.

Prete atansyon a mwen e reponn mwen.

Mwen pa alèz nan plent mwen yo.

Anverite, mwen deranje nèt

akoz vwa lènmi an,

akoz presyon mechan an.

Paske yo 2pote twoub desann sou mwen.

Nan kòlè yo, yo pote rankin kont mwen. 3

Kè m twouble anndan m.

Sezisman lanmò fin tonbe sou mwen.

Laperèz avèk tranbleman fin rive sou mwen.

Mwen 4etone jiskaske m debòde.

Mwen te di: “O ke m te gen zèl kon toutrèl la!

Konsa, mwen ta sove ale pou 5twouve repo.

Mwen ta demere nan dezè a.”

Tande byen, mwen ta rive byen lwen.

Mwen ta 6ale rete nan savann nan. Tan

Mwen ta fè vit rive kote pou m kache kont 7van tanpèt la,

kont move tan an.

Mete yo nan konfizyon, O SENYÈ, 8divize lang yo,

paske mwen te wè vyolans avèk goumen nan vil la.

Lajounen kon lannwit, yo antoure vil la sou miray li yo.

Inikite avèk mechanste nan mitan li.

Destriksyon ladann. 9

Opresyon avèk desepsyon pa janm kite lari li yo.

Paske 10se pa lènmi an ki fè m repwòch.

Konsa, mwen ta kab sipòte l.

Ni se pa yon moun ki rayi mwen ki vin leve kont mwen.

Konsa, mwen ta kab kache de li.

Men se ou menm, yon nonm parèy mwen, konpanyen mwen ak zanmi mwen.

Nou menm, ki te fè kominyon dous ansanm,

ki te 11mache nan kay Bondye a nan mitan tout pèp la.

Pou sa a Kite lanmò rive sibitman sou yo.

Kite yo 12desann tou vivan kote mò yo ye.

Paske mechanste a nan abitasyon yo, pami yo, kote yo rete a.

Pou mwen, mwen va 13rele Bondye.

SENYÈ a va sove mwen. 14

Nan aswè, nan maten ak midi, mwen va plenyen e bougonnen.

Li va tande vwa m.

Li te rachte nanm mwen anpè,

soti nan batay ki kont mwen an,

malgre yo 15anpil, k ap lite avè m yo.

Bondye ki sou fotèy L jis pou tout tan,

va tande e reponn 16yo. Tan

Nan sila pa gen chanjman an.

Yo pa gen krent Bondye a.

Li te lonje men li kont moun ki te nan lapè avèk li a.

Li te 17vyole akò li a.

Pawòl li te pi dous pase bè,

men ak kè, li te fè lagè.

Pawòl li yo te 18pi dous pase lwil,

men se nepe rale yo te ye. 19

Voye fado ou sou SENYÈ a, e Li va bay ou soutyen.

Li p ap janm kite moun ladwati yo ebranle.

Men Ou menm, O Bondye, va rale yo desann nan fòs destriksyon an. 20

Moun ki vèse san e ki bay manti

p ap rive fè mwatye nan jou yo.

Men mwen menm va mete konfyans nan Ou.

Source notes (20)
  1. Cross-reference Sòm 27:9
  2. Cross-reference II Sam 16:7-8
  3. Cross-reference Sòm 38:8
  4. Cross-reference 21:6
  5. Cross-reference Job 3:13
  6. Cross-reference I Sam 23:14
  7. Cross-reference És 4:6
  8. Cross-reference Jen 11:9
  9. Cross-reference Sòm 10:7
  10. Cross-reference Sòm 41:9
  11. Cross-reference Sòm 42:4
  12. Cross-reference Nonb 16:30-33
  13. Cross-reference Sòm 57:2-3
  14. Cross-reference Sòm 141:2
  15. Cross-reference Sòm 56:2
  16. Cross-reference Sòm 36:1
  17. Cross-reference Nonb 30:2
  18. Cross-reference Sòm 12:2
  19. Cross-reference Sòm 37:5
  20. Cross-reference Sòm 5:6

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.