Bib Sen An
Sòm Yo 56
Pou direktè koral la. Yon powèm David lè Filisten yo te sezi li Gath.
Chante pa melodi “Toutrèl San Chanson Nan Peyi Lwen An”
Fè m gras, O Bondye, paske lòm fin foule m anba pye;
Nan goumen tout lajounen, li vin 1oprime mwen.
Lènmi m yo vle vale m tout lajounen.
Yo anpil! Tout sila ki goumen ak ògèy kont mwen yo.
Lè mwen pè, mwen va mete konfyans nan Ou.
Nan Bondye, mwen fè lwanj pawòl Li!
Nan Bondye, mwen te mete konfyans mwen.
Mwen p ap pè. 2
Kisa lòm ka fè m?
Tout lajounen, yo 3tòde pawòl mwen yo.
Tout panse yo kont mwen se pou mal.
Yo atake, yo kache, yo veye pa mwen yo.
Y ap 4tann pou rache lavi m.
Akoz mechanste sa a, 5jete yo deyò.
Nan kòlè Ou, fè desann moun sa yo, O Bondye!
Ou te byen konte tout egare mwen fè.
Mete tout gout dlo ki sòti nan zye m yo nan boutèy Ou.
Èske yo tout pa ekri nan 6liv Ou a?
Konsa, lènmi mwen yo va vire fè bak nan jou ke m rele a.
Men sa m byen konnen: Bondye pou mwen.
Nan Bondye, ma louwe pawòl li.
Nan SENYÈ a, ma louwe pawòl li.
Nan Bondye, mwen te mete konfyans mwen.
Mwen p ap pè. Kisa lòm ka fè m? 7
Ve Ou yo mare sou mwen, O Bondye.
Mwen va rann ofrann remèsiman a Ou menm.
Paske Ou te delivre nanm mwen soti nan lanmò.
Ou te anpeche 8pye mwen glise tonbe,
pou m ta kab mache devan Bondye
nan limyè a moun vivan yo.
Source notes (8)
- Cross-reference Sòm 17:9
- Cross-reference Sòm 118:6
- Cross-reference II Pi 3:16
- Cross-reference Sòm 71:10
- Cross-reference Sòm 36:12
- Cross-reference Mal 3:16
- Cross-reference Sòm 50:14
- Cross-reference Sòm 116:8
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.