Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 57

Pou direktè koral la; jwe a son Al-tashheth

Yon Mikhtam David, lè l te sove ale devan Saül nan kav la

Fè m gras, SENYÈ, O Bondye, fè m gras,

paske nanm mwen kache nan Ou.

Wi, nan 1lonbraj a zèl Ou, mwen va kache,

jiskaske destriksyon an fin pase.

Mwen va kriye a Bondye Pi Wo a,

a Bondye ki 2acheve tout sa m mande an.

Li va 3voye sòti nan syèl la pou sove mwen.

Li fè repwòch a sila ki foule mwen an. Tan

Bondye va voye fè rive lanmou dous Li ak verite Li.

Nanm mwen rete pami 4lyon yo.

Mwen oblije kouche pami sila k ap respire dife yo.

Fis a lòm yo menm ak dan kon frenn file,

epi lang yo kon yon epe file. 5

Leve anwo syèl yo, O Bondye;

Kite glwa Ou vin pi wo sou tout latè!

Yo te prepare yon gwo filè pou pa mwen yo;

Nanm mwen koube ba.

Yo te 6fouye yon fòs devan m.

Yo te tonbe nan mitan li. Tan 7

Kè m kanpe fèm, O Bondye,

kè m fèm.

Mwen va chante, wi mwen va chante lwanj!

Leve, 8glwa mwen! Leve ap avèk gita!

Mwen va fè maten vin leve. 9

Mwen va bay Ou remèsiman, O SENYÈ, pami pèp yo.

Mwen va chante lwanj ou pami nasyon yo.

Paske 10lanmou dous Ou a gran jis rive nan syèl yo,

epi verite Ou jis rive nan nwaj yo. 11

Leve anwo syèl yo, O Bondye.

Ke Glwa Ou kapab vin pi wo ke tout latè.

Source notes (11)
  1. Cross-reference Rt 2:12
  2. Cross-reference Sòm 138:8
  3. Cross-reference Sòm 18:16
  4. Cross-reference Sòm 35:17
  5. Cross-reference Sòm 57:11
  6. Cross-reference Sòm 7:15
  7. Cross-reference Sòm 112:7
  8. Cross-reference Sòm 16:9
  9. Cross-reference Sòm 108:3
  10. Cross-reference Sòm 36:5
  11. Cross-reference Sòm 57:5

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.