Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 58

Pou direktè koral la; Nan melodi la “Pa Detwi”. Yon Sòm David

Vrèman, èske nou pale ladwati, O lòt dye yo?

Èske nou 1 jije san fot, O fis a lòm yo?

Non, nan kè, nou 2 fòmante inikite.

Sou latè, nou peze balans pou separe

bay vyolans ak men nou.

Mechan yo pèvès depi nan vant.

Sila ki bay manti yo fè move wout depi nesans yo.

Yo gen pwazon tankou 3pwazon sèpan.

Kon vipè soud ki bouche zòrèy li,

pou li pa tande vwa a sila k ap chame li yo,

malgre se yon 4 majisyen abil k ap fè wanga.

O Bondye, 5kraze dan nan bouch yo!

Kase gwo dan a jenn lyon an, O SENYÈ.

Kite yo 6koule disparèt tankou dlo k ap kouri sou tè.

Lè flèch li yo parèt, kite yo fèt tankou shaf san tèt.

Kite yo tankou kalmason ki fonn,

ki vin disparèt pandan l ap mache,

tankou 7avòtman a yon fanm ki p ap janm wè solèy la.

Avan chodyè ou yo kab santi dife pikan yo,

Li va 8bale yo fè yo disparèt nan van toubiyon;

vèt ak sila kap brile yo, ansanm.

Moun ladwati a va rejwi lè l wè 9vanjans lan.

Li va lave pye li nan san a mechan yo,

pou moun yo di: “Anverite, gen yon rekonpans pou moun ladwati yo.

Anverite, genyen yon Bondye k ap jije latè!”

Source notes (9)
  1. Cross-reference Sòm 82:2
  2. Cross-reference Mal 3:15
  3. Cross-reference Det 32:33
  4. Cross-reference Ekl 10:11
  5. Cross-reference Job 4:10
  6. Cross-reference Jos 2:11
  7. Cross-reference Job 3:16
  8. Cross-reference Job 27:21
  9. Cross-reference Det 32:43

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.