Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 59

Pou direktè koral la; Nan melodi la “Pa Detwi”. Yon powèm David lè Saül te voye yo lakay pou touye l.

1

Delivre mwen de lènmi m yo, O Bondye mwen;

Plase mwen byen wo an sekirite

byen lwen de sila ki leve kont mwen yo.

Delivre m de sila ki fè inikite yo,

e sove mwen de 2moun ki vèse san yo.

Paske gade byen, yo 3fè anbiskad pou lavi m.

Mesye fewòs ki fè atak kont mwen yo,

pa akoz transgresyon mwen, ni peche m, O SENYÈ.

Se pa akoz mwen koupab ke yo vin kouri mete yo kont mwen an. 4

Leve Ou menm pou wè, e fè m sekou!

Ou menm, O SENYÈ Bondye dèzame yo, Bondye Israël la,

leve e pini tout nasyon yo.

Pa bay gras a moun mechan yo ki fè trèt nan inikite. Tan

Yo retounen nan aswè.

Yo rele tankou 5chen pandan yo antoure lavil la.

Gade byen, yo fè pete gwo gaz ak bouch yo. 6

Nepe yo nan lèv yo, paske yo di:

“Kilès ki tande”?

Men Ou menm, O SENYÈ, 7ri sou yo!

Ou menm, giyonnen tout nasyon sa yo.

O Fòs mwen, m ap veye tann Ou.

Bondye se 8 sitadèl mwen.

Bondye mwen an ak lanmou dous Li a, va devan m.

Bondye va kite mwen 9triyonfè sou advèsè mwen yo.

Pa fin touye yo, 10 sinon moun mwen yo ka bliye.

Gaye yo avèk pouvwa Ou, e rale fè yo desann,

O SENYÈ, boukliye nou an.

Akoz peche a bouch yo avèk pawòl lèv yo,

Kite yo 11sezi pran nan pwòp ògèy yo.

Paske se malediksyon avèk manti yo bay.

Detwi yo nan kòlè Ou!

Detwi yo pou yo disparèt nèt.

Pou Moun kab 12konnen se Bondye k ap renye sou Jacob,

jis rive sou tout latè. Tan

Kite yo 13retounen nan aswè.

Kite yo rele anlè tankou chen, pandan yo antoure vil la.

Y ap 14gaye toupatou.

Yap tann tout lanwit si yo pa satisfè.

Men pou mwen, mwen va chante de fòs Ou.

Wi, avèk jwa, mwen va chante sou lanmou dous Ou nan maten.

Paske Ou te toujou sitadèl mwen,

yon 15pwotèj nan jou gran twoub mwen an.

A Ou menm, gran fòs mwen, mwen va chante lwanj a Ou menm.

Paske Bondye se sitadèl mwen,

Bondye ki montre mwen lanmou dous la.

Source notes (15)
  1. Cross-reference Sòm 143:9
  2. Cross-reference Sòm 26:9
  3. Cross-reference Sòm 56:6
  4. Cross-reference Sòm 7:6
  5. Cross-reference Sòm 22:16
  6. Cross-reference Sòm 57:4
  7. Cross-reference Sòm 37:13
  8. Cross-reference Sòm 9:9
  9. Cross-reference Sòm 54:7
  10. Cross-reference Det 4:9
  11. Cross-reference So 3:11
  12. Cross-reference Sòm 83:18
  13. Cross-reference Sòm 59:6
  14. Cross-reference Job 15:23
  15. Cross-reference II Sam 22:3

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.