Bib Sen An
Sòm Yo 60
Pou direktè koral la; selon melodi “Lis Akò La”.
Yon powèm David, pou enstwi; lè l te lite avèk Aram-Naharaim e avèk Aram-Zobah; epi, Joab te retounen e te frape douz-mil Edomit nan Vale Sèl la.
O Bondye, 1 Ou te rejte nou.
Ou te kraze nou.
Ou te fache.
O restore nou ankò.
Ou te fè 2 latè tranble.
Ou te fann li pou l ouvri.
Geri brèch li yo, paske l ap sekwe.
Ou te 3 fè pèp Ou a wè anpil bagay di.
Ou te bay nou diven pou bwè ki fè nou toudi.
Ou te bay yon drapo pou sila ki gen lakrent Ou yo,
pou fè l byen parèt akoz verite a. Tan
Pou 4 byeneme Ou yo kab delivre,
Sove avèk men dwat Ou e reponn nou!
Bondye te pale nan sentete Li:
“Mwen va triyonfe!
Mwen va divize Sichem
e tire yon lin nan vale 5Succoth la.
Galaad se pou Mwen e Manassé se pa M.
Anplis, Éphraïm se kas sou tèt Mwen.
Juda se 6baton wayal Mwen an.
Moab se basen lave Mwen.
Sou 7Edom, Mwen va jete soulye Mwen.
Mwen rele viktwa sou peyi Filisten yo.”
Kilès k ap fè m rive nan vil fòterès la?
Kilès k ap mennen mwen antre Edom?
Èske Ou menm, SENYÈ a, pa t 8 rejte nou?
Epi èske Ou p ap sòti avèk lame nou yo, O Bondye?
O bannou sekou kont advèsè a,
paske delivrans pa lòm se an ven.
Nan Bondye, nou va fè bèl bagay yo ak gwo kouraj.
Se Li menm ki va foule lènmi nou yo anba pye.
Source notes (8)
- Cross-reference Sòm 44:9
- Cross-reference Sòm 18:7
- Cross-reference Sòm 66:12
- Cross-reference Det 33:12
- Cross-reference Jen 33:17
- Cross-reference Jen 49:10
- Cross-reference II Sam 8:2-14
- Cross-reference Sòm 60:1
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.