Bib Sen An
Sòm Yo 61
Pou direktè koral la; sou yon enstriman a kòd; Yon Sòm David
Koute kri mwen, O Bondye.
Prete atansyon a lapriyè mwen.
Soti nan dènye pwent latè,
mwen rele Ou lè kè m fèb;
Mennen mwen sou wòch
ki pi wo pase m nan.
Paske Ou te yon refij pou mwen,
yon fò ki wo,
yon gran fòs kont lènmi yo.
Kite mwen 1 rete nan tant Ou an jis pou tout tan.
Kite mwen pran refij anba zèl Ou. Tan
Paske Ou te koute ve mwen yo, O Bondye.
Ou te ban mwen eritaj a sila ki 2gen krent non Ou yo.
Ou va fè lavi a wa a byen long.
Ane li yo va tankou anpil jenerasyon.
Li va abite devan SENYÈ a jis pou tout tan.
Senyè, bay li 3lanmou dous avèk verite pou li kapab andire.
Konsa, mwen va chante lwanj Ou jis pou tout tan.
Konsa, m kapab peye ve mwen yo jou apre jou.
Source notes (3)
- Cross-reference Sòm 23:6
- Cross-reference Det 28:58
- Cross-reference Sòm 40:11
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.