Bib Sen An
Sòm Yo 62
Pou direktè koral la; selon Jeduthun; Yon Sòm David
Nanm mwen ap poze sèl nan Bondye.
Sali m se nan Li.
Se Li sèl ki 1 wòch mwen, sali mwen, ak sitadèl mwen.
Menm gwo sò p ap boulvèse m.
Pou jiskilè, nou va atake yon nonm?
Alò, èske nou ta touye li, nou tout,
tankou yon 2 miray k ap panche?
Tankou yon kloti k ap kraze?
Yo plen entansyòn pou pouse li soti nan wo pozisyon li.
Yo 3 pran plezi nan tout sa ki fo.
Yo beni avèk bouch yo, men anndan yo bay madichon.
Nanm mwen 4 tann an silans sèlman Bondye.
Paske espwa mwen se nan Li.
Li se sèl ki 5 wòch mwen, sali mwen, ak sitadèl mwen.
Mwen p ap ebranle menm. 6
Sali mwen an, avèk glwa mwen rete nan Bondye.
Wòch fòs mwen an, ak kote pou m kache, se nan Bondye.
Mete konfyans nan Li tout tan, O pèp la. 7
Vide kè nou devan Li.
Bondye se yon refij pou nou.
Moun nan 8 pozisyon ba yo se sèl yon souf nan van.
Moun ki plase wo yo se manti.
Nan pèz balans yo, se monte, yap monte.
Ansanm menm, yo pi fay ke yon souf.
Pa mete konfyans nan peze kou moun desann.
Ni pa mete fo espwa nan 9vòlè.
Si richès nou ogmante, pa mete kè nou sou yo.
Yon fwa, Bondye te pale.
De fwa, mwen gen tan tande sa:
Ke pouvwa, se pou Bondye.
Epi anplis, lanmou dous se pou Ou, O Senyè.
Paske Ou bay rekonpans a lòm selon
zèv li yo.
Source notes (9)
- Cross-reference Sòm 89:26
- Cross-reference És 30:13
- Cross-reference Sòm 4:2
- Cross-reference Sòm 62:1
- Cross-reference Sòm 62:2
- Cross-reference Sòm 85:9
- Cross-reference I Sam 1:15
- Cross-reference Sòm 49:2
- Cross-reference És 61:8
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.