Bib Sen An
Sòm Yo 63
Yon Sòm David, lè l te nan dezè Juda a.
O Bondye, Ou se Bondye mwen.
Mwen va chache Ou ak tout kè m.
Nanm mwen 1 swaf pou Ou.
Chè m anvi Ou nan yon peyi epwize e sèch kote nanpwen dlo.
Konsa, mwen 2 te wè Ou nan sanktyè a,
ak pouvwa Ou, ak laglwa Ou.
Akoz 3 lanmou dous Ou pi bon pase lavi,
lèv mwen va louwe Ou.
Pou sa, mwen va beni Ou 4 tout tan ke m viv.
Mwen va leve men m nan non Ou.
Nanm mwen 5 satisfè konsi avèk ma zo ak grès,
e bouch mwen ap ofri lwanj
avèk lèv ranpli de jwa.
Lè m sonje Ou sou kabann mwen,
mwen medite sou Ou nan 6vèy de nwi an.
Paske Ou te konn sekou mwen.
Nan 7 lonbraj a zèl Ou, mwen chante ak jwa.
Nanm mwen 8 kole ak Ou.
Men dwat Ou fè m kenbe.
Men sila ki chache lavi mwen pou detwi li yo,
va desann 9jis nan fon latè.
Yo va 10 livre a pouvwa nepe.
Yo va tounen manje pou rena mawon.
Men Wa a va rejwi nan Bondye.
Tout moun ki sèmante pa Li menm yo, va twouve glwa.
Paske bouch a sila ki bay manti yo, va fèmen.
Source notes (10)
- Cross-reference Sòm 42:2
- Cross-reference Sòm 27:4
- Cross-reference Sòm 69:16
- Cross-reference Sòm 104:33
- Cross-reference Sòm 36:8
- Cross-reference Sòm 16:7
- Cross-reference Sòm 17:8
- Cross-reference Nonb 32:12
- Cross-reference Sòm 55:15
- Cross-reference Jr 18:21
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.